Ansyen Testaman 2022
28 Novanm–4Desanm. Nawoum; Abakouk; Sofoni: “Fason Li Etènèl”


28 Novanm–4Desanm. Nawoum; Abakouk; Sofoni: ‘Fason Li Etènè,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Ansyen Testaman 2022 (2021)

28 Novanm–4Desanm. Nawoum; Abakouk; Sofoni,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2022

Imaj
Jezi ap gade zetwal yo

“Fason Li Etènèl” (Abakouk 3:6). Nan Kòmansman Sete Pawòl la, pa Eva Timothy

28 Novanm–4Desanm.

Nawoum; Abakouk; Sofoni

“Fason Li Etènèl”

Egzanp ou kòm etidyan k ap aprann levanjil la ka beni manm klas ou yo. Eksplike yo kijan Sentespri a ap ede ou konprann ekriti yo, epi eksprime konfyans ou ke li ka ede yo tou.

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Pou bay manm klas yo yon opòtinite pou pataje enfòmasyon nan etid ekriti yo, ou ta ka ekri Nawoum, Abakouk, ak Sofoni kòm tit sou tablo a. Apresa, manm klas yo ta ka ekri anba tit yo yon mo oswa yon fraz ki te atire atansyon yo ak chapit ak vèsè kote yo te jwenn li a. Bayo tan pou yo eksplike poukisa mo sa yo oswa fraz sa yo te enpòtan ak kisa Sentespri a te anseye yo.

Anseye Doktrin nan

Nawoum1

Senyè a puisan e Li gen mizèrikòd.

  • Plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo sijere pou w chèche nan Nawoum1 pou vèsè ki dekri kalite Senyè a. Ou ka mande manm klas yo sa yo te aprann sou Senyè a nan etid pèsonèl yo. Paregzanp, kisa nou aprann sou Li nan vèsè 1–9yo? Ou ka demontre ke Nawoum te pwofetize jijman Senyè a kont Niniv, kapital peyi Lasiri a, epi peyi Lasiri te oprime pèp Izrayèl la pandan anpil ane. Poukisa li te enpòtan pou Izrayelit yo te tande mesaj Nawoum nan sou Bondye a? Poukisa li enpòtan pou nou jodia?

    Imaj
    fò an wòch

    “Senyè a gen bon kè, jou malè, se Li ki pwoteje pèp Li” (Nawoum 1: 7).

Abakouk 1:1–4; 2:1–4;3

Nou ka kwè nan volonte Senyè a ak nan tan pa Li.

  • Li ta ka itil pou manm klas yo konnen ke menmjan ak anpil nan nou, Abakouk te boulvèse pa sa l te wè nan mond li t ap viv la. Petèt manm klas yo ta ka li Abakouk 1:1-4 epi pale angwo de enkyetid Abakouk yo. Yo ta kapab konpare kesyon l yo tou avèk lòt nan ekriti yo, tankou sa yo jwenn nan Mak 4: 37–38 ak Doktrin ak Alyans 121:1–6yo. Ki kesyon konsa moun poze sou Bondye jodia? Ki konsèy Senyè a te bay nan Abakouk 2:1–4 ki ede w kwè nan volonte Li ak nan tan pa Li? (gade tou Mak 4:39–40; Doktrin ak Alyans 121:7-8). Manm klas yo te ka jwenn lòt ide itil nan “Resous Adisyonèl.” Yo ta ka eksplike tou kijan Sovè a te ede yo “viv pa lafwa [yo]” menm lè yo gen kesyon san repons.

  • Pou kòmanse yon diskisyon sou Abakouk3, ou ta ka envite manm klas yo pou yo revize chapit la epi pataje ekspresyon louwanj ak lafwa yo jwenn. Pou ede yo aplike pawòl sa yo pou tèt pa yo, ou ta ka envite chak manm nan klas la pou l ekri yon lis benediksyon Bondye ba li. Envite yo medite sou sa k t ap rive si yo te pèdi kèk nan benediksyon tanporèl yo. Li ansanm Abakouk 3:17–19, epi diskite sou rezon ki fè li ka difisil pou ”nou “rejwi nan Senyè a (vèsè18) pandan pwoblèm tankou sa yo dekri nan vèsè17yo. Kijan nou ka devlope lafwa tankou Abakouk?

Sofoni 3:14–20

Senyè a pral rejwi avè pèp Li a nan Siyon.

  • Pou ede manm klas yo jwenn lespwa pou lefiti nan Sofoni 3:14–20, ou ta ka ekri sou tablo a “Fè kè ou kontan epi rejwi ak tout kè a” paske… Apresa, manm klas yo ta ka chache vèsè sa yo pou benediksyon yo te pwomèt pou lefiti ki ka ede yo rejwi jodia. Kijan pwomès sa yo ede nou nan moman difisil yo?

Imaj
senbòl resous adisyonèl

Resous Adisyonèl

Lafwa vle di kwè nan sajès, konpasyon, ak tan Bondye.

Èldè JeffreyR. Holland te di:

“Konbyen tan pou nou tann pou nou jwenn sekou anba eprèv ki tonbe sou nou yo? Konbyen tan pou nou andire eprèv pèsonèl pandan n ap tann epi tann, epi èd la pran tan pou l vini? Poukisa gen reta lè fado yo sanble yo pi lou pase sa nou ka sipòte?…

“…Ap gen moman nan lavi nou, kote menm pi gwo efò espirityèl ak priyè senè nou yo, pa p bay viktwa nou te swete yo, keseswa se konsènan gwo zafè mond la, oswa ti bagay pèsonèl. Konsa pandan nou ap travay ak pandan nou ap tann repons kèk nan priyè nou yo ansanm, m ap ofri nou pwomès apostolik ke Bondye tande priyè nou yo e Li reponn yo, menm si se petèt pa nan lè ak fason nou te vle a. Men yo toujou jwenn repons nan moman ak nan fason yon paran ki omnisyan e ki konpatisan etènèlman ta dwe reponn yo.…

“…Lafwa vle di kwè nan Bondye nan bon ak nan move moman, menm si sa enkli kèk soufrans jiskaske nou wè bra Li revele pou nou” (“Tann Senyè a,” Lyawona, Nov. 2020, 115–16).

Amelyore Ansèyman Nou

Poze kesyon ouvè. Lè w ap poze manm klas yo kesyon sou eksperyans yo avèk ekriti yo, “fè yo konnen ke w p ap chèche yon repons espesifik men ou sensèman enterese nan sa y ap aprann” (Anseye nan Fason Sovè a, 29). Pou kèk egzanp sou kesyon ouvè, gade Anseye nan Fason Sovè a, 31–32.

Enprime