Vini, Suiv Mwen
7–13 Janvye. Matye 1; Lik 1: ‘Se pou sa fèt selon jan w di a’


“7–13 Janvye. Matye 1; Lik 1: ‘Se pou sa fèt selon jan w di a’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“7–13 Janvye. Matye 1; Lik 1,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2019

Imaj
Mari ak Elizabèt

7–13 Janvye.

Matye 1; Lik 1

“Se pou sa fèt selon jan w di a”

Kòmanse li Matye 1 ak Lik 1. Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo kapab ede w konprann chapit sa yo, epi plan sa a ka ba w ide pou ansèyman. Si w bezwen èd adisyonèl pou w anseye timoun ki pi piti yo, gade seksyon “Satisfè bezwen timoun ki pi piti yo” nan kòmansman manyèl sa a.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Mande timoun yo pou yo chita an sèk, epi apresa, mande youn ladan yo pou l pataje yon bagay li te aprann nan ekriti yo semèn sa a oubyen nan yon lòt lè. Timoun sa a ka woule yon balon oubyen lonje dwèt sou yon lòt timoun nan sèk la, ki limenm ap pran tou pa l pou l pale.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi piti yo

Matye 1:18–25; Lik 1:26–38

Zanj te anonse nesans Jezi.

Mari ak Joseph te resevwa vizit yon zanj ki te anonse yo chak nesans Jezikri a. Eksperyans sa yo ka ede timoun yo wè konbyen nesans Kris la te enpòtan.

Aktivite posib

Lik 1:5–20, 57–63

Pè Selès la reponn priyè mwen.

Zakari ak Elizabèt te siman ap priye depi plizyè ane pou yo te ka gen yon pitit. Finalman, Pè Selès la te egzose priyè yo epi li te ba yo yon pitit gason, Jan Batis. Kijan w ka itilize istwa sa a pou anseye timoun yo ke Pè Selès la reponn priyè nou?

Aktivite posib

  • Nan pwòp mo pa ou, rakonte istwa ki nan Lik 1:5–20, 57–63 la. Ou gen dwa rakonte istwa a plizyè fwa. Bay timoun yo tach pou yo jwe wòl zanj lan, Zakari, ak Elizabèt epi mande yo pou yo jwe sèn nan. Souliyen pou yo ke Pè Selès la te reponn priyè Elizabèt ak Zakari, epi pataje yon eksperyans kote Pè Selès la te reponn priyè ou.

  • Itilize “Le front baissé,” Chants pour les enfants, 18, oubyen yon lòt chan pou w anseye timoun yo kijan pou yo priye. Ou gen dwa chante ansanm “la prière d’un enfant,” Chants pour les enfants, p. 6–7. Chak fwa yo chante mo “priye” oubyen “priyè” yo, envite yo pou yo bese tèt yo epi kwaze bra yo.

  • Mande chak timoun pou fè jès ki montre yon bagay yo ka priye pou li. Fè lòt timoun yo devine kisa jès yo reprezante. Yo ka jwenn ide nan paj aktivite pou semèn sa a.

Lik 1: 31–35

Jezikri se Pitit Gason Bondye.

Jezikri se Pitit Pè Selès la ak Mari. Kisa w ka fè pou ede timoun yo aprann plis osijè li?

Aktivite posib

  • Di timoun yo ke zanj lan te di Mari ke yo ta pral rele tibebe l la Pitit Gason Bondye (gade Like 1:35). Ede yo repete fraz “Jezikri se Pitit Gason Bondye” a. Ede yo konprann kiyès paran Jezi yo te ye, kote w ap mande yo pou yo desine pwòp paran pa yo. Pandan y ap fè sa, di yo ke Jezi te gen paran tou—Mari ak Pè Selès la. Epitou, yo te mande Joseph pou l te pwoteje Jezi ak pran swen li pandan l t ap viv sou tè a.

  • Temwaye ke paske Jezi sete Pitit Gason Bondye, li te ka mouri pou peche nou yo epi resisite. Montre foto Krisifiksyon ak Rezirèksyon Jezi yo (gade Liv Ilistrasyon Levanjil la, nos. 5759).

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi gran yo

Matye 1:18–25; Lik 1:5–37

Avèk Bondye, anyen pa enposib.

Nesans Jezi ak Jan Batis la te sèlman posib pa pouvwa Bondye. Aprann sou mirak sa yo kapab fòtifye lafwa timoun yo pou yo konnen ke Bondye gen pouvwa pou l akonpli mirak nan lavi yo.

Aktivite posib

  • Pandan oumenm ak timoun yo ap repase Matye 1:18–25 ak Lik 1:5–37, poze timoun yo kesyon tankou “Kisa w t ap di si w te Mari?” oubyen “Kijan w t ap santi w si w sete Zakari?”

  • Nan tèm senp, rakonte istwa nesans Jan Batis ak Jezikri yo. Mande timoun yo pou yo leve men yo lè yo tande yon bagay ki ka sanble l enposib san pouvwa Bondye. Ki lòt istwa timoun yo ka pataje kote Bondye te fè yon bagay ki te parèt enposib?

  • Ede yo memorize Lik 1:37. Po yo fè sa, ou gen dwa ekri vèsè a sou tablo a epi envite yo pou yo li l plizyè fwa. Apre chak fwa, efase yon mo.

Matye 1:21–25; Lik 1:30–35, 46–47

Jezikri se Pitit Gason Bondye.

Jezikri se Pitit Gason Pè Selès la ak Mari. Kijan w ka ede timoun yo aprann verite sa a?

Aktivite posib

  • Mande yo pou yo li Lik 1:30–35, pandan y ap chèche repons pou kesyon sa yo: “Kiyès ki manman Jezi?” ak “Kiyès ki Papa Jezi?” Ede yo konprann ke Jezikri se sèl moun ki gen Pè Selès la kòm papa fizik li (gade 1 Nefi 11:18–21) tou.

  • Pandan w ap li vèsè sa yo, envite timoun yo pou yo chèche non ak tit Jezikri genyen. Kisa non sa yo vledi, kisa yo anseye apwopo Jezi?

  • Pataje temwayaj ou sou Jezikri, epi envite timoun yo pou yo pataje pa yo tou.

Imaj
Gabriyèl parèt devan Mari

Anonsyasyon an, pa John Scott

Lik 1: 67, 76–80

Pè Selès la tande nou e Li reponn priyè nou yo.

Bondye reponn priyè men pa toujou nan fason nou atann yo. Kijan w ka itilize istwa Zakari ak Elizabèt la pou anseye timoun yo verite sa a?

Aktivite posib

  • Mande timoun yo kisa yo t ap di yon moun ki ap priye pou yon benediksyon men ki poko resevwa li. Envite yo pou yo panse sou kesyon sa a pandan y ap li ansanm Lik 1:5–25, 57–80. (Gade tou “Chapit 1: Elizabèt ak Zakari” ak “Chapit 3: Jan Batis fèt,” Istwa Nouvo Testaman, 6–7, 10–11, oubyen videyo korespondan an nan LDS.org.) Kisa Zakari ak Elizabèt ta ka di yon moun ki santi priyè l pa egzose?

  • Envite plizyè timoun alavans pou yo pataje eksperyans kote Pè Selès la te reponn priyè yo. Rakonte yon okazyon kote w te santi priyè w te egzose nan fason ou pa t atann.

  • Envite timoun yo pou yo desine yon okazyon kote Pè Selès la te reponn yon priyè—espesyalman yon priyè pa yo. Fè yo montre klas la desen yo fè a.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Envite timoun yo pou yo pataje foto yo te desine yo avèk fanmi yo epi apresa mande manm fanmi yo pou yo rakonte okazyon kote Bondye te reponn priyè yo.

Amelyore ansèyman nou

Ede timoun ki pi piti yo aprann nan ekriti yo. Pou ede timoun ki pi piti yo aprann nan ekriti yo, konsantre sou yon grenn vèsè ekriti oubyen sou yon fraz kle. Ou gen dwa envite timoun yo pou yo kanpe oubyen leve men yo lè yo tande mo a oswa fraz la. (Gade Anseye nan fason Sovè a, 21.)

Enprime