Vini, Suiv Mwen
Itilize Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch la


“Itilize Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch,Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Nouvo Testaman 2019 (2019) la

“Itilize Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch,Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2019 la

Itilize Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch la

Prepare pou w anseye Lekòldidimanch

Fwaye nou ta dwe sant aprantisaj levanjil la. Sa se yon verite pou oumenm ak moun w ap anseye yo. Lè w ap prepare pou w anseye, kòmanse fè pwòp eksperyans pa w nan ekriti yo. Preparasyon ki pi enpòtan pou w fè a ap fèt lè w chèche enspirasyon Sentespri a.

Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo se yon pati enpòtan nan preparasyon w lan tou. L ap ede w gen yon konpreyansyon pi apwonfondi sou prensip doktrinal yo ki nan ekriti yo. W ap kapab enspire ak envite manm klas yo pou yo itilize Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo tou pou amelyore etid ekriti pèsonèl ak familyal yo (si w bezwne èd pou w fè sa, gade nan seksyon “Ide pou ankouraje etid pèsonèl ak familyal” la nan manyèl sa a). Lè w ap fè sa, sonje pou w panse a manm nan klas ou yo ki nan sikonstans ki pa pèmèt yo fè etid ekriti regilyèman nan fanmi yo.

Pandan preparasyon w yo, ou pral resevwa ide ak enspirasyon konsènan moun w ap anseye yo, sou fason prensip ki nan ekriti yo pral beni lavi yo, ak fason ou ka enspire yo pou yo dekouvri prensip sa yo pandan y ap etidye ekriti yo pou tèt pa yo.

Ide pou ansèyman

Lè w ap fè plan pou ansèyman w yo, ou ka jwenn enspirasyon adisyonèl si w al gade plan leson yo bay la nan manyèl sa a. Pa konsidere ide sa yo kòm enstriksyon pou w suiv etap pa etap, men pito, kòm sigjesyon pou deklanche pwòp enspirasyon pa ou. Ou konnen manm klas ou yo, epi Senyè a konnen yo tou. L ap enspire w ki pi bon fason pou w ede manm klas yo bati sou aprantisaj levanjil y ap fè lakay yo.

Ou gen anpil lòt resous ki disponib lè w ap prepare w, tankou ide ki nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a ak revi Legliz yo. Pou plis enfòmasyon sou dokimantasyon sa a ak lòt resous, gade nan “Resous Adisyonèl.”

Kèk bagay pou w kenbe nan lespri w

  • Fwaye a se pi bon kote pou aprann levanjil la. Antanke enstriktè, ou gen responsablite enpòtan pou w sipòte, ankouraje, ak bati sou aprantisaj levanjil la nan fwaye a.

  • Konvèsyon manm klas yo nan levanjil Jezikri a ap apwofondi si yo konprann ak aplike vrè doktrin nan. Ankouraje yo pou yo pran nòt epi pou yo suiv enspirasyon yo resevwa nan men Sentespri a.

  • Anseye vledi plis pase fè yon prezantasyon majistral, epi li plis pase senpleman dirije yon diskisyon. Yon pati nan wòl ou se ankouraje patisipasyon ki edifyan epi ki baze sou ekriti yo.

  • Papa nou ki nan syèl la vle w reyisi kòm enstriktè. Li mete anpil resous aladispozisyon ou pou ede w reyisi, enkli reyinyon konsèy enstriktè yo. Nan reyinyon sa yo, ou ka fè echanj konsèy avèk lòt enstriktè sou nenpòt pwoblèm w ap rankontre. Ou ka fè diskisyon ak pratik tou sou prensip pou anseye nan fason Kris la.

  • Moun aprann pi byen lè yo gen opòtinite pou yo anseye. Tanzantan, sonje pou w kite manm klas yo, enkli jèn yo, anseye yon pati nan leson an. Baze desizyon sa a sou bezwen ak kapasite manm klas yo. Si w envite yon manm nan klas la pou l anseye, pran tan pou w ede l prepare alavans kote w ap itilize ide yo bay nan manyèl sa a ak nan manyèl Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a. Sonje ke, antanke enstriktè ki resevwa apèl sa a, se ou k responsab sa k ap anseye nan klas la.

  • Manyèl sa a gen egzèsis pou chak semèn nan ane a, eksepte pou de Dimanch lè gen Konferans Jeneral yo. Nan jou Dimanch kote Lekòldidimanch pa fèt poutèt konferans pieu oubyen pou nenpòt lòt rezon, fanmi yo ka kontinye li Nouvo Testaman an lakay yo selon orè yo ba yo a. Pou w ka respekte orè yo ba ou pou klas Lekòldidimanch ou a, ou gen dwa chwazi pou w sote yon leson oubyen konbine de leson ansanm. Pou evite konfizyon, Prezidan Lekòldidimanch yo gen dwa deside pou yo bay enstriktè Lekòldidimanch yo konsèy alavans sou ajisteman sa yo.

Enprime