Vini, Suiv Mwen
4–10 Fevriye. Matye 4; Lik 4–5: ‘Lespri Senyè a sou mwen’


“4–10 Fevriye Matye 4; Lik 4–5: ‘Lespri Senyè a desann sou mwen’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“4–10 Fevriye Matye 4–20; Mak 4; Lik -5,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2019

Imaj
Kris la triyonfe sou Satan

Kris la triyonfe sou Satan, pa Robert T. Barrett

4–10 Fevriye.

Matye 4; Lik 4:-5

“Lespri Senyè a sou mwen”

Kòmanse pa li Matye 4 ak Lik 4–5, epi pote atansyon a nenpòt ide ou resevwa. Ide pou etid yo nan plan leson sa a ka ede w idantifye prensip enpòtan yo nan chapit sa yo.

Ekri enpresyon ou

Depi nan jenès li, Jezi sanble l te konsyan ke l te gen yon misyon sakre san parèy. Men pandan l t ap prepare l pou l te kòmanse ministè li sou tè a, advèsè a te chèche mete dout nan lespri Sovè a. “Si w se Pitit Bondye,” Satan te di (Lik 4:3, italik ajoute). Men, Sovè a te an kominyon avèk Papa l ki nan Syèl la. Li te konnen ekriti yo, epi li te konn kiyès li te ye? Pou limenm, òf Satan an—“M ap ba ou tout pouvwa” a (Lik 4:6)—sete yon òf initil, paske preparasyon Sovè a pandan tout lavi li te pèmèt li resevwa “pouvwa Lespri a” (Lik 4:14). Konsa, malgre tantasyon, epèv, ak rejè, Jezikri pa t janm detounen l de travay li te gen pou l te fè a: “Mwen dwe preche wayòm Bondye a … paske se poutèt sa yo voye mwen” (Lik 4:43).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

Matye 4: 1–2

Rete an kominyon avèk Bondye prepare m pou m sèvi li.

Pou l te prepare l pou misyon l lan, Jezi t al nan dezè a pou l te ka “avèk Bondye” (Joseph Smith Tradiksyon, Matye 4:1 [nan Matye 4:1, referans b]). Panse ak sa w fè pou santi w pi pwòch Bondye. Kijan sa prepare w pou travay li vle pou w fè a?

Matye 4:1–11; Lik 4:1–13

Jezikri tabli egzanp lan pou mwen paske l te reziste anba tantasyon.

Pafwa moun konn santi yo koupab lè yo jwenn tantasyon pou yo peche. Men, menm Sovè a, ki te viv “san peche” (Ebre 4:15), te jwenn tantasyon. Sa ka rekonfòtan pou n konnen ke, paske Kris la te fè fas ak tantasyon epi l te simonte yo, li konn tantasyon n ap rankontre yo e li ka ede nou simonte yo (gade Ebre 2:18; Alma 7:11–12).

Pandan w ap li Matye 4:1–11 ak Lik 4:1–13, kisa w aprann ki ka ede w lè w ap fè fas ak tantasyon? Ou ka òganize panse ou nan yon tablo tankou sa a:

Jezikri

Mwenmenm

Jezikri

Kisa Satan te tante Kris la pou l te fè?

Itilize pouvwa li pou satisfè grangou li.

Mwenmenm

Kisa Satan tante m pou m fè?

Jezikri

Poukisa Kris la te prepare pou l te reziste anba tantasyon?

Li te jene; li t al jwenn Bondye pou l te avèk li; li te konnen ekriti yo.

Mwenmenm

Kijan m ka prepare m pou m reziste anba tantasyon?

Jezikri

Mwenmenm

Ki lòt ide adisyonèl ou jwenn nan Joseph Smith Tradiksyon Matye 4 la? gade referans yo nan tout Matye 4 la).

Gade tou 1 Korentyen 10:13; Alma 13:28; Moyiz 1:10–22; “Tantasyon,” Sijè Levanjil, topics.lds.org.

Lik 4:16–32

Jekri se Mesi yo te pwofetize a.

Si yo ta mande w pou w dekri kisa yo te voye Jezikri sou tè a pou l te fè, kisa w t ap di? Nan Lik 4:18–19, Sovè a te dekri aspè pwòp misyon li kote l te site pwofesi Ezayi te bay konsènan Mesi a (gade Ezayi 61:1–2). Kisa w aprann apwopo misyon l lan lè w li vèsè sa yo?

Imaj
Jezi k ap anseye nan yon sinagòg

Jezikri te temwaye ke l se Mesi a.

Malgre ke depi dè syèk Juif yo t ap tann pou pwofesi Ezayi a te akonpli, anpil ladan yo pa t aksepte ke Jezi sete Mesi a lè l te deklare: “Jodia, ekriti sa a nou sot tande a akonpli” (Lik 4:21). Pandan w ap li Lik 4:20–30 (gade Mak 6:1–6 tou), eseye mete tèt ou nan plas pèp Nazarèt la. Èske gen yon bagay ki ta ka anpeche w totalman aksepte Kris la kòm Sovè pèsonèl ou?

Gade Mozya 3:5–12; “Jezi deklare ke l se Mesi a” (videyo, LDS.org) tou.

Matye 4:18–22; Lik 5:1–11

Si m fè Senyè a konfyans, li ka ede m atenn potansyèl divin mwen.

Prezidan Ezra Taft Benson te anseye: “Gason ak fi ki konsakre lavi yo bay Bondye yo dekouvri ke li ka fè plis bagay ak lavi yo pase yo kapab” (Enseignements des présidents de l’église: Ezra Taft Benson [2014], 42). Se sa k te rive pou Pyè ak konpayon pechè pwason l yo. Jezi te ede yo pran konsyans ke yo te ka fè plis pase peche pwason—yo te ka vin “pechè moun” (Matye 4:19; gade Lik 5:10) tou. Pou l te ede yo wè sa, Jezi te itilize eksperyans ki te familye pou yo.

Nan ki okazyon ou konn santi Senyè a aple w pou w suiv li? Kijan w ka montre Senyè a ke w dispoze pou w “[abandone] tout bagay” (Lik 5:11) pou w ka suiv li? Medite sou kesyon sa yo pandan w ap li Matye 4:18–22 ak Lik 5:1–11.

Gade “Viens et suis-moi,” Cantiques, no. 61 tou.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Lè w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konnen sou ki prensip ou bezwen mete aksan ak diskite pou w ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk sigjesyon:

Matye 4:1-2; Lik 4:1-2

Jezi te jene anvan l te tante pa advèsè a. Ki ide nou ka jwenn nan resi sa a sou pouvwa jèn? Enfòmasyon yo bay nan “Jèn ak Ofrann Jèn,” Sujets de l’évangile, topics.lds.org yo ka ede w dirije yon diskisyon familyal sou jèn. Ou gen dwa envite manm fanmi ou pou pataje eksperyans yo te fè avèk jèn. Petèt fanmi an ta gen dwa planifye pou yo jene ansanm pou yon bi byen presi.

Matye 4:3-4; Lik 4:3-4

Lè Satan te tante Kris la pou l te fè wòch yo tounen pen an, li te mete divinite Kris la an dout lè l te di: “Si w se Pitit Bondye” (Matye 4:3, italik ajoute). Poukisa Satan eseye fè nou doute idantite divin nou? Kijan l eseye fè sa? (Gade tou Moyiz 1:10–23.)

Tradiksyon Joseph Smith, Matye 4:11

Apre Jezi te fin teste fizikman ak spirityèlman an, panse l te vire vè bezwen Jan Batis, ki te nan prizon: “Epi, Jezi te konnen ke yo te mete Jan nan prizon, epi li te voye zanj, epi, gade, yo te ale epi yo te sèvi li [Jan]” (Joseph Smith Tradiksyon, Matye 4:11 [in Matye 4:11, referans a). Ki benediksyon nou resevwa lè nou suiv egzanp Kris la pou n panse avèk lòt moun anvan nou panse ak tèt nou? Kijan nou ka suiv egzanp li?

Lik 4:16–21

Èske nou konn yon moun ki gen kè brize oubyen ki bezwen pou yo “libere li”? (Lik 4:18). Kijan nou ka ede lòt moun resevwa gerizon ak delivrans Sovè a? Ou gen dwa diskite sou kijan akonpli òdonans tanp yo ede nou pote “delivrans pou kaptif yo” (Lik 4:18).

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore ansèyman nou

Viv Levanjil Jezikri a. “Petèt bagay ki pi enpòtan w ka fè [antanke paran oubyen enstriktè] se ... viv levanjil la ak tout kè ou. ... Sa se mwayen prensipal pou w ka kalifye pou konpayi Sentespri a. Ou pa bezwen pafè, jis eseye avèk dilijans—epi mande padon atravè Ekspyasyon Sovè a chak fwa w bite” (Anseye nan fason Sovè a, 13).

Imaj
Jezikri aple Apot yo pou yo vin “pechè lèzòm”.

Apèl la, pa Jorge Cocco

Enprime