Ansyen Testaman 2022
21–27 Novanm. Jonas; Miche: “Li Pran Plezi nan Mizèrikòd”


“21–27 Novanm. Jonas; Miche: ‘Li Pran Plezi nan Mizèrikòd,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2022 (2021)

“21–27 Novanm. Jonas; Miche,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2022

Imaj
yon mesye k ap rale sou yon plaj avèk yon balèn nan lanmè a dèyè li

Jonas sou plaj Niniv la, pa DanyèlA. Lewis

21–27 Novanm

Jonas; Miche

“Li Pran Plezi nan Mizèrikòd”

Konvèsyon dirab mande plis pase yon leson enspire nan Lekòldidimanch chak 2 semèn. Ankouraje manm klas yo pou yo chèche eksperyans espirityèl pèsonèl pandan tout lavi yo.

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Panse ekri fraz tankou sa a sou tablo a: Yon verite yo te raple m, yon bagay nouvo mwen te aprann, ak Yon bagay mwen ta renmen etidye plis. Bay manm klas yo tan pou yo revize sa yo te etidye nan Jonas ak Miche ki gen rapò avèk youn nan fraz sou tablo a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Jonas 1–4; Miche 7:18–19

Senyè a gen mizèrikòd pou tout moun ki vin jwenn Li.

Raple klas ou a ke mizèrikòd Senyè a kapab ede yo santi lanmou Li pou yo epi enspire yo pou yo repanti. Ou kapab envite klas la pou li Miche 7:18–19 epi ekri sou tablo a kèk evènman nan Jonas 1–4 ki montre Senyè pran plezi nan mizèrikòd. Ki lòt eksperyans mizèrikòd Bondye nou kapab pataje—ki soti nan ekriti yo oubyen nan pwòp lavi pa nou?

Fè eksperyans mizèrikòd Senyè a kapab enspire nou pou nou gen plis mizèrikòd. Men yon ide ki ka ede manm klas ou yo aprann konsènan mizèrikòd nan liv Jonas la. Ou kapab ekri yon kesyon konsa sou tablo a: Kisa mizèrikòd Bondye, jan li demontre nan Jonas 1–4 la, ansenye mwen osijè gen plis mizèrikòd? Chak manm nan klas la ka chwazi yon chapit pou revize epi chèche repons kesyon an. Bay manm klas yo tan pou yo reflechi sou opòtinite yo genyen pou ranplase atitid jije lòt moun yo ak mizèrikòd pou tèt pa yo ak pou lòt moun.

Imaj
De moun k ap pale bò yon rivyè

Nou kapab pataje levanjil la avèk pitit Bondye yo.

Jonas1; 3–4

Tout pitit Bondye yo bezwen tande levanjil la.

  • Yon fason pou nou tire leson nan istwa Jonas la se pou nou konpare li avèk resi misyonè yo nan Liv Mòmon an. Panse kreye de kolòn sou tablo a avèk tit sa yo Jonas ak Alma ak Pitit Gason Mozya yo. Envite klas la pou yo konpare atitid Jonas konsènan anseye moun Niniv yo (gade Jonas 1; 3–4) ak atitid pitit gason Mozya yo konsènan anseye Lamanit yo (gade Mozya 28: 1–5; Alma 17: 23–25). Ki sa nou aprann nan egzèsis sa a sou pataje levanjil la avèk tout pitit Bondye?

  • Menmjan ak Jonas, anpil nan nou ka santi nou ezitan pou nou envite lòt moun pou vin jwenn Senyè a. Site kèk rezon posib ki te fè Jonas kouri kite apèl li pou l te avèti moun lavil Niniv yo? Poukisa nou ka pafwa ezite pataje levanjil la? Manm klas yo te ka pataje fason Senyè a ede yo simonte ezitasyon yo. Konsèy Prezidan HenryB. la Eyring nan “Resous Adisyonèl” la ta ka ede manm klas yo idantifye prensip ki ka ranfòse efò nou pou pataje levanjil la.

Miche 6:6–8

“Kisa Senyè a mande ou?”

  • Miche 6: 6–7 mansyone plizyè eleman nan ansyen rituèl Juif yo. Men, gen kèk bagay ki pi enpòtan pou Bondye pase rit eksteryè. Envite manm klas yo pou yo chèche bagay enpòtan sa yo nan vèsè8la. Petèt manm klas yo ka idantifye fraz kle yo nan vèsè sa a epi diskite sou sa chak fraz vle di. Apresa, yo ta kapab chwazi fraz yo pi renmen yo, jwenn ekriti ki apwopriye avèk yo nan Gid Ekriti yo oswa nan yon kantik anrapò nan liv Cantiquesla, epi pataje sa yo aprann. Poukisa prensip sa yo enpòtan pou Senyè a?

Imaj
senbòl resous adisyonèl

Resous Adisyonèl

Lanmou, egzanp, ak temwayaj.

Aprè li te fin diskite avètisman Jonas bay moun Niniv yo, Prezidan HenryB. Eyring te pataje yon eksperyans kote manman l te ba l yon avètisman:

“Mwen toujou sonje manman m k ap pale dousman avèk mwen yon jou Samdi apremidi lè, pandan m te ti gason, m te mande l pèmisyon pou m te fè yon bagay m te panse ki te pafètman rezonab epi li menm li te konnen ki te danjere. M toujou santi m emèveye pa pouvwa li te genyen, mwen kwè Senyè a te ba li, pou l te chanje lespri m avèk kèk mo sèlman. Janm sonje yo, sete: ’O, m sipoze w ta ka fè sa. Men chwa a nan men ou’ Sèl avètisman an sete nan aksan l te mete sou mo ta ka a avèk chwaa. Men sa te sifi pou mwen.

“Pouvwa li pou avèti avèk ti kras mo a te soti nan twa bagay m te konnen osijè li. Premyèman, li te renmen mwen. Dezyèmman, mwen te konnen li te deja fè sa l te vle m fè a epi sa te beni li. Epi twazyèmman, li te transmèt mwen temwayaj sèten li ke chwa m t ap fè a te sitèlman enpòtan ke Senyè a t ap kontan di m kisa pou m te fè si m te mande Li. Lanmou, egzanp, ak temwayaj: bagay sa yo sete kle jou sa a” (“Yon vwa avètisman,” Ensign, Nov. 1998,32).

Amelyore Ansèyman Nou

Prepare tèt nou. Ansèyman puisan levanjil la kòmanse avèk prepare tèt nou. Anvan ou prepare leson w lan, konsantre sou ranpli kè w avèk Sentespri a atravè bonjan etid ak lapriyè. (Gade Anseye nan fason Sovè a, 12.)

Enprime