Vini, Suiv Mwen
31 Desanm–6 Janvye. Nou responsab pwòp aprantisaj nou


“31 Desanm–6 Janvye. Nou responsab pwòp aprantisaj nou,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“31 Desanm–6 Janvye. Nou responsab pwòp aprantisaj nou,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2019

Imaj
yon fanmi k ap gade yon albòm foto

31 Desanm–Janvye 6

Nou responsab pwòp aprantisaj nou

Objektif Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo se pou ede w vin jwenn Kris la epi vin plis konvèti nan levanjil li a. Manyèl sa a ka ede w konprann ekriti yo epi l ap edew jwenn fòs epiritylèl oumenm ak fanmi w bezwen an ladan yo. Apresa, nan klas ou yo nan Legliz la, w ap prepare pou w pataje ide w ak pou ankouraje lòt Sen parèy ou yo nan efò yo pou yo suiv Kris la.

Ekri enpresyon ou

“Kisa w ap chèche? Jezi te mande disip li yo (Jan 1:38). Ou gen dwa poze tèt ou menm kesyon an tou—paske sa w ap jwenn nan Nouvo Testaman yo ane sa a ap grandman depann de sa w ap chèche. Sovè a pwomèt: “Chèche, epi w ap jwenn” (Matye 7:7). Konsa, poze kesyon ki vini nan lespri ou lè w ap etidye, epi apresa chèche repons yo ak dilijans. Nan Nouvo Testaman an, w ap li konsènan eksperyans espirityèl disip Jezikri yo. Antanke disip fidèl Sovè a, ou ka fè pwòp eksperyans espirityèl pa w si w aksepte envitasyon Sovè a, ke w ap jwenn atravè tout liv sakre sa a, “Vini, Suiv Mwen” an (Lik 18:22).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ede pou etid ekriti pèsonèl

Pou m vrèman aprann nan men Sovè a, mwen dwe aksepte envitasyon l lan: “Vini, Suiv Mwen” an.

Envitasyon Sovè a “Vini, Suiv Mwen” an aplike pou tout moun—keseswa nou fèk antre nan chemen disip la oubyen nou t ap mache ladan l tout lavi nou. Sa sete envitasyon l te bay jenòm rich la ki t ap eseye kenbe kòmandman yo (gade Matye 19:16–22). Sa l te aprann—e sa nou tout dwe aprann—sèke, pou yon moun se disip, sa mande pou l bay Pè Selès la ak Jezikri tout nanm ni annantye. Nou pwogrese sou chemen disip la lè nou rekonèt sa nou manke, nou chanje, epi nou chèche suiv Pè Selès la ak Jezikri pi totalman.

Nou kòmanse aprann nan men Sovè a lè nou fè efò pou nou konprann sa l te anseye yo. Paregzanp, kijan konpreyansyon w sou padon apwonfondi lè w ap eksplore bagay sa yo ki suiv la a?

Ansèyman Sovè a (gade Matye 6:14–15; 18:21–35)

Yon egzanp nan lavi li (gade Lik 23:33–34)

Sepandan, aprantisaj la pa p konplè jiskaske nou suiv Sovè a nan viv sa l te anseye yo. Kijan m ka pi dispoze pou m padone?

Si w vle aprann plis, eseye aktivite sa a avèk yon lòt prensip levanjil, tankou lanmou oswa imilite.

Mwen responsab pwòp aprantisaj mwen

Èldè David A. Bednar te anseye: “Antanke moun k ap aprann, oumenm avèk mwen dwe aji epi mete pawòl la an pratik e non pa senpleman koute pawòl la epi kite moun aji pou nou. Èske oumenm avèk mwen se moun ki ap aji ak chèche aprann pa lafwa, oubyen èske n ap tann pou yo anseye nou epi aji pou nou? ... Yon moun k ap aprann egzèse libabit li selon prensip kòrèk, li louvri kè l pou Sentespri a epi li envite pouvwa Sentespri a genyen pou anseye, temwaye, ak konfime laverite a. Aprann pa lafwa mande yon efò spirityèl, mantal, ak fizik e pa sèlman aksepte yon bagay pasivman” (“Chèche konesans pa lafwa,” Ensign, Sept. 2007, 64).

Kisa sa vledi pou yon moun pran responsablite pwòp aprantisaj li? Chèche kèk repons posib nan deklarasyon Èldè Bednar la ak nan ekriti sa yo: Jan 7:17; 1 Tesalonisyen 5:21; Jak 1:5–6, 22; 2:17; 1 Nefi 10:17–19; 2 Nefi 4:15; Alma 32:27; and Doktrin ak Alyans 18:18; 58:26–28; 88:118. Kisa w santi w enspire pou w fè pou w ka pi aktif nan aprann levanjil la?

Mwen bezwen konn verite a pou èt pa m.

Petèt ou konn kèk moun ki sanble yo pa janm pèdi lafwa yo, kèlkeswa sa k rive nan lavi yo. Yo raple w senk vyèj saj yo ki nan parabòl Sovè a (gade Matye 25:1–13). Petèt sa w gen dwa pa wè se efò dilijan yo pou yo fòtifye temwayaj yo sou laverite a. Nou tout dwe chèche ak dilijans pou n fòtifye temwayaj nou paske, menmjan ak vyèj fòl yo, nou pa ka prete konvèsyon nan men okenn lòt moun.

Kijan nou ka akeri ak fòtifye pwòp temwayaj pa nou? Ekri panse ou pandan w ap medite sou ekriti sa yo: Lik 11:9–13; Jan 5:39; Jan 7:14–17; Travay 17:10–12; 1 Korentyen 2:9–11; ak Alma 5:45–46. (Gade “Témoignage,” Sujets de l’évangile, topics.lds.org tou.)

Imaj
yon jènfi bò yon wout

Nou chak dwe akeri yon temwayaj pou tèt pa nou.

Kisa m dwe fè lè m gen kesyon?

Pandan w ap chèche konesans espirityèl la, kesyon ap vini nan tèt ou. Prensip sa yo ka ede w abòde kesyon sa yo nan fason ki ka bati lafwa ou ak temwayaj ou:

  1. Chèche konpreyansyon atravè sous ki divinman rekoni. Bondye se sous tout verite, epi li revele verite atravè Sentespri a, atravè ekriti yo, ak pwofèt ak apot li yo.

  2. Aji ak lafwa. Si repons yo pa vini imedyatman, fè Senyè a konfyans ke l ap revele repons yo lè moman an rive. Pandan tan sa a, kontinye viv annakò avèk verite w deja konnen yo.

  3. Kenbe yon pèspektiv etènèl. Eseye wè bagay yo jan Senyè a wè yo, non pa jan mond lan wè yo. Egzamine kesyon w yo nan kontèks plan sali Pè Selès la.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Lè w ap li ekriti yo avèk fanmi ou, Lespri a ka ede w konnen ki prensip pou w souliyen ak diskite pou w ka reponn bezwen manm fanmi w yo. Men kèk sigjesyon:

Matye 13: 1–23

Pi gwo mwayen pou w ede fanmi w prepare pou yo etidye Nouvo Testaman an ane sa a se repase parabòl semè a. Fanmi w gen dwa remen gade diferant kalite teren ki bò lakay ou yo pou yo ka eseye konprann tip teren yo dekri nan parabòl la. Kisa nou ka fè pou n kiltive “yon bon teren” nan fwaye nou? (Matye 13:8).

Galat 5:22–23; Filipyen 4:8

“Nou konseye paran yo ak timoun yo pou yo bay pi gwo priyorite ak priyè familyal, sware familyal, etid ak enstriksyon levanjil la, ak aktivite familyal bon kalite. Kèlkeswa jan lòt demann oswa aktivite yo ka diy ak apwopriye, nou pa dwe kite yo ranplase devwa yo banou divinman an, ke sèl paran ak fanmi ka ranpli kòrèkteman yo” (“Lèt Premye Prezidans lan,” Liahona, Dec. 1999, 1).

Kòmansman yon nouvo ane se yon bon moman pou nou fè yon konsèy familyal sou kijan pou nou fè fwaye nou pi santre sou levanjil la. Ki ide ki vin nan lespri ou lè w ap li benediksyon ak konsèy ki nan Galat 5:22–23 ak Filipyen 4:8 yo? Petèt ou ka fè afich pou w mete nan tout kay la pou raple w bi w fikse yo.

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Amelyore etid pèsonèl ou

Chèche doktrin nan. Yon doktrin se yon verite etènèl, ki pa janm chanje. Prezidan Boyd K. Packer te deklare ke “vrè doktrin nan, lè nou konprann ni, chanje atitid ak konpòtman” (“Little Children,” Ensign, Nov. 1986, 17). Lè oumenm ak fanmi w ap etidye ekriti yo, chèche verite ki ka ede nou vin plis menmjan avèk Sovè a.

Imaj
Jezikri

Limyè mond lan, pa Brent Borup

Imaj
Kris la k ap soti nan tonm nan

Li resisite,pa Del Parson

Enprime