Ansyen Testaman 2022
14–20 Mas. Jenèz 42–50: “Men Bondye Fè Sa Tounen Yon Byen


“14–20 Mas. Jenèz 42–50: ‘Men Bondye Fè Sa Tounen Yon Byen’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“14–20 Mas. Jenèz 42–50,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Ansyen Testaman 2022

Imaj
Jozèf pa Ejip la

Ilistrasyon Joseph pa Ejip la

14–20 Mas.

Jenèz 42–50

“Bondye Fè Sa Tounen Yon Byen”

Èldè David A. Bednar te di, “Konpreyansyon espirityèl oumenm ak mwen te beni pou resevwa … senpleman pa kapab al jwenn yon lòt moun” (“Seek Learning by Faith,” Ensign, Sept. 2007, 67). Kijan w pral ede manm klas la akeri konpreyansyon espirityèl pou tèt yo?

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Pou bay manm klas la yon opòtinite pou yo pataje yon bagay yo te twouve ki siyifikatif nan etid ekriti pèsonèl ou familyal yo, ou ta kapab poze kesyon tankou sa yo nan kòmansman leson an. Ki vèsè nan chapit sa yo ki te atire atansyon w? Ki vèsè ou te twouve w ap li plis pase yon fwa? Ki vèsè ou te pataje avèk yon moun? Ki vèsè ki te mennen w nan yon diskisyon enstriktif avèk fanmi w ak zanmi w yo?

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Jenèz 45:1–15; 50:15–21

Padon pote lapè.

  • Anvan w kòmanse yon diskisyon sou sa eksperyans Joseph la anseye konsènan padon, li ta kapab itil pou w fè yon moun briyèvman rapòte istwa ki nan Jenèz 37; 39–45la . Poukisa li te petèt difisil pou Joseph te padone frè l yo? Ki eksperyans oubyen atitid ki kapab te bay Joseph fòs pou l te padone? (Gade, pa egzanp, nan Jenèz 45:1–15 oubyen 50:15–21). Kijan egzanp Joseph la ede nou gen plis dispozisyon pou nou padone?

    Video “Forgiveness: My Burden Was Made Light” a nan (ChurchofJesusChrist.org) bay yon lòt egzanp enspiran sou padon tou. Kijan Sovè a ede nou padone lòt moun?

  • Ki benediksyon ki soti nan padone Joseph te padone frè l yo? Li ta kapab enteresan pou w konpare relasyon fanmi Jakòb nan kòmansman istwa a (gade, pa egzanp, nan Jenèz 37:3–11) avèk eta yo nan fen istwa a (gade nan Jenèz 45:9–15; 50:15–21). Ki wòl padon te jwe nan chanjman ki te genyen nan fanmi Joseph la? Kijan bagay yo ta kapab fini yon fason diferan si Joseph pa t dispoze pou l te padone? Ou ta kapab envite manm klas la pou yo sigjere fason istwa sa a ta kapab ede fanmi yo simonte kontansyon ak jalouzi jodi a.

Jenèz 45:5–11; Tradiksyon Joseph Smith, Jenèz 50:24–38 (nan apendis Bib la)

Travay Joseph, Moyiz ak Joseph Smith te fë yo rann temwayaj konsènan misyon Jezikri a.

  • Avèk limyè adisyonèl levanjil retabli a, nou konnen ke Joseph, ki te delivre fanmi l anba grangou, te powfetize gwo benediksyon ki tap vini yon jou pa lantremiz Moyiz ak Joseph Smith tou. E tout pwofèt sa yo dirije nou sou Gwo Liberatè nou an, Jezikri. Pou ede manm klas la wè Sovè a nan ministè twa pwofèt sa yo, ou ta kapab trase yon dyagram tankou sa nou jwenn nan “Resous Adisyonèl” la sou tablo a. Manm klas la ta kapab travay ansanm pou yo ranpli l. Apre sa yo ta kapab ajoute kolòn ki dekri travay Joseph, an Ejip la, Moyiz ak Joseph Smith, pandan y ap itilize sa yo aprann nan Jenèz 45:5–11 ak Tradiksyon Joseph Smith, Jenèz 50:24–38 la (nan apendis Bib la). Kijan ministè pwofèt sa yo rann temwayaj konsènan Sovè a epi dirije nou sou misyon Sovè a? (Pou kèk egzanp sou similarite ant lavi Joseph, moun Ejip la ak lavi Sovè a, gade nan Jenèz 37:3 ak Matye 3:17; Jenèz 37:26–28 ak Matye 26:14–16; Jenèz 45:5–7 ak Lik 4:18; ak Jenèz 47:12 ak Jan 6:35; gade tou nan Moyiz 6:63.)

    Imaj
    Joseph, moun Ejip la fè yon vizyon kote Joseph Smith ap resevwa plak lò yo

    Ilistrasyon Joseph, moun Ejip la, pa Paul Mann

Jenèz50:19–21

Bondye kapab ede nou jwenn sans nan eprèv nou yo.

  • Menm si sa kapab pa t klè pou li lè l tap andire eprèv difisil yo, alafen Joseph te vin kapab fè yon ti koudèy an aryè sou advèsite l yo an Ejip la epi wè ke “Bondye te fè sa tounen yon byen” (Jenèz 50:20). Si nou te vizite Joseph pandan l te nan twou a oubyen nan prizon an, kijan nou ta ap ka rekonfòte li? Kijan panse ki eksprime nan Jenèz 50:19–21 an ta kapab ede nou nan moman eprèv yo? Petèt manm klas la t ap dispoze pou yo pale de fason Bondye beni yo, menm si yo te travèse anpil moman difisill. Pa egaznp, gade video “Unto All the World: The Sam Family (Pou tout mond lan: Fanmi Sam)” nan nan (ChurchofJesusChrist.org). Kisa Doktrin ak Alyans 122 a ajoute sou konpreyansyon nou konsènan parabòl sa a?

Imaj
additional resources icon

Resous Adisyonèl

Lavi pwofèt yo rann temwayaj de Jezikri ak misyon L lan.

Lavi Joseph an Ejip la, Moyiz ak Joseph Smith kapab raple nou Jezikri. Manm klas la ta kapab ranpli dyagram sa a epi ajoute kèk kolòn pou Joseph, moun Ejip la (gade nan Jenèz 45:5–11), Moyiz (gade nan Tradiksyon Joseph Smith, Jenèz 50:24, 29, 34–36 [nan apendis Bib la]), ak Joseph Smith (gade nan Tradiksyon Joseph Smith, Jenèz 50:26–28, 30–33 [nan apendis Bib la]).

Jezikri

Kiyès ki te delivre?

Anba kisa yo te dellivre?

Kisa ki te fèt pou yo te ka delivre?

Amelyore Ansèyman nou

Poze kesyon ki envite moun rann temwayaj. Poze kesyon ki ankouraje elèv yo pou yo rann temwayaj kapab yon mwayen efikas pou envite Lespri a. Pa egzanp, lè w ap anseye Jenèz enesis 45:1–15la, ou ta kapab poze yon kesyon tankou “Ki benediksyon ou te resevwa poutèt ou te padone yon moun?” (gade nan Anseye nan Fason Sovè a, 32).

Enprime