Vini, Suiv Mwen
7–13 Janvye. Matye 1; Lik 1: ‘Se pou sa fèt selon jan w di a’


“7–13 Janvye. Matye 1; Lik 1: ‘Se pou sa fèt selon jan w di a’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“7–13 Janvye. Matye 1; Lik 1,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2019

Imaj
Mari ak Mat

7–13 Janvye.

Matye 1; Lik 1

“Se pou sa fèt selon jan w di a”

Pandan w ap li Matye 1 ak Lik 1an, ekri enpresyon espirityèl ou resevwa yo. Ki verite doktrinal ou jwenn? Ki mesaj ki ap gen plis valè pou oumenm avèk fanmi ou? Ide pou etid yo bay nan plan leson sa a ka ede w dekouvri lòt ide adisyonèl.

Ekri enpresyon ou

Nan yon pwendvi mòtèl, sa te enposib. Yon vyèj pa ta ka fè pitit. Ni yon fi steril ki te deja grandman depase laj pou l te fè pitit. Men Bondye te gen yon plan pou Pitit Gason l lan ak pou Jan Batis, konsa, Mari ak Elizatèt te vin manman, malgre tout konsiderasyon terès. Li ta ka bon pou w sonje eksperyans mirakile yo te fè yo, lè yo te anfas yon bagay ki te sanble l enposib la. Èske nou ka simonte feblès nou? Èske nou ka touche kè yon manm fanmi ki ensansib? Gabryèl te gen dwa ap pale avèk nou tou lè l te raple Mari, “Pa gen anyen ki enposib pou Bondye” (Lik 1:37) a. Epi repons Mari a ta ka repons pa nou tout lè Bondye revele volonte li: “Se pou sa fèt jan w di a” (Lik 1:38).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

Levanjil Matye ak Lik

Kiyès Matye ak Lik ye?

Matye sete yon pibliken Juif, oswa kolektè kontribisyon, ke Jezi te aple kòm youn nan Apot li yo Matye 10:3; gade Bible Dictionary, “Publicans”). Matye te ekri Levanjil li a prensipalman pou konsitwayen Juif li yo; se poutèt sa, li te chwazi pou l te mete aksan sou pwofesi Ansyen Testaman yo sou Mesi a ki te akonpli atravè lavi ak ministè Jezi a.

Lik sete yon Janti, yon doktè (ki pa t Juif) ki te vwayaje avèk Pòl. Li te ekri Levanjil li a apre lanmò Sovè a, prensipalman pou lektè ki pa t Juif yo. Li te temwaye de Jezikri kòm Sovè Juif yo ak Janti yo. Li te ekri sou evenman nan lavi Sovè a ke moun te temwen, epi li te rakonte plis istwa ki enplike fi yo pase lòt Evanjelis yo.

Gade Diksyonè Bib la tou, “Levanjil,” “Matye,” “Lik.”

Matye 1:18–25; Lik 1:28–35

Poukisa Sovè a te dwe fèt pa yon manman mòtèl ak yon Papa imòtèl?

Prezidan Russell M. Nelson te eksplike ke Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a “te mande yon sakrifis pèsonèl pa yon èt imòtèl ki pa t sijè anba lanmò. Men, li te dwe mouri epi reprann kò li ankò. Sovè a sete sèl moun ki te ka akonpli bagay sa a. Nan men manman l, li te eritye pouvwa pou l te mouri. Nan men Papa l, li te jwenn pouvwa sou lanmò” (“Constancy amid Change,” Ensign, Nov. 1993, 34).

Lik 1:5–25, 57–80

Bondye akòde nou benediksyon nan moman ke l deside.

Pou kèlkeswa rezon yo, kalandriye Bondye a te deside ke benediksyon Elizabèt ak Zakari te vle, pou yo te gen yon pitit la, t ap vin pi ta anpil pase yo te espere. Si w twouve w oblije tann yon benediksyon, oubyen, si Bondye sanble l pa tande priyè ou, istwa Elizabèt ak Zakari a ka yon rapèl pou fè w sonje ke li pa bliye ou. Li gen yon plan pou ou, e l ap toujou kenbe pwomès li fè Sen fidèl li yo. Jan èldè Jeffrey R. Holland pwomèt la: “Kèk benediksyon vini byen vit, kèk lòt vini nan apre, epi gen lòt ki pap vini pazavan nou nan syèl la; men, pou moun ki anbrase levanjil Jezikri yo, yo vini kanmèm” (“An High Priest of Good Things to Come,” Ensign, Nov. 1999, 38). Kijan Zakari ak Elizabèt te rete fidèl? (gade Lik 1:5–25, 57–80). Èske w touve w ap tann yon benediksyon? Kisa w santi Senyè a vle nan men w pandan w ap tann nan?

Ki lòt mesaj Senyè a ka genyen pou ou nan istwa sa a?

Imaj
Elizabèt ak Zakari ak Jan, tibebe

Apre yo te fin tann fidèlman, Elizabèt ak Zakari te gen benediksyon pou yo te fè yon tigason.

Matye 1:18–25; Lik,1:26–38

Moun ki fidèl yo soumèt yo volontèman anba volonte Bondye.

Tankou Mari, nou pafwa twouve ke plan Bondye genyen pou lavi nou yo trè diferan avèk sa nou te planifye. Kisa w aprann nan men Mari osijè aksepte volonte Bondye? Nan tablo apre yo, ekri deklarasyon zanm lan ak pa Mari yo (gade Lik 1:26–38), ansanm avèk mesaj ou jwenn nan deklarasyon yo te fè yo:

Pawòl zanj la te di Mari

Mesaj pou mwen

Pawòl zanj la te di Mari

“Senyè a avèk ou” (vèsè 28).

Mesaj pou mwen

Senyè a konn sitiyasyon m ak pwoblèm mwen.

Pawòl zanj la te di Mari

Mesaj pou mwen

Pawòl zanj la te di Mari

Mesaj pou mwen

Reyaksyon Mari.

Mesaj pou mwen

Reyaksyon Mari.

“Kijan sa ka fè fèt?” (vèsè 34).

Mesaj pou mwen

Sa OKE pou m poze kesyon lè m pa konprann.

Reyaksyon Mari.

Mesaj pou mwen

Reyaksyon Mari.

Mesaj pou mwen

Pandan w ap li sou egzanp ladwati Joseph nan Matye 1:18–25 la, kisa w aprann sou aksepte volonte Bondye? Kisa w ta ka aprann nan eksperyans Zakari ak Elizabèt yo? (gade Lik 1).

Gade Mozya 3:19; Lik 22:42; Elaman 10:4–5; Diksyonè Bib la, “Gabriel.”

Lik ,1: 46–55

Mari temwaye de misyon Jezikri a.

Pawòl Mari yo nan Lik 1:46–55 la predi kèk aspè nan misyon Sovè a. Kisa w aprann osijè Jezikri nan deklarasyon Mari yo? Ki lòt ide adisyonèl ou jwenn osijè benediksyon Sovè a ofri yo lè w konpare vèsè sa yo avèk pawòl Anne yo ki nan 1 Samyèl 2:1–10 yo epi avèk Beyatitid Jezi yo nan Matye 5:4–12 la? Kisa Lespri a anseye w lè w ap medite sou ide sa yo?

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi w lan, Lespri ka ede w konnen sou ki prensip pou w mete aksan ak kiyès pou w diskite pou w ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk sigjesyon:

Matye 1:1–17

Pandan fanmi w ap li jeneyaloji Jezi a, ou gen dwa eksplike ke jeneyaloji sa a bay lineyaj wayal li atravè Joseph remonte jiska Wa David. Lineyaj sa a te enpòtan paske yo te pwofetize ke Mesi a t ap soti nan lineyaj David (gade Jeremi 23:5–6). Sa kapab yon bon opòtinite pou w diskite pwòp istwa familyal pa w ak pou w pataje kèk istwa sou zansèt ou yo. Kijan konnen istwa familyal ou kapab yon benediksyon pou fanmi ou?

Matye 1:20; Lik 1:13, 30

Poukisa moun nan vèsè sa yo te pè? Kisa k fè nou pè? Ki fason Bondye ta ka mande nou pou nou “pa pè”?

Lik 1:37

Pou ede fanmi w akeri lafwa ke “anyen pa enposib pou Bondye,” nou gen dwa chèche nan Lik 1 ansanm pou n ka jwenn kèk bagay Bondye te fè ke nou ta ka konsidere kòm bagay enposib. Ki lòt istwa yo ta ka pataje—nan ekriti yo oubyen nan lavi yo—kote Bondye te fè kèk bagay ki te aparaman enposib? Yon rechèch nan tout Liv Ilistrasyon Levanjil la ta ka ede yo panse sou kèk ide tou.

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore ansèyman nou

Aplike ekriti yo nan lavi nou. Lè w fin li yon pasaj ekriti, envite manm fanmi w yo pou yo aplike l nan lavi yo (gade Anseye nan fason Sovè a, 21). Paregzanp, kijan nou ka aplike sa nou aprann sou fason pou n reponn a apèl Senyè a nan reyaksyon moun yo nan Matye 1 ak Lik 1 yo?

Imaj
Gabriyèl parèt devan Mari

Ou beni pase tout fi, pa Walter Rane

Enprime