Vini, Suiv Mwen
14–20 Janvye. Lik 2; Matye 2: Nou vini pou n adore li


“14–20 Janvye. Lik 2; Matye 2: Nou vini pou n adore li,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“14–20 Janvye. Lik 2; Matye 2,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2019

Imaj
Wa Maj k ap vwayaje sou chamo

Annou adore li pa Dana Mario Wood

14–20 Janvye.

Lik 2; Matye 2

Nou vini pou n adore li

Kòmanse pa li Lik 2 ak Matye 2, epi pote atansyon sou enpresyon espirityèl w ap resevwa yo. Ide pou etid yo prezante nan plan sa a kapab ede w idantifye kèk nan prensip ki pi enpòtan ak pi apwopriye yo nan chapit sa yo.

Ekri enpresyon ou

Depi jou nesans li a, sa te klè ke Jezi pa t yon timoun òdinè. Se pa t sèlman nouvo etwal nan syèl yo oubyen pwoklamasyon zanj yo ki te fè anfans Jezi gen yon karaktè unique konsa. Sete lefèt ke, yon kantite moun fidèl—ki te soti nan diferant nasyon, pwofesyon, ak orijin—te santi yo imedyatman atire vè li. Menm anvan l te lanse envitasyon “vini, suiv mwen” an, yo te vini (Lik 18:22). Natirèlman, se pa t tout moun ki te vin jwenn ni—gen anpil moun ki pa t menm pote atansyon sou li, epi yon wa jalou te menm chèche retire lavi li. Men, moun enb, pur, ak devwe ki t ap chèche lajistis yo te jwenn sa yo t ap chèche a nan li. Devouman yo enspire devouman pa nou, paske “bòn nouvèl” yo te pote bay bèje yo sete pou “tout moun,” epi “Sovè a, ki se Kris, Senyè a” te fèt jou sa a pou nou tout (gade Lik 2:10–11).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

Lik 2:1–7

Jezikri te fèt nan kondisyon ki te enb anpil.

Byenke Jezikri te gen laglwa bò kot Papa a “anvan mond lan te kreye” (Jan 17:5), li te dispoze pou l te vin fèt nan sikonstans ki te trè enb epi pou l te vin viv pami nou sou tè a. Pandan w ap li Lik 2:1–7 la, kisa w remake osijè sikonstans enb nesans li yo? Eseye jwenn yon detay oswa yon ide nan istwa sa a ke w pa t remake anvan. Kisa w aprann sou Sovè a nan sikonstans enb nesans li yo? Kijan aspè sa yo afekte santiman w genyen pou li?

Gade videyo “Nativite a” (LDS.org).

Lik 2:8–38; Matye 2:1–12

Gen anpil moun ki te temwen nesans Kris la.

Nesans Kris la ak anfans li te make pa temwen ak adoratè ki te soti nan tout kondisyon nan lavi a—enb bèje ki te vizite etab la, Wa Maj rich ki te pote kado pou li, yon vèv ki t ap sèvi nan tanp lan, ak yon disip fidèl ki t ap tann vini Mesi a avèk enpasyans. Pandan w ap eksplore istwa yo, kisa w aprann sou fason pou w adore ak rann temwayaj de Kris la?

Temwen Kris yo

Kisa m aprann osijè adorasyon ak temwen?

Temwen Kris yo

Bèje yo (Lik 2:8–20)

Kisa m aprann osijè adorasyon ak temwen?

Temwen Kris yo

Simeon (Lik 2:25–35)

Kisa m aprann osijè adorasyon ak temwen?

Temwen Kris yo

Anne (Lik 2:36–38)

Kisa m aprann osijè adorasyon ak temwen?

Temwen Kris yo

Wa Maj yo (Matye 2:1–12)

Kisa m aprann osijè adorasyon ak temwen?

Gade 1 Nefi 11:13–23; 3 Nefi 1:5–21; “Bèje yo aprann nesans Kris la” ak “Yo prezante Kris la nan tanp lan” (videos, LDS.org) tou.

Matye 2: 13–23

Paran yo ka resevwa revelasyon pou pwoteje fanmi yo.

Joseph pa t ap janm ka fè sa yo te mande l pou l te fè a—pwoteje Jezi pandan anfans li—san èd syèl la. Menmjan ak Wa Maj yo, li te resevwa yon revelasyon ki te avèti l de danje. Pandan w ap li sou eksperyans Joseph la, panse sou danje fizik ak espirityèl fanmi yo ap fè fas jodia. Medite sou eksperyans kote w te santi gidans Bondye nan pwoteje oumenm ak fanmi w oubyen moun ki chè pou ou. Panse pou w pataje eksperyans sa yo avèk lòt moun. Kisa w ka fè pou w resevwa kalite gidans sa a nan lefiti?

Adisyonèlman, ou gen dwa panse gade videyo “Lespri Premye Nwèl la” (LDS.org) pou yon deskripsyon sou sa Joseph te siman santi lè l te anfas responsablite pou l pran swen Pitit Bondye a.

Lik 2:40–52

Menm lè l te jèn, Jezi te deja ap konsantre l sou fè volonte Papa li.

Antanke jèn gason, Sovè a te anseye levanjil la avèk sitèlman puisans ke menm enstriktè ki te nan tanp yo te etone lè yo te wè “entelijans li ak repons li” (Lik 2:47). Kisa w aprann nan vèsè sa yo sou devwa ou pou administre Sentsèn nan? Ki fason kèk jèn moun ou konnen ap eseye okipe “biznis Papa [yo]” Lik 2:49 Ki fason jèn yo ak timoun yo ede w akeri yon konpreyansyon ki pi pwofon sou levanjil la? Ki lòt bagay ou aprann nan egzanp anfans Jezi a nan Lik 2:40–52 ak nan Tradiksyon Joseph Smith, Matye 3:24–26 (nan apendiks Bib la)?

Imaj
Jezi nan tanp lan pandan l te tigason

“Èske w pa konnen ke m dwe okipe biznis Papa m?” (Lik 2:49).

Kisa Tradiksyon Joseph Smith la ye?

Akoz “anpil verite klè ak presye” te pèdi nan Bib la atravè syèk yo (1 Nefi 13:28; gade tou Moyiz 1:41), Senyè a te kòmande Joseph Smith pou l te fè yon revizyon enspire sou Bib la, ke nou konnen kòm Tradiksyon Joseph Smith. Pwofèt la te fè anpil revizyon ki enkli nan apendiks edityon ekriti Sen Dènye Jou yo. Edisyon vèsyon Wa Jak Bib la legliz la pibliye a gen anpil referans tou sou revizyon Pwofèt la te fè yo. Tradiksyon Joseph Smith Matye 24 la, ke nou konnen kòm Joseph Smith—Matye, nou ka jwenn ni nan Pèl Gran Pri a. Pou plis enfòmasyon, gade Diksyonè Bib la, “Tradiksyon Joseph Smith”; “Bible, Inerrance de la,” Sujets de l’évangile, topics.lds.org.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Pandan w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konnen ki prensip pou w souliyen ak diskite pou ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk sigjesyon:

Lik 2

Envite manm fanmi yo pou yo chwazi yon moun yo dekri nan Lik 2 a, li kèk vèsè ki dekri relasyon moun sa a avèk Sovè a, epi pataje yon bagay yo aprann ki ogmante lafwa yo nan Jezikri. Chante ansanm “Berceuse de Marie à l’enfant Jésus” oswa “C’est l’heureux temps,” Chants pour les enfants, pa. 28, 32. Kisa nou aprann nan kantik sa yo apwopo nesans Sovè a?

Lik 2: 49

Kisa ki se “biznis Papa a”? (gade Moyiz 1:39). Kisa nou aprann sou biznis sa a nan istwa sa a ak nan lòt sa Jezi te fè ak anseye pandan tout lavi l yo? Panse pou w ekri kèk fason fanmi ou ka patisipe nan biznis Papa a sou ti moso papye epi mete yo nan yon veso. Nan semèn k ap vini an, lè fanmi w ap chèche mwayen pou yo fè travay Papa a, yo ka chwazi ide nan veson sa a. Planifye yon tan kote w ap pataje eksperyans ou.

Lik 2:52

Kisa nou ka aprann nan Lik 2:52 a sou fason Jezi te grandi nan lavi li? Nan ki fason manm fanmi w yo ka grandi “an sajès ak wotè, ak an gras devan Bondye ak devan lèzòm”?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore etid pèsonèl nou

Itilize èd pou etid ekriti yo. Pou w ka jwenn ide adisyonèl pandan w ap etidye ekriti yo, itilize resous tankou referans anba paj yo, Gid pa sijè a, Diksyonè Bib la, Gid Ekriti yo, ak lòt èd pou etid tankou LDS.org ak Manyèl Etidyan Nouvo Testaman an (Manyèl Sistèm Edikatif Legliz la, 2014).

Imaj
Mari, Joseph, avèk tibebe Jezi

Sovè Mond lan te vini sou tè a nan sikonstans ki te enb.

Enprime