“Resous adisyonèl,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo Testaman 2019 (2019)
“Resous adisyonèl,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2019
Resous adisyonèl
Nou ka jwenn majorite resous sa yo nan app Bibliyotèk Levanjil la ak nan LDS.org.
Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo
Ou ka adapte nenpòt aktivite ki nan manyèl sa a pou w itilize nan klas Lekòldidimanch ou a. Si manm klas yo itilize aktivite sa yo nan etid ekriti pèsonèl oubyen familyal yo, ankouraje yo pou yo pataje eksperyans yo ak enpresyon yo.
Revi Legliz yo
New Era, Ensign, ak Lyawona bay atik ak lòt dokimantasyon ki ka konplete prensip w ap anseye yo nan Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch la.
Cantiques ak Chants pour les enfants
Mizik sakre envite Lespri epi l anseye doktrin nan nan yon fason inoubliyab. Anplis vèsyon enprime Cantiques ak Chants pour les enfants yo, ou ka jwenn anpil kantik ak chan pou timoun nan music.lds.org ak nan app LDS Music la.
Medyatèk
Ilistrasyon, videyo, ak lòt medya ka ede moun w ap anseye yo vizyalize doktrin nan ak istwa nou jwenn nan Nouvo Testaman yo. Vizite medialibrary.lds.org pou fè yon koudèy sou koleksyon resous media Legliz la genyen yo, ansanm avèk seri video sou Bib la, ki dekri evenman nan Nouvo Testaman yo.
Liv Seminè ak Enstiti
Liv seminè ak enstiti yo bay kontèks istorik ak kòmantè doktrinal pou prensip nou jwenn nan ekriti yo. Epitou, yo gen ide pou ansèyman ki ka adapte pou klas Lekòldidimanch yo.
Sijè Levanjil yo
Nan topics.lds.org ou ka jwenn enfòmasyon debaz sou yon varyete sijè levanjil, ansanm avèk lyen pou enfòmasyon itil, tankou bagay ki gen anrapò avèk diskou konferans jeneral, atik, ekriti ak video. Epi tou, ou ka jwenn Essais des sujets de l'évangile (Dokimantasyon sou sijè levanjil yo), ki ofri repons apwofondi pou kesyon sou levanjil la.
Ankre nan Lafwa
Liv sa a bay eksplikasyon senp sou kèk sijè levanjil, ki klase nan lòd alfabetik.
Preche Levanjil Mwen an
Manyèl pou misyonè sa a ofri yon apèsi sou prensip debaz levanjil yo.
Pou fòs jèn yo
Livrè sa a souliyen prensip Legliz ki ka ede nou rete diy pou benediksyon Senyè a. Espesyalman, si w ap anseye jèn yo, panse pou w fè referans avèk li souvan.
Anseye nan fason Sovè a
Liv sa a ka ede w aprann ak aplike prensip pou anseye nan fason Kris la. Nan reyinyon konsèy enstriktè yo, nou diskitesou prensip sa yo epi fè pratik avèk yo.