Vini, Suiv Mwen
18–24 Fevriye. Matye 5; Lik 6: ‘Benediksyon pou ou’


“18–24 Fevriye. Matye 5; Lik 6: ‘Benediksyon pou ou’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2019 (2019)

“18–24 Fevriye. Matye 5; Lik 6,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2019

Imaj
Diskou sou Mòn nan

Diskou sou Mòn nan, pa Jorge Cocco

18–24 Fevriye

Matye 5; Lik 6

“Benediksyon pou ou”

Kòmanse li Matye 5 ak Lik 6. Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo ka ede w konprann chapit sa yo, epi plan sa a kapab ba ou ide pou ansèyman.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Mande timoun yo pou yo pale w de sa yo te fè semèn sa a pou yo te pataje limyè Senyè a avèk yon moun.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi gran yo

Matye 5:9

Mwen ka yon patizan lapè.

Timoun w ap anseye yo kapab gen yon enfliyans puisan lakay yo nan trete lòt moun avèk amou ak jantiyès.

Aktivite posib

  • Li Matye 5:9 avèk timoun yo epi eksplike yo ke moun ki patizan lapè yo fè tout kote vin yon andwa pezib, kèlkeswa kote yo ye. Rakonte yo kèk senaryo ki pa reyèl, epi ede yo idantifye si moun ki nan senaryo sa yo se patizan lapè ou non.

  • Envite paran timoun yo pou yo vin nan klas la pou pataje egzanp sou lè kote timoun yo te patizan lapè nan fwaye yo.

  • Sou kèk moso papye, ekri plizyè sitiyasyon difisil timoun yo ka rankontre (paregzanp, goumen avèk frè ak sè yo pou yon jwèt). Envite chak timoun pou l pran yon moso papye. Pandan w ap li senaryo yo, mande yo pou yo di kijan yo ta ka yon patizan lapè nan sitiyasyon sa a.

Matye 5:14–16

Jezi vle m yon limyè pou lòt moun.

Timoun piti yo ka gen yon enfliyans benefik sou lòt yo. Kijan ou ka ankouraje yo pou yo fè limyè yo briye?

Aktivite posib

  • Montre timoun yo plizyè bagay ki bay limyè, enkli yon foto timoun. Li Matye 5:14–16, epi di yo ke nou tout gen yon limyè andedan nou. Ki fason nou ka itilize limyè nou an pou n mennen lòt moun vin jwenn Bondye?

  • Flache yon limyè yon flach toupatou nan sal la. Kijan limyè ede nou? Kijan nou ka yon limyè pou mond lan? Kouvri limyè flach la. Kisa k rive si nou pa pataje limyè nou oubyen si nou kache li?

  • Kache yon flach nan sal la, epi etenn limyè yo. Fè timoun yo eseye jwenn ni. Repase Matye 5:15, epi di timoun yo poukisa nou pa ta dwe kache limyè nou

  • Dirije yon limyè flach sou mi an, epi envite timoun yo pou yo suiv limyè a avèk je yo. Itilize limyè a pou l dirije je yo vè yon foto Sovè a. Mande yo pou yo di kijan nou ka yon limyè k ap mennen lòt moun jwenn Jezikri.

  • Ede yo chèche bouji ki kache yo nan paj aktivite semèn sa a epi kolorye yo.

  • Chante avèk timoun yo “Jesus Wants Me for a Sunbeam (Jezi vle pou m yon reyon solèy,” “Shine On (Briye),” oswa “I Am like a Star (M tankou yon etwal,” Children’s Songbook, 60–61, 144, 163.

Matye 5:44, 45

Jezikri vle pou m renmen tout moun.

Timoun ki pi piti yo kapab kòmanse fè pratik pou montre lanmou kounyeya, menm lè kanmarad yo oswa frè ak sè yo ap maltrete yo. Pandan w ap li Matye 5:44–45, reflechi sou fason ansèyman Sovè yo aplike pou timoun w ap anseye yo.

Akivite posib

  • Repete Matye 5:44 la pandan w ap itilize pawòl ak sitiyasyon timoun yo ap konprann e ki sanble yo. Mande yo pou yo pale de kèk moman kote yo te montre lanmou pou yon moun malgre sa te difisil. Kijan eksperyans sa yo te fè yo santi yo?

  • Fè tout klas la chante “Je viens vers toi,” Chants pour les enfants, 78–79. Kisa nou aprann nan chak sa a sou renmen lòt moun?

  • Bay timoun yo papye an fòm kè ki gen mo sa yo ekri: “M ap montre amou mwen pou tout moun.” Mande yo pou yo dekore kè yo epi mete yo lakay yo pou ka raple yo pou yo renmen lòt moun.

  • Ede timoun yo aprann jès ki mache avèk chan “Aimez vos frères” la, Chants pour les enfants, 74, jan yo sigjere nan Chants pour les enfants an.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Timoun ki pi gran yo

Matye 5:3–12

Mwen ka kontan lè m viv fason Jezi te anseye a.

Lè w li Matye 5:3–12 la, ki pawòl oubyen fraz ki frape ou? Ki fason ansèyman sa yo ap beni lavi timoun w ap anseye yo?

Aktivite posib

  • Trase de kolòn sou tablo a, ki rele Beni … ak Benediksyon. Envite timoun yo pou yo gade nan Matye 5:3–12 pou yo wè kimoun Jezi di ki beni ak ki benediksyon li pwomèt yo.

  • Ekri chak kalite yo ak benediksyon nan vèsè sa yo ki koresponn avèk yo sou kèk kat, epi fè timoun yo chèche matche kalite yo avèk benediksyon yo. Mande yo pou yo chwazi youn nan kalite ki nan vèsè sa yo yo ta renmen devlope.

Matye 5:9, 21–24, 38–47

Mwen ka yon patizan lapè.

Jezi te anseye ke y ap rele patizan lapè yo pitit Bondye. Kijan w ka enspire timoun yo pou yo vin patizan lapè?

Aktivite posib

  • Envite yo pou yo li Matye 5:9. Epi mande yo: Kisa yon patizan lapè ye? Ki fason nou ka patizan lapè avèk fanmi nou ak zanmi nou? (Pou kèk ide, gade nan vèsè 21–24, 38–47.)

  • Mande chak timoun pou l panse ak yon sitiyasyon ki ta mande èd yon patizan lapè. Kisa yon patizan lapè t ap fè nan sitiyasyon sa a?

  • Envite timoun yo pou yo pale de moman kote yo te montre lanmou pou yon moun, malgre moun sa a te diferan avèk yo oubyen l te difisil pou renmen.

Matye 5:14–16

Egzanp mwen kapab klere chemen pou lòt moun suiv Jezi.

Panse ak timoun w ap anseye yo pandan w ap li vèsè sa yo. Ki mesaj Senyè a ka genyen pou timoun yo nan pasaj sa a?

Aktivite posib

  • Ede timoun yo memorize Matye 5:16. Ekri vèsè a sou tablo a. Li l ansanm plizyè fwa, efase kèlke mo chak fwa. Lè timoun yo fin memorize vèsè a, ou gen dwa chante “Shine On (Briye),” Children’s Songbook, 144.

  • Mande timoun yo pou yo desine bagay ki ba nou limyè. Li Matye 5:14–16. Mande yo poukisa Jezi vle pou nou yon limyè pou mond lan.

  • Envite yo pou yo desine kèk bagay yo ka fè pou yo ka yon limyè pou lòt moun. Ou gen dwa pase videyo: “Eclairez le monde: 25 Journées de service” (la nan LDS.org). Mande de timoun pou yo kanpe fasafas, epi mande youn pou l eseye fè lòt la ri san l pa touche li. Pale sou pouvwa timoun yo genyen pou yo pote bonè bay lòt moun.

Imaj
senbòl ansèyman

Ankouraje aprantisaj lakay

Bay timoun yo tach pou yo chèche jwenn yon moun ki patizan lapè semèn sa a. Nan kòmansman leson an semèn apre a, envite yo pou yo pale de moun nan ak sa yo te wè.

Amelyore ansèyman nou

Ede timoun yo pou yo patisipe aktivman. “Lè w ap anseye timoun, kite yo konstwi, fè desen, kolorye, ekri, ak kreye. Bagay sa yo se pa sèlman aktivite amizan yo ye—men yo esansyèl pou aprantisaj la tou” (Anseye nan fason Sovè a, 25).

Enprime