Vini, Suiv Mwen
22-28 Jiyè. Travay 16–21: ‘Senyè a aple nou pou n preche levanjil la’


“22-28 Jiyè. Travay 16–21: ‘Senyè a aple nou pou n preche levanjil la’’“ Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo testaman 2019 (2019)

“22-28 Jiyè. Travay 16–21,“ Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidiimanch: 2019

Imaj
Pòl sou Ayewopaj la

22-28 Jiyè

Travay 16–21

“Senyè a aple nou pou n preche levanjil la”

Anvan w gade plan leson sa a, nan yon espri lapriyè, li Travay 16–21 avèk manm klas ou yo nan lespri w. Ide sa yo kapab konplete enspirasyon ou resevwa nan men Lespri a.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Panse pou w envite manm klas yo pou yo pataje yon pasaj nan Travay 16–21, ki raple yo yon eksperyans yo te fè nan pataje levanjil la.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

Travay 16–21

Antanke manm Legliz la, nou temwaye de Jezikri e nou pataje levanjil li a.

  • Paske Travay 16–21 dekri de vwayaj misyonè Pòl te fè, sa ka pèmèt manm klas yo aprann nan chapit sa yo kijan pou yo temwaye konsènan Jezikri ak levanjil li a efikasman. Pou enspire diskisyon sou sijè sa a, petèt ou ta ka envite kèk nan manm yo pou vini nan klas la prepare pou yo pataje sa yo te aprann nan Travay 16–21 osijè pataje levanjil la. Pou apwonfondi diskisyon an, yo ta gen dwa pataje kèk sitasyon sou travay misyonè ki te fèt nan yon diskou konferans resan. Yo gen dwa fè pwòp rechèch pa yo, oubyen ou ka sigjere yo youn nan mesaj ki nan seksyon “Resous adisyonèl“ la.

  • Yon mesaj ki resòti nan chapit sa yo se wòl enpòtan Sentespri a jwe nan pataje levanjil la. Paregzanp, manm klas yo ta ka dekouvri kijan Sentespri a te ede Pòl ak Silas nan Travay 16:6–15. Yo ta gen dwa li 2 Nefi 33:1 ak Doktrin ak Alyans 42:14 tou epi pataje verite yo dekouvri sou enpòtans pou n gen Lespri a lè n ap pataje levanjil la (gade deklarasyon Èldè Dallin H. Oaks la nan seksyon “Resous adisyonèl” la). Petèt manm klas yo ta ka pataje eksperyans kote Sentespri a te gide efò yo pou yo te pataje levanjil la. Ki eksperyans nou te fè nan pataje levanjil la avèk yon moun Senyè a te mete sou chemen nou? (gade Preche Levanjil Mwen an tou [2004], 3–4).

  • Ki fason w ka itilize eksperyans Pòl yo pou ede manm klas ou yo gen kouraj lè yo santi yo pouse pou rann temwayaj yo? Panse pou n repase ansanm ekriti ki dekri Pòl k ap temwaye yo, tankou eksperyans li nan Masedwàn (gade Travay 16:19–34), nan Atèn (gade Travay 17:16–34), ak nan Korent (gade Travay 18:1–11). Ki prèv nou jwenn nan kouraj ak bravou Pòl? Ki doktrin Pòl te anseye (ak konprann) ki te ba l konfyans nan mesaj li a? Poukisa nou pafwa pè pou n pataje levanjil la, e kijan nou ka simonte laperèz sa a? Petèt misyonè aplentan yo ta ka vizite klas ou a pou yo pataje kèk fason yo te jwenn kouraj pou yo te temwaye. Ankouraje manm klas yo pou yo panse sou yon fason yo ka suiv egzanp Pòl la pou yo ka gen plis kouraj pou pataje temwayaj yo konsènan Kris la.

Travay 17:16–34

Nou tout se pitit Bondye.

  • Sou Ayewopaj la, Pòl te pale de Pè Selès la ak yon gwoup moun ki pa t konn anyen sou vrè nati Bondye. Pou apwofondi ansèyman sa yo, manm klas yo ta ka li Travay 17:24–31 epi ekri sou tablo a kèk verite yo jwenn sou Pè Selès la, sou relasyon nou avèk li, ak sou relasyon nou youn avèk lòt. Ki eksperyans manm klas yo ka pataje kote yo te santi verasite deklarasyon Pòl la lè l te di Bondye “pa lwen okenn nan nou“? (vèsè 27).

  • Lè w ap etidye vèsè sa yo ansanm, panse pou w diskite sou verite yo anseye nan vèsè 29 la, “Nou tout se pitit Bondye” a, ki vledi Pè Selès la se papa literal lespri nou. Pou w fè sa, ou gen dwa ekri sou tablo a Paske nou se pitit Bondye ak Si nou pa t konnen nou se pitit Bondye. Envite manm klas yo pou yo sigjere kèk fason pou konplete fraz sa yo. Paregzanp, kisa lefèt ke nou se pitit Bondye a anseye nou sou Bondye? sou noumenm? sou fason nou chak dwe trete lòt? Nan ki fason lavi nou t ap diferan si nou pa t konnen vrè relasyon nou avèk Bondye? Sa ta ka mennen yon diskisyon sou sa nou ka fè pou ede lòt moun konprann ke yo se pitit Bondye. Deklarasyon Èldè Dallin H. Oaks la nan seksyon “Resous adisyonèl” la kapab kontribye nan diskisyon sa a.

Travay 19:1–7

Batèm dwe suiv pa don Sentespri a.

  • Travay 19 se yon bon pwen depa pou mete aksan sou enpòtans pou nou konfime apre nou fin batize a. Reflechi ak deklarasyon sa a Pwofèt Joseph Smith te fè: “Batèm nan dlo a se sèlman mwatye batèm nan, epi li pa vo anyen san lòt mwatye a—ki se batèm Sentespri a“ (Enseignements des présidents de l’église: Joseph Smith 95). Nan ki fason ansèyman Pòl yo nan Travay 19:1–7 la konfime deklarasyon Joseph Smith sa a. Manm klas yo ka benefisye tou nan chèche “Sentespri, Batèm” nan endèks pa sijè a pou yo ka aprann plis sou benediksyon ki se resevwa don Sentespri a.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Pou ankouraje yo pou yo li Travay 22–28 pandan semèn k ap vini an, poze yo yon kesyon tankou sa a: “Si nou ta gen chans pou n pale de levanjil la avèk yon dirijan peyi a, kisa nou t ap di l?” Di yo ke, nan Travay 22–28, y ap dekouvri kisa Pòl te di kèk nan dirijan ki te pi puisan yo nan epòk li a.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Travay 16–21

Mesaj sou travay misyonè.

Nou tout se pitit yon Bondye vivan.

“Fanmi: Yon pwoklamasyon pou mond lan” pataje verite etènèl sou relasyon nou avèk Bondye: “Tout kretyen vivan—gason ak fi—kreye daprè imaj Bondye. Yo chak se yon pitit lespri gason oubyen fi ki soti nan paran selès, epi konsa, yo chak gen yon nati ak yon destine diven” (Ensign oswa Liahona, Nov. 2010, 129).

Èldè Dallin H. Oaks nan Kolèj Douz Apot yo te souliyen enpòtans pou n konsidere tèt nou kòm pitit Bondye toudabò e nan tout bagay:

“Fè atansyon ak fason nou karakterize tèt nou. Pa karakterize ni defini tèt nou selon yon kalite tanporè. Sèl grenn kalite ki ta dwe karakterize nou se sa k di nou se yon pitit gason oswa yon pitit fi Bondye a. Bagay sa a depase tout lòt karakteristik, enkli ras, okipasyon, karakteristik fizik, onè, oswa menm afilyasyon relijye. …

“Nou gen libabit nou epi nou ka chwazi nenpòt karakteristik nou vle pou defini nou. Men, nou dwe konnen ke, lè nou chwazi pou n defini tèt nou oubyen prezante tèt nou pa kèk karakteristik ki tanporè oubyen san enpòtans nan tèm letènite, nou minimize sa k pi enpòtan nan nou an, epi nou bay twòp enpòtans a sa k pa vrèman enpòtan. Sa ka fè nou tonbe nan move chemen e antrave pwogresyon etènèl nou” (“Be Wise” [devosyon nan Inivèsite Brigham Young–Idaho, Nov. 7, 2006], byui.edu).

Amelyore ansèyman nou

Envite jèn yo pou yo patisipe nan leson an. Si w ap anseye jèn moun, raple yo ke yo souvan kapab konprann eksperyans kanmarad yo ap travèse. Lè yon moun rann temwayaj oswa anseye doktrin nan, lòt jèn yo gen dwa santi yo touche nan yon fason nou pa p ka konprann. Bay jèn yo opòtinite pou youn anseye lòt. (Gade nan Anseye nan fason Sovè a, 32).

Enprime