Vini, Suiv Mwen
21-27 Janvye. Jan 1: Nou jwenn Mesi a


“21-27 Janvye. Jan 1: Nou jwenn Mesi a,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“21-27 Janvye. “Jan 1,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2019

Imaj
yon fi k ap pataje levanjil la nan yon estasyon tren

21-27 Janvye.

Jan 1

Nou jwenn Mesi a

Lè w ap li Jan 1 an, ekri enpresyon spirityèl ou resevwa yo. Ki mesaj ou jwenn ki ap gen plis valè pou oumenm ak fanmi ou? Kisa w ka pataje nan klas ou yo nan Legliz la?

Ekri enpresyon ou

Èske w janm mande tèt ou si w t ap rekonèt Jezi Nazarèt kòm Pitit Gason Bondye a si w te vivan pandan ministè li nan mòtalite a? Pandan dèzane, Izrayelit fidèl, tankou Andre, Pyè, Filip, ak Natanyèl t ap tann epi priye pou Mesi yo te pwomèt la te vini. Lè yo te rankontre li, kijan yo te fè konnen ke l sete Moun yo t ap chèche a? Menm fason nou tout vin aprann konnen Sovè a—nan aksepte envitasyon l lan pou “vini epi gade” pou tèt pa nou an (Jan 1:39). Nou li osijè li nan ekriti yo. Nou tande doktrin ni an. Nou obsève fason l te viv. Nou santi Lespri li. Alalong, nou dekouvri, jan Natanyèl te dekouvri a, ke Sovè a konnen nou e li renmen nou epi li vle prepare nou pou n resevwa “pi gwo bagay” toujou (Jan 1:50).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

Levanjil Jan an

Kiyès Jan te ye?

Jan sete yon disip Jan Batis epi nan apre li te vin youn nan premye disip Jezikri yo ak youn nan Douz Apot li yo. Li te ekri Levanjil Jan an, plizyè epit, ak liv Revelasyon an. Nan Levanjil li a, li fè referans ak tèt li kòm disip “Jezi te renmen an” ak “lòt disip la” (Jan 13:23; 20:3). Zèl Jan te genyen pou preche levanjil la te sitèlman gran ke l te mande pou l te rete sou tè a jiska Dezyèm Vini Sovè a pou l te ka pote nanm al jwenn Kris la (gade DA 7:1–6).

Gade Diksyonè Bib la tou, “Jan” ak “Jan, Levanjil.”

Jan 1:1–5

Jezikri te “nan kòmansman an avèk Bondye.”

Jan te kòmanse Levanjil li a kote l te dekri travay Kris la te fè anvan l te fèt: “Nan kòmansman an ... Pawòl la [Jezikri] te avèk Bondye.” Kisa w aprann nan vèsè 1–5 yo sou Sovè a ak travay li? Ou ka jwenn klarifikasyon itil nan Tradiksyon Joseph Smith, Jan 1:1–5 la (nan apendiks Bib la). Lè w ap kòmanse etidye lavi Sovè a, poukisa li enpòtan pou w konnen osijè travay premòtèl li?

Gade “Jezikri te chwazi kòm Sovè,” Gospel Topics, topics.lds.org tou.

Jan 1:1–18

Disip Jezikri yo rann temwayaj de li.

Jan te santi l pouse pou l te chèche Sovè a gras ak temwayaj Jan Batis, ki te deklare ke yo “te voye l pou l rann temwayaj konsènan … vrè Limyè a” (Jan 1:8–9, 15–18). Jan limenm te rann yon temwayaj puisan sou lavi ak misyon Sovè a.

Sa ta ka enteresan w pou w ta fè yon lis sou verite Jan enkli nan temwayaj li te fè pou prezante Kris la (vèsè 1–18; gade tou Joseph Smith Tradiksyon, Jan 1:1–19 [nan apendiks Bib la]). Poukisa w panse Jan kòmanse Levanjil li a avèk verite sa yo? Panse pou w ekri temwayaj ou konsènan Jezikri—kisa w ta renmen pataje? Ki eksperyans ki te ede w in konnen Sovè a ak suiv li? Kiyès ki ta kapab beni nan koute temwayaj ou?

Jan 1:12

Kisa sa vle di pou yon moun “vin pitit Bondye”?

Byenke nou tout se pitit gason ak pitit fi lespri Bondye, lè nou peche, nou vin etranje pou li epi nou separe nou de li. Jezikri ofri nou yon mwayen pou n retounen. Atravè sakrifis ekspyatwa l la ak obeyisans nou nan alyans levanjil yo, li “[ba nou] pouvwa pou nou vin pitit gason [ak pitit fi] Bondye” ankò. Nou nedenouvo epi nou vin rekonsilye avèk Papa nou, diy pou eritaj etènèl li a ak eritye tout sa l genyen (gade Women 8:14–18; Jakòb 4:11).

Jan 1:18

Èske gen yon moun ki wè Bondye?

Ansyen Testaman an ranpli ak egzanp moun ki te wè Bondye (gade Jenèz 32:30; Egzòd 33:11; Ezayi 6:5). Konsa, poukisa Jan Batis di ke “okenn moun pa jamè wè Bondye”? Tradiksyon Joseph Smith fè pou vèsè sa a (gade Jan 1:18, referans c) klarifye ke Bondye Papa a parèt devan lòm, epi lè l fè sa, li rann temwayaj de Pitit Gason l lan. Paregzanp, lè l te parèt devan Joseph Smith la nan Boskè Sakre a, li te di Joseph: “Men Pitit Gason Byeneme m nan. Koute li!” (Joseph Smith—Istwa 1:17; gade DA 76:23) tou. Gen plizyè lòt okazyon kote moun te wè Bondye Papa a nan vizyon (gade Travay 7:55–56; Revelasyon 4:2; 1 Nefi 1:8; DA 137:1–3) oubyen te tande vwa li k ap rann temwayaj de Pitit la (gade Matye 3:17; 17:5; 3 Nefi 11:6–7).

Jan 1:19–23

Kiyès ki Elyas la, e kiyès “pwofèt sa a” ye?

Dirijan Juif yo t ap mande tèt yo si ministè Jan Batis la sete akonplisman ansyen pwofesi sou pwofèt ki te gen pou vini pami pèp la yon jou yo. Yo te mande l si l sete Elyas, ki se yon fòm Grèk pou Eli, non pwofèt yo te pwofetize ki t ap retabli tout bagay la (gade Malachi 4:5–6). Yo te mande l si l sete “pwofèt sa a,” petèt pou yo te fè referans ak “Pwofèt” yo mansyone nan Detewonòm 18:15 la. Jan te eksplike ke li pa t youn nan pwofèt sa yo men li sete pwofèt Ezayi te di ki t apral prepare chemen pou vini Senyè a (gade Ezayi 40:3).

Gade Diksyonè Bib la tou, “Elyas.”

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Lè w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konnen sou ki prensip ou bezwen mete aksan ak diskite pou w ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk sigjesyon:

Imaj
yon tifi k ap li ekriti yo

Si nou etidye ekiriti yo, n ap resevwa enspirasyon pou lavi nou.

Jan 1:4–10

Kijan w ka ede manm fanmi w vizyalize sa y ap li nan vèsè sa yo osijè limyè a? Ou gen dwa fè yo chak pran tan pou yo limen yon limyè nan yon sal fènwa oubyen pou yo di kijan Sovè a se Limyè lavi yo. Apresa, pandan w ap li Jan 1:4–10 la, manm fanmi w yo gen dwe jwenn ide adisyonèl nan temwayaj Jan sou Jezikri, Limyè mond lan.

Jan 1:35–46

Gade temwayaj Jan Batis la nan vèsè 36 la. Ki sa k te rezilta temwayaj li a? (gade vèsè 35–46). Kisa fanmi w aprann nan men moun yo dekri nan vèsè sa yo sou pataje levanjil la?

Jan 1:45–51

Kisa Natanyèl te fè ki te ede l akeri yon temwayaj konsènan Sovè a? Kijan nou akeri temwayaj pa nou?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore ansèyman nou

Prezante leson objè. Envite manm fanmi an pou yo chèche jwenn objè yo ka itilize pou ede yo konprann prensip ki nan ekriti n ap li ansanm an fanmi yo. Paregzanp, yo gen dwa itlize yon balèn pou reprezante Limyè Kris la (gade Jan 1:4).

Imaj
Jezikri k ap kreye tè a

Jewova kreye tè a, pa Walter Rane

Enprime