Ansyen Testaman 2022
28 Fevriye–6 Mas. Jenèz 28–33: “Wè Pa Wè, Senyè a Isit La”


“28 Fevriye–6 Mas. Jenèz 28–33: ‘Wè Pa Wè, Senyè a Isit La,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“28 Fevriye–6 Mas. Jenèz 28–33,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2022

Imaj
Tanp Tijuana nan Meksik

28 Fevriye–6 Mas

Jenèz 28–33

Wè Pa Wè, Senyè a Isit La

Pandan w ap prepare w pou anseye, konsidere nan yon lespri lapriyè ki prensip nan Jenèz 28–33 a ki ta kapab pi itil manm klas ou yo. Ide sa yo destine pou ajoute sou etid pèsonèl ou ak enspirasyon w.

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Youn nan benediksyon ki genyen nan reyini nan yon klas Lekòldidimanch sèke manm yo gen opòtinite pou youn ede lòt jwenn sans nan ekriti yo. Ankouraje manm klas la pou yo pataje avèk yon moun ki chita bò kote yo sa Sentespri a te anseye yo lè yo t ap etidye ekriti yo semèn sa a. Kèk nan yo ta kapab pataje sa yo te diskite avèk klas la. Sa ta kapab kreye yon bon pwen pou kòmanse diskisyon nan klas ou a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Jenèz 28:10–22.

Nou fè alyans avèk Bondye nan tanp lan.

  • KIjan w ta kapab ede manm klas la jwenn siyifikasyon nan eksperyans Jakòb la nan Betèl, jan sa dekri nan Jenèz 28:10–22a? Manm klas la ta kapab kòmanse pa revize Jenèz 27:41–45; 28:1–5 epi reflechi sou lavi Jakòb nan moman an. Kijan Jakòb kapab te santi l? Apre sa, manm klas la ta kapab eksplore Jenèz 28:10–22. Kijan eksperyans sa a te beni Jakòb? Kijan l ta kapab rekonfòte? Kijan eksperyans Jakòb la enspire nou lè nou ap adore tanp lan? Klas la ta kapab chante tou, li, oubyen koute chan ki rele “Mon Dieu, Plus Près de Moi,” a ki baze sou vèsè sa yo (Cantiques, no. 54). Yo ta kapab pataje gwoup mo ki soti nan chante a oubyen nan Jenèz 28:10–22 ki raple yo eksperyans yo te fè lè yo t ap eseye vin pi pre Sovè a.

  • Souvan yo konpare nechèl Jakòb te wè nan rèv li a avèk alyans tanp yo. Petèt ou ta kapab montre oubyen desine foto yon nechèl ak yon tanp. Manm klas la ta kapab revize Jenèz 28:10–22 epi pale de kisa nechèl ki nan rèv Jakòb la anseye nou konsènan tanp lan. Ki lòt bagay nou jwenn nan vèsè sa yo ki raple nou benediksyon nou resevwa akozde alyans tanp yo? (Gade nan “La dotation” ak “Le scellement au temple” [temples.ChurchofJesusChrist.org].)

  • Pou ede manm klas la medite sou pwomès alyans abraramik lan, ke Senyè a te renouvle avèk Jakòb, ou ta kapab envite yo pou yo li Jenèz 28:10–15 epi pou yo pale de jan nou kapab resevwa benediksyon sa yo jodi a (gade tou nan Jenèz 12:2–3). Yo ta kapab li deklarasyon Prezidan Russell M. Nelson an nan “Resous Adisyonèl yo,” pandan y ap chèche benediksyon ki soti nan fè ak respekte alyans yo. Kijan Jakòb te beni poutèt li te resevwa pwomès ke nou jwenn nan Jenèz 28:10–15yo? Ki koneksyon nou wè ant evènman ki nan vèsè sa yo ak evènman ki nan Jenèz 29 ak 30 yo (Jakòb ki ap marye ak nesans timoun li yo)? Kijan Senyè a beni nou lè nou fè ak respekte alyans sakre?

Imaj
Jakòb ak Ezayi ap bay akolad

Ilistrasyon Jakòb ak Ezayi ki ap bay akolad, pa Robert T. Barrett

Jenèz 32–33

Sovè a kapab ede nou simonte diskòd nan fanmi nou yo.

  • Jenèz 32–33 ta kapab enspire manm klas la ki vle jwenn gerizon nan relasyon familyal yo. Li ta kapab itil pou mande yon manm klas la pou rezime briyèvman evènman ki ekri nan Jenèz 27la. Plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo enkli kesyon pou medite pandan w ap etidye Jenèz 32–33a. Petèt manm klas la ta kapab seleksyone youn nan kesyon sa yo epi chèche repons yo nan chapit yo. Yo kapab dispoze tou pou yo pataje eksperyans yo te fè lè yo ap fòtifye relasyon difisil nan fanmi yo. Ankouraje yo pou yo pale de jan Pè Selès la te ede yo.

Imaj
senbòl resous adisyonèl

Resous Adisyonèl

Nou se pitit alyans.

Prezidan Russell M. Nelson te anseye:

“Nan moman batèm nou, nou fè alyans pou nou sèvi Senyè a ak respekte kòmandman L yo. Lè nou pran Sentsèn, nou renouvle alyans sa a epi nou deklare dispozisyon nou pou nou pran non Jezikri sou tèt nou. Se poutèt sa nou adopte kòm pitit gason ak pitit fi Li epi yo rekonèt nou kòm frè ak sè. Li se papa nouvo vi nou an. Finalman, nan tanp sakre a, nou kapab vin tounen ko-eritye benediksyon yon fanmi etènèl, jan Senyè a te pwomèt Abraram, Izaak, Jakòb ak posterite yo yon fwa a. Konsa, maryaj selès se alyans egzaltasyon an.

“Lè nou rann nou kont ke nou se pitit alyans lan, nou konnen kimoun nou ye ak kisa Bondye atann de nou. Law L la ekri nan kè nou. Li se Bondye nou e nou se pèp Li. Pitit alyans ki angaje yo rete fèm, menm lè yo nan mitan advèsite. Lè doktrin sa a byen enplante andedan fon kè nou, menm giyon lamò a adousi epi fòs espirityèl nou vin pi ranfòse” (“Alyans,” Liahona, Nov. 2011, 88).

Amelyore Ansèyman Nou

Ede etidyan yo aplike enspirasyon yo. Vrè konvèsyon mande plis pase sèlman santi Lespri a konfime verite a nan nanm nou; nou dwe aji selon verite sa yo tou. Anplis ede moun yo santi ak rekonèt Lespri a, ede yo aji selon enspirasyon yo resevwa yo tou” (Anseye nan Fason Sovè a, 10).

Enprime