Ansyen Testaman 2022
5–11 Desanm. Aje; Zakari 1–3; 7–14; “Sentete pou Senyè a”


“5–11 Desanm. Aje; Zakari 1-3; 7-14: ‘Sentete pou Senyè a,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“5–11 Desanm. Aje; Zakari 1–3; 7–14,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2022

Imaj
Tanp Laie a nan Awayi

Tanp Laie Awayi a

5–11 Desanm

Aje; Zakari 1–3; 7–14

“Sentete pou Senyè a”

Pandan w ap etidye Aje ak Zakari a, medite sou kijan w ka ede manm klas yo jwenn sans nan pwofesi sa yo.

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Manm klas yo ka pataje vèsè nan liv Aje ak Zakari yo ke yo te medite oubyen diskite avèk lòt moun semèn sa a epi diskite sou fason vèsè sa yo te ede yo vin pi pre Senyè a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan

Aje1; 2:1

“Konsidere fason w yo.”

  • Konsèy nan Aje1 an kapab ede manm klas yo panse sou priyorite yo. Ou kapab envite yo li Aje 1:1–7 epi idantifye fason pèp Jerizalèm nan te sispann bay priyorite sa Senyè a te vle yo fè. Site kèk bagay Senyè a te mande nou bay gwo priyorite nan lavi nou? Kisa ki kapab detounen fokis nou sou Papa nou ki nan Syèl la ak Sovè a ak priyorite Yo a? Petèt manm klas yo ka pataje eksperyans ki te ede yo “konsidere fason [yo]” ak priyorite yo.

  • Pou ede manm klas yo reflechi sou fason yo kapab fokis pi konplètman sou priyorite Senyè a bay yo, ou kapab mande yo pou yo revize Aje 2:1-9. Ki konsèy Senyè a bay ki kapab ede nou fè travay Li a? Manm klas yo ka pataje kijan yo kapab mete priyorite Senyè yo anpremye nan lavi yo pandan y ap jere anpil lòt responsablite enpòtan. Kisa Aje 2:1–9 ansenye apwopo jan Senyè a beni nou lè nou mete Li anpremye nan lavi nou? (gade tou “Resous Adisyonèl”). Bay manm yo tan pou yo ekri sa yo santi yo enspire pou yo fè gras ak diskisyon sa a.

Zakari 1–3; 7–8;14

Senyè a ka fè nou vin sen.

  • Pou kòmanse yon diskisyon sou sentete, nou kapab li ansanm Zakari 14:20–21. Manm klas yo ka pataje sa fraz “Sentete pou Senyè a” vle di pou yo. Ki enfliyans li ta dwe genyen sou moun si yo wè fraz “Sentete pou Senyè a” ekri sou objè toulèjou yo? Kijan fraz sa a afekte nou lè nou wè li sou tanp yo jodi a? Apresa manm klas yo ka li Zakari 1:1–6; 3:1–7; 7:8–10; 8:16–17 epi diskite sa yo te aprann konsènan kisa sa vle di pou nou vin sen. Poukisa sentete pèsonèl nou enpòtan pou Senyè a? Kijan Li ede nou vin sen?

  • Manm klas yo ka revize Zakari 2:10-11; 8:1–8; 14:9–11, 20–21 epi pataje enpresyon yo sou kijan sa t ap ye pou n viv avèk Sovè a nan yon eta sentete. Kijan Senyè a prepare nou pou viv nan kondisyon Zakari dekri a? Kijan nou ka aksede pouvwa Li pou ede nou vin pi sen?

Imaj
Antre triyonfal Jezi nan Jerizalèm

“Gade, Men wa nou an ap vin jwenn nou! Li rann jistis san patipri. Li genyen batay la. Li san lògèy. Li moute yon bourik, yon ti bourik dèyè manman” (Zakari 9:9). Antre Triyonfal, pa Harry Anderson

Zakari 9:9-11; 11:12-13; 12:10; 13:6–7

Jekri se Mesi pwomi an.

  • Pou ede manm klas yon wè koneksyon ant pawòl Zakari yo avèk lavi Sovè a, menmjan ak pèp nan tan Jezi yo, ou ta dwe divize klas la an de gwoup. Bay manm klas nan premye gwoup la youn nan pasaj jsa yo: Zakari 9:9-11; 11:12-13; 12:10; 13:6-7. Bay manm klas nan lòt gwoup la youn nan pasaj sa yo: Matye 21:1–11; 26:14–16; 26:31; Jan 19:37. Chak manm klas la ka eseye jwenn yon moun nan lòt gwoup la ki gen yon pasaj ekriti ki matche ak pa yo a. Kisa nou aprann osijè Sovè a nan vèsè sa yo?

  • Pou ede manm klas yo medite Zakari 9:9–11, ou ta dwe montre yon foto antre triyonfal Sovè a nan Jerizalèm (gade plan semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo). Oubyen pase videyo “Antre Triyonfal Senyè a nan Jerizalèm” nan (ChurchofJesusChrist.org). Manm klas yo ka diskite ki kalite santiman li te ye pou fè pati pami moun ki t ap akeyi Jezi nan vil la. Kijan nou akeyi Li nan lavi nou, fwaye nou, ak nan kominote nou yo?

Imaj
senbòl resous adisyonèl

Resous Adisyonèl

“Konsidere fason w yo.”

Apre l te fin site Aje 1:4–7, Èldè TerenceM. Vinson te ansenye:

“Nou kapab santi lajwa dirab lè Sovè nou an ak levanjil Li a tounen ankadreman ki antoure kote nou bati lavi nou. Sepandan, li fasil anpil pou ankadreman sa a vin tounen bagay mond lan pito, kote lè sa a levanjil la chita tankou yon opsyon anplis, oswa senpleman tankou ale legliz pandan dezèdtan lè Dimanch. Lè se ka sa a, se kòmsi nou mete salè nou nan yon ‘yon sak ki plen twou.’

Aje ap di nou pou nou angaje nou.…

“Pa gen okenn trezò, ni okenn pastan, ni okenn pozisyon, ni okenn medya sosyal, ni okenn jwèt videyo, ni okenn espò, ni okenn asyosyasyon avèk yon selebrite, ni anyen sou tè a ki pi presye pase lavi etènèl. Konsa, konsèy Senyè a pou chak moun se ‘konsidere fason nou yo’” (“Vrè Disip Sovè a,” Lyawona, Novanm 2019, 9, 11).

Amelyore Ansèyman nou

Koute. Koute se yon zak lanmou. Yon fason pou byen koute se pou gade moun k ap pale a. Sa ap pèmèt ou remake nenpòt kominikasyon ki pa vèbal. (Gade Anseye nan fason Sovè a, 34.)

Enprime