Èd pou Etid
TJS, 1 Korentyen 7


TJS, 1 Korentyen 7:1–2, 5, 26, 29–33, 38. Konpare avèk 1 Korentyen 7:1–2, 5, 26, 29–38

Pòl anseye ke maryaj se bagay dezirab. Men, moun ki aple kòm misyonè yo sèvi Bondye pi byen si yo rete selibatè pandan ministè yo a.

1 Kounyeya, konsènan bagay nou te ekri m yo, ki te di konsa, li bon pou yon gason pa touche yon fi.

2 Se sa ki fè, m di ou konsa, pou evite fònikasyon, chak òm dwe gen madanm pa li, epi chak fi dwe gen mari pa li.

5 Pa separe youn avèk lòt, eksepte si nou konsanti pou yon ti tan, pou nou kapab jene ak priye; epi retounen ansanm ankò, pou Satan pa tante nou poutèt bezwen nou.

26 Se poutèt sa, m sipoze li ta bon pou sitiyasyon prezan sa a, pou yon òm rete pou l kapab fè pi gwo byen.

29 Men, m ap pale avèk nou ki aple nan ministè a. Pou bagay sa m di konsa, frè m yo, tan ki rete a kout anpil, pou yo voye ou nan ministè a. Menm moun ki gen madanm yo pral tankou yo pa t genyen; paske nou aple epi nou chwazi pou fè travay Senyè a.

30 Epi moun ki pral kriye yo, se kòmsi yo pa kriye; epi moun ki rejwi yo, kòmsi yo pa rejwi; epi moun ki achte yo, kòmsi yo pa posede;

31 Epi moun k ap pwofite nan mond sa a, kòmsi yo p ap pwofite l; paske bagay ki alamòd nan mond sa a pral pase.

32 Men, m ta vle, frè m yo, pou nou mayifye apèl nou. M ta vle nou san sousi. Paske yon moun ki pa marye, li gen sousi pou afè Senyè a, nan ki fason li kapab fè Senyè a plèzi; se poutèt sa, li gen viktwa.

33 Men, yon moun ki marye, li gen sousi pou bagay ki nan mond sa a, nan ki fason li kapab fè madanm li plèzi; se poutèt sa gen yon diferans, paske li limite.

38 Konsa, moun ki antre tèt li nan maryaj la fè byen; men moun ki pa antre tèt li nan maryaj la fè pi byen toujou.

Enprime