10. Kanaran nan Epòk Ansyen Testaman an
-
Dan (Layis) Jewobowam te tabli yon vodò pou wayòm Nò a adore (1 Wa 12:26–33). Dan te fwontyè nò ansyen Izrayèl la.
-
Mòn Kamèl Eli te bay pwofèt Baal yo defi epi l te louvri syèl la pou lapli tonbe (1 Wa 18:17–46).
-
Megido Yon kote anpil batay te fèt (Jij 4:13–16; 5:19; 2 Wa 23:29; 2 Kwo. 35:20–23). Salomon te etabli yon enpo pou bati Megido (1 Wa 9:15). Wa Jozyas ak Jida te blese mòtèlman nan batay kont Farawon Neko an Ejip (2 Wa 23:29–30). Nan Dezyèm Aparisyon Senyè a, yon dènye gwo konfli pral fèt nan vale Jizreyèl la ki pral yon pati nan batay Amagedon an (Jowèl 3:14; Apok. 16:16; 19:11–21). Non Amagedon an se fòm Grèk pou Har Megidon an Ebre, oubyen Mòn Megido.
-
Jizreyèl Non yon vill nan vale ki pi gran epi ki pi pwodiktif an Izrayèl ki gen menm non an. Wa yo ki te nan wayòm nan nò a te bati yon palè nan kote sa a (2 Sam. 2:8–9; 1 Wa 21:1–2). Rèn mechan ki te rele Jezabèl la te abite epi l te mouri nan kote sa a (1 Wa 21; 2 Wa 9:30).
-
Bèth-Shan Izrayèl te fè fas kare avèn Kananeyit yo nan kote sa a (Joz. 17:12–16). Yo te mare kò Sayil sou miray fòtrès sa a (1 Sam. 31:10–13).
-
Dotan Frè Jozèf yo te vann li nan esklavaj (Jen. 37:17, 28; 45:4). Elize te fè yon vizyon mòn nan ki te chaje avèk cheval ak kabwouèt yo (2 Wa 6:12–17).
-
Samari Kapital wayòm ki nan Nò a (1 Wa 16:24–29). Wa Akab te bati yon tanp pou Baal (1 Wa 16:32–33). Elize ak Eli te anseye (1 Wa 18:2; 2 Wa 6:19–20). An 721 anvan Jezikri Asiryen yo te konkeri l, epi sa te konplete kaptivite dis tribi yo (2 Wa 18:9–10).
-
Sichèm Abraram te bati yon lotèl (Jen. 12:6–7). Jakòb te abite tou pre kote sa a. Simeyon ak Levi te masakre tout gason nan vil sa a (Jen. 34:25). Ankourajman Jozye te bay pou “chwazi … jodi a” pou sèvi Bondye te vin nan Sichèm (Joz. 24:15). Se nan kote sa a Jewobowam te tabli premye kapital wayòm Nò a (1 Wa 12).
-
Mòn Ebal ak mòn Garizim Jozye te divize Izrayèl sou de mòn sa yo—benediksyon lalwa yo te pwoklame sou mòn Garizim, alòske malediksyon yo te soti sou mòn Ebal (Joz. 8:33). Pita, Samariten yo te bati yon tanp sou Garizim (2 Wa 17:32–33).
-
Penwèl (Penyè) Se nan kote sa a Jakòb te lite tout nan nuit avèk yon mesaje Senyè a (Jen. 32:24–32). Jedeon te detwi yon fòtrès Madyanit (Jij 8:5, 8–9).
-
Jopa Jonas te fè vwal soti nan kote sa a pou direksyon Tasis pou evite misyon l nan Niniv (Jonas 1:1–3).
-
Chilo Pandan epòk Jij yo, kapital ak tabènak Izrayèl la te bati nan kote sa a (1 Sam. 4:3–4).
-
Betèl (Lous) Se nan kote sa a Abraram te separe avèk Lot (Jen. 13:1–11) epi l te fè yon vizyon (Jen. 13; Abr. 2:19–20). Jakòb te fè vizyon yon nechèl ki te rive nan syèl la (Jen. 28:10–22). Tabènak la te nan kote sa a pandan yon epòk (Jij 20:26–28). Jewobowam te tabli yon bèf annò pou Wayòm Nò a adore (1 Wa 12:26–33).
-
Gibeon Pèp Evyen nan kote sa a te twonpe Jozye nan yon kontra (Joz. 9). Solèy la te rete anplas pandan Jozye t ap genyen yon batay (Joz. 10:2–13). Se te plas tanporè tabènak la tou (1 Kwo. 16:39).
-
Gaza, Asdòd, Askalon, Ekron, Gath (senk vil Filisten yo) Nan vil sa yo Filisten yo te fè lagè souvan avèk Izrayèl.
-
Bètleyèm Rachèl te antere tou pre kote sa a (Jen. 35:19). Rit ak Boaz te abite nan kote sa a (Rit 1:1–2; 2:1, 4). Yo te rele l vil David la (Lik 2:4).
-
Ebwon Abraram (Jen. 13:18), Izarak, Jakòb (Jen. 35:27), David (2 Sam. 2:1–4), ak Absalom (2 Sam. 15:10) te abite nan kote sa a. Sete premye kapital Jida sou wa David (2 Sam. 2:11). Daprè sa moun kwè, Abraram, Sara, Izarak, Rebeka, Jakòb, ak Leya te antere nan kote sa a nan kavo Makpela a (Jen. 23:17–20; 49:31, 33).
-
An-gedi David te kache pou Sayil epi l te epaye lavi Sayil (1 Sam. 23:29–24:22).
-
Gera Abraram ak Izarak te abite nan kote sa a pandan yon epòk (Jen. 20–22; 26).
-
Bècheba Abraram te fouye yon pwi nan kote sa a epi l te fè alyans avèk Abimelèk (Jen. 21:31). Izarak te wè Senyè a (Jen. 26:17, 23–24), epi Jakòb te abite nan kote sa (Jen. 35:10; 46:1).
-
Sodòm ak Gomò Lot te chwazi pou l abite nan Sodòm (Jen. 13:11–12; 14:12). Bondye te detwi Sodòm ak Gomò poutèt mechanste (Jen. 19:24–26). Pita, Jezi te itilize vil sa yo kòm senbòl mechanste (Mat. 10:15).