Liv Mòmon an anseye ke “tout moun se menm pou Bondye,” enkli “nwa ak blan, esklav ak lib, gason ak fi” (2 Nefi 26:33). Atravè istwa Legliz la, moun tout ras ak tout kilti nan anpil peyi te batize epi yo te viv kòm manm fidèl Legliz la. Pandan epòk Joseph Smith la, gen kèk manm gason nwa nan Legliz la ki te òdone nan prètriz la. Nan kòmansman istwa legliz la, dirijan legliz yo te sispann bay gason nwa ki te desandan Afriken yo prètriz la. Rejis yo nan Legliz la pa bay okenn eksplikasyon klè sou orijin pratik sa a. Dirijan Legliz yo te kwè ke yo te bezwen yon revelasyon nan men Bondye pou sispann pratik sa a epi yo te chèche direksyon Li nan lapriyè. Spencer W. Kimball, Prezidan Legliz la, te resevwa revelasyon an epi lòt dirijan Legliz yo te resevwa konfimasyon sou li nan Tanp Salt Lake la jou 1 Jen 1978 la. Revelasyon an te anile tout entèdiksyon konsènan ras yo te aplike nan prètriz la anvan.