Ansyen Testaman 2022
8–14 Novanm. Amòs; Abdias: “Chèche Senyè a, epi W ap Viv”


“8–14 Novanm. Amòs; Abdias: “Chèche Senyè a, epi W ap Viv,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“8–14 Novanm. Amòs; Abdias,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2022

Imaj
figi Jezi ki limen pa limyè balèn nan yon chanm fènwa

Pen Lavi a, Chris Young

8–14 Novanm

Amòs; Obadya

“Chèche Senyè, a epi W ap Viv”

Pandan w ap etidye Amòs ak Abdias la, dispoze ou pou enspirasyon sou sa ou dwe anseye manm klas ou yo. Ekri panse sa yo, epi chèche opòtinite pou pataje yo nan klas Dimanch ou a.

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Menmjan Amòs ak Abdias te bay moun nan epòk pa yo a avètisman an, se konsa pawòl sa yo bay avètisman pou nou jodia tou. Ou ta ka envite manm klas yo pataje ansèyman nan Amòs ak Abdias ki aplike pou nou.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Amòs 3:7–8; 7:10–15

Senyè a revele laverite atravè pwofèt Li yo.

  • Envite manm klas yo pataje verite yo aprann sou pwofèt yo nan etid pèsonèl oubyen familyal yo Amòs3 ak Amòs7. Ou ta ka fè lis repons yo sou tablo a. Ki lòt nou konnen sou pwofèt? (Pou kèk ide, gade nan atik Sijè Levanjil yo nan “Pwofèt” [topics.ChurchofJesusChrist.org].) Ankouraje plizyè manm nan klas la pataje fason yo te akeri temwayaj yo sou wòl enpòtan pwofèt yo jwe nan plan Bondye a.

  • Kòman nou ta ka pataje avèk yon zanmi poukisa li enpòtan pou nou gen yon pwofèt nan epòk nou an? Kiyès ki ka fè lis kesyon ke yon moun ki pa manm Legliz la ta ka poze yon pwofèt sou tablo a? Kòman nou ta ka itilize Amòs 3:7–8 ak 7:10–15pou reponn kèk nan kesyon sa yo?

  • Kòm yon pati nan diskisyon w lan konsènan pwofèt yo, ou ta ka pataje yonn nan video sa yo: “Nou Bezwen Pwofèt Vivan” oubyen “Pawòl Pwofèt yo” (ChurchofJesusChrist.org). Nan ki fason pwofèt dènye jou nou yo ede nou vin pi pre Jezikri?

Amòs5; 8:11–12

Apostazi se tankou yon grangou pou tande pawòl Senyè a.

  • Pou kòmanse yon konvèsasyon sou grangou Amòs dekri nan Amòs 8:11–12la, ou ta ka twouve l itil pou w repase kondisyon spirityèl pèp li t ap preche yo. Kouman Izrayelit yo te vire do bay Senyè a? (gade nan, paregzanp, Amòs 2:6–8; 5:11–12). Poukisa li enpòtan pou nou konnen ke yo te tonbe? Apresa, manm klas yo ta ka li Amòs 8:11–12 epi pale sou rezon ki fè “famin” ak “swaf” se bon mo pou dekri kondisyon moun ki vire do bay Senyè a. Manm klas yo ta ka fouye nan Amòs5 pou jwenn vèsè ki ka ede nou evite apostazi nan lavi nou (gade nan, paregzanp, vèsè 4, 11–12, 14–15, 25–26).

  • Lè nou konprann grangou spirityèl ki akonpaye apostazi a, sa ka ede nou konprann abondans spirityèl nou jwi gras ak Retablisman an. Ou ta ka ekri kèk kesyon sou Apostazi ak Retablisman an sou tablo a, tankou Poukisa te gen yon Apostazi? Ki enpak Apostazi a te genyen sou pitit Bondye yo? Ki enpak Retablisman an te genyen? Ankouraje manm klas yo pou yo itilize resous tankou sa yo pou yo jwenn repons pou kesyon sa yo ak lòt kesyon: “Mesaj Retablisman Levanjil Jezikri a” nan chapit3 nan Preche Levanjil Mwen an ([2019], 36–39); atik Sijè Levanjil yo “Apostazi” (topics.ChurchofJesusChrist.org); video “Gran Apostazi a” (ChurchofJesusChrist.org); ak sitasyon ki nan “Resous Adisyonèl” la. Envite manm klas yo pou yo pale sou verite ki retabli nan epòk nou an ki spesyalman gen siyifikasyon pou yo.

Imaj
gwoup jèn moun ki kanpe devan tanp la

Nou ka vin tounen sovè sou Mòn Siyon lè nou fè istwa familyal ak travay tanp.

Abdias 1:21

“Sovè yo pral monte sou Mòn Siyon an.”

  • Poukisa fraz “sovè yo … sou mòn Siyon” an (Abdias 1:21) se yon bon deskripsyon pou nou lè nou fè istwa familyal ak travay tanp? Nan ki fason travay nou fè pou zansèt nou yo nan tanp la ede nou santi nou pipre Sovè a, Jezikri? Mnam klas yo ta ka pataje eksperyans resan yo te fè pandan yo tap fè istwa familyal ak travay tanp.

Imaj
senbòl resous adisyonèl

Resous Adisyonèl

Leson nan bagay lepase yo.

Prezidan M.Russell Ballard te anseye:

“Nan ti kantite ane ki relativman kout Nouvo Testaman an kouvri yo, … pèp la te vire kont Kris la ak Apot Li yo. Chit la te tèlman gran ke nou te vin konnen l kòm Gran Apostazi, ki te mennen nan anpil syèk blokaj ak inyorans spirityèl ke yo rele Laj Tenèb yo.

“…Papa nou ki nan Syèl la renmen tout pitit Li, epi Li vle yo tout gen benediksyon levanjil la nan lavi yo. Limyè spirityèl pa pèdi paske Bondye vire do L bay pitit Li yo. Okontrè, tenèb spirityèl se rezilta lè pitit Li yo tounen do yo kolektivman ba Li. Se konsekans natirèl move chwa moun, ak kominote, ak peyi, ak tout sivilizasyon fè. Bagay sa a pwouve tèt li plizyè fwa atravè tan ki te pase. Yonn nan gwo leson nan chema istorik sa a, sèke chwa endividyèl ak chwa kolektif nou gen rezilta konsekans spirityèl pou noumenm ak pou posterite nou” (“Aprann Leson Nan Bagay Lepase yo,” Lyawona, Me 2009,32).

Amelyore Ansèyman Nou

Ede moun k ap aprann yo rekonèt Sentespri a. “Si w santi Sentespri a enspire ou, mande moun k ap aprann yo kisa yo santi ak kisa yo santi yo pouse pou yo fè. Ede yo asosye santiman spirityèl sa yo avèk enfliyans Sentespri a” (Anseye nan Fason Sovè a, 11).

Enprime