Vini, Suiv Mwen
12–18.Out. Women 7–16: ‘Venk mal la pa sa ki bon’


12–18.Out. Women 7–16: ‘Venk mal la pa sa ki bon’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo Testaman 2019 (2019)

12-18 Out. Women 7–16,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2019

Imaj
Wòm

12-18 Out

Women 7-16

‘Venk mal la pa sa ki bon’

Li Women 7–16, epi ekri enpresyon w resevwa sou fason pou w ede manm klas ou yo aprann nan ekriti yo. Toudabò, enpresyon w yo gen dwa sanble avèk senp ide, men amezi w ap medite sou yo, yo ka vin tounen aktivite aprantisaj siyifikan.

Ekri enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Manm klas yo dwe santi yo lib pou pataje tout sa k enspire yo pandan etid pèsonèl ak familyal yo, men pafwa, sa ka ede tou si w ta mande yo sa yo panse de yon bagay byen espesifik. Paregzanp, ou ka li Women 10:17 ak 15:4 epi mande yo pou yo pataje ekriti ki bati lafwa oubyen ki bay lespwa.

Imaj
senbòl pataj

Anseye doktrin nan

Women 8:14–18

Gras ak Jezikri, nou ka eritye tout sa Pè Selès la genyen.

  • Antanke Sen Dènye Jou, nou kwè ke fraz tankou “eritye Bondye” ak “eritye avèk Kris la” vledi ke, avèk èd Jezikri, nou ka vin tankou Papa nou ki nan syèl la e resevwa tout sa l genyen (Women 8:17; gade DA 132:19–20 tou). Pou ede manm klas yo wè kijan doktrin sa a anseye atravè ekriti yo, ou gen dwa envite mwatye nan klas la pou etidye kèk vèsè Bib ki nan seksyon "Resous adisyonèl" la epi lòt mwatye a pou yo etidye kèk vèsè nan ekriti dènye jou yo, ki nan seksyon "Resous adisyonèl" la tou. Apresa manm klas yo ka anseye youn lòt sa yo aprann yo. Bayo tan pou yo pale sou rezon k fè doktrin sa a si enpòtan konsa. Paregzanp, ki diferans sa fè nan lavi nou si nou konnen nou ka vin “eritye Bondye, epi eritye avèk Kris la”? (Women 8:17).

  • Lè n ap travèse tantasyon oswa eprèv, sa ka ede nou si nou sonje ke benediksyon etènèl ap tann moun ki fidèl yo (gade Women 8:18). Yon fason senp pou ilistre prensip sa a se desine yon balans sou tablo a; mande manm klas yo pou yo ekri lis kèk eprèv moun ka rankontre sou yon bò. Apresa yo ka etidye kèk pasaj ekriti nan seksyon "Resous adisyonèl" la epi sou lòtbò balans lan, yo ka fè deskripsyon benediksyon etènèl k ap tann moun ki fè fas ak eprèv yo fidèlman. Ki konparezon nou ka fè ant eprèv yo avèk benediksyon yo pwomèt yo? Kisa n ta reponn yon moun ki t ap mande nou si sa vo lapèn pou n rete fidèl nan kòmandman Senyè a bay yo?

  • Analoji Eldè Dallin H. Oaks la nan “Resous adisyonèl” la ka ede manm klas yo diskite sou fason nou ka prepare nou pou n vin “eritye Bondye” (Women 8:17). Ki “lwa ak prensip” sa yo Eldè Oaks ap pale a?

Women 8:18, 28, 31–39

“Kiyès ki ka separe nou de lanmou Bondye?”

  • Diskite sou Women 8 la ansanm ta ka ba yon opòtinite pou ede manm klas yo santi amou Sovè a. Panse pou w montre foto ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—pou Moun yo ak fanmi yo oswa yon lòt foto Jezikri pandan w ap li Women 8:18, 28, 31–39 la ak klas la. Kisa k vin nan tèt yo epi kisa yo santi apre yo fin li vèsè sa yo? Ou gen dwa envite kèk ladan yo pou pataje kijan yo te akeri temwayaj yo sou verite yo jwenn yo nan vèsè sa yo. Ou gen dwa chante yon kantik ansanm avèk klas la tou (oubyen mande yon moun pou l jwe yon mizik) sou lanmou Bondye ak Jezikri, tankou “Notre Dieu nous a tant aimé” oswa “Merveilleux l'amour” (Cantiques, no. 111, 117). Ki pawòl oubyen fraz nan kantik sa yo ki ka ede manm klas yo santi amou Pè Selès la ak Jezikri.

Women 13:8–10

Tout kòmandman Bondye yo rezime nan kòmandman pou nou renmen an.

  • Pou ede manm klas yo wè kijan tout kòmandman yo “rezime nan” kòmandman pou renmen pwochen yo a (Women 13:9), envite yo pou yo fè yon lis sou tablo a sou tout kòmandman yo ka panse. Li Women 13:8–10 ak Matye 22:36–40 ansanm, epi diskite sou relasyon ki genyen ant renmen Bondye ak renmen pwochen nou ak obeyi chak kòmandman ki nan lis ki sou tablo a. Kijan verite sa a chanje fason nou panse de kòmandman yo ak de obeyisans?

Women 14

Nou dwe fè atansyon pou n pa jije chwa lòt moun ak pou nou pa vin tounen pyèdachopman spirityèl pou moun.

  • Pou mete Women 14 la an kontèks, ou gen dwa montre yo ke kèk nan sen nan Wòm yo t ap diskite youn ak lòt osijè diferant abitid manje, sou obsèvans fèt yo, ak sou lò pratik kiltirèl. Ki sitiyasyon menmjan an nou genyen jodia? Petèt yo ka gade nan Women 14 pou yo ka jwenn yon fraz ki rezime konsèy Pòl la. Ki konsèy nou ka pataje youn ak lòt sou fason pou n evite pote jijman? Deklarasyon Prezidan Dieter F. Uchtdorf la nan seksyon “Resous adisyonèl” la ka ede tou.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Pou ankouraje manm klas yo pou yo li 1 Korentyen 1–7, ou ka di yo chapit sa a gen konsèy Pòl te bay manm ki t ap viv nan sa k te youn nan ansyen vil ki te pi imoral ak pi idolat nan antikite a.

Imaj
senbòl resous

Resous adisyonèl

Women 7-16

Resevwa “tout sa Papa [a] genyen” (DA 84:38).

Nan Bib la

Nan ekriti dènye jou yo

Eldè Dallin H. Oaks te rakonte parabòl sa a:

“Yon papa rich te konnen ke, si l te kite richès li a pou yon pitit li ki potko akeri sajès ak matirite nesesè a, li t ap pwobableman gasipye eritaj la. Li te di pitit li a:

“‘Tout sa m genyen, m vle ba ou li—pa sèlman richès mwen an, men pozisyon m ak repitasyon m pami lèzòm tou. Sa m posede a, mwen ka ba ou li fasilman men, sa m ye a, se oumenm ki ka akeri l poutèt pa w. W ap kalifye pou eritaj ou a nan aprann sa m te aprann ak nan viv fason m te viv. M ap ba ou tout lwa ak prensip ki te fè m akeri sajès mwen ak matirite m yo. Suiv egzanp mwen, jere jan m te jere a, epi w ap vin jan m te ye a, epi tout sa m genyen ap vin pa ou’” (“Ce que nou devons devenir,” Ensign, Nov. 2000, 32).

Eritye avèk Kris la.

“Sen Dènye Jou yo konsidere tout moun kòm pitit Bondye nan sans literal tèm nan; yo konsidere ke chak moun gen yon orijin, yon nati, ak yon potansyèl diven. ... Tou kòm yon timoun piti ka devlope kalite paran li avèk letan, nati divin imen yo eritye a kapab devlope pou l vin sanble ak pa Pè Selès yo a. ... Gason yo ak fi yo gen potansyèl pou yo egzalte vin nan yon eta divinite” (“Vin sanble ak Bondye,” Sijè levanjil yo, topics.lds.org).

Jije lòt moun.

Prezidan Dieter F. Uchtdorf te anseye:

"Anfèt, nou ta ka itilize yon sèl grenn mo pou trete sijè pote jijman sou lòt moun nan. Nan sa k konsène rayiman, tripotay, inyore, pase moun nan betiz, kenbe moun nan kè, oubyen anvi pou fè moun mal, tanpri aplike bagay sa a:

“Sispann!!

“Se osi senp ke sa. Nou bezwen tou senpleman sispann jije lòt moun epi ranplase panse ak santiman jijman yo pa yon kè plen lanmou pou Bondye ak pou pitit li yo. Li se Papa nou. Nou se pitit li. Nou tout se frè ak sè. ... Yon afich m te wè dènyèman ... te kole nan do yon machin ke chofè a te parèt yon tijan wòf an aparans, men mo ki te ekri sou afich sa a te anseye yon leson penetran. Li te di: “Pa jije m paske peche pa m diferan ak pa w’” (“Moun ki mizèrikòdye a ap jwenn mizèrikòd,” Ensign oswa Liahona, Me 2012, 75).

Amelyore ansèyman nou

Chèche jwenn dokimantasyon k ap kore prensip yo. Anplis ide ansèyman yo bay nan leson sa a, ou gen dwa modifye aktivite nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou moun yo ak fanmi yo pou itilize nan klas ou a. (Gade nan Anseye nan fason Sovè a, 20–21).

Enprime