Tradiksyon Joseph Smith Apendis EntwodiksyonMen kèk pòsyon ki te seleksyone nan tradiksyon Bib Vèsyon Wa Jak la Joseph Smith te fè a (TJS). Senyè a te enspire Pwofèt Joseph Smith pou retabli verite nan tèks ki nan vèsyon Wa Jak Bib la ki te vin pèdi oubyen chanje depi lè pawòl orijinal yo te ekri. Verite retabli sa yo klarifye doktrin epi yo amelyore konpreyansyon moun ki li ekriti yo. TJS, Jenèz Kontni TJS, Jenèz 1–8Joseph Smith te retabli tèks Bib sa a epi li pibliye nan Pèl Gran Pri a kòm Seleksyon ki soti nan Liv Moyiz la. TJS, Jenèz 9Apre Delij la, Noye mande Senyè a pou l pa modi tè a ankò. TJS, Jenèz 14Mèlkisedèk beni Abram. Ekriti sa a dekri gran ministè Mèlkisedèk la ak pouvwa ak benediksyon Prètriz Mèlkisedèk yo. TJS, Jenèz 15Abraram aprann sou Rezirèksyon an epi li fè yon vizyon sou ministè Jezi nan mòtalite a. TJS, Jenèz 17Moun yo pa obeyi òdonans levanjil yo, enkli batèm. Bondye eksplike Abraram alyans sikonsizyon an ak laj lè timoun yo vin gen responsablite. TJS, Jenèz 19Lo reziste anba mechanste Sodòm, epi zanj pwoteje li. TJS, Jenèz 21Abraram adore Bondye etènèl la. TJS, Jenèz 48Efrayim ak Manase vin tounen tribi Izrayèl. Menmjan Jozèf te sove fanmi li tanporèlman nan ansyen tan an, desandan l yo pral sove Izrayèl espirityèlman nan dènye jou yo. TJS, Jenèz 50Jozèf nan Ejip pwofetize konsènan Moyiz k ap libere Izrayèl anba esklavaj an Ejip; konsènan yon branch nan desandan Jozèf yo k ap jwenn direksyon pou yo ale nan yon peyi byen lwen, kote yo pral sonje yo nan alyans Senyè a; konsènan Bondye ki aple yon pwofèt nan dènye jou yo ki rele Jozèf pou fè rejis Jida yo ak rejis Jozèf yo vin fè youn; epi konsènan Aawon k ap sèvi kòm pòtpawòl pou Moyiz. TJS, Egzòd Kontni TJS, Egzòd 4Senyè a pa responsab pou kè di Farawon. Gade tou nan TJS, Egzòd 7:3, 13; 9:12; 10:1, 20, 27; 11:10; 14:4, 8, 17; chak referans, lè yo tradui kòrèkteman, yo montre Farawon te fè pwòp kè pa l di. TJS, Egzòd 18Jetwo se yon gran prèt. TJS, Egzòd 22Asasen yo pa dwe viv. TJS, Egzòd 32Senyè a ap epanye Izrayelit ki repanti yo. TJS, Egzòd 33Okenn òm pechè pa kapab wè Figi Bondye epi pou l viv. TJS, Egzòd 34Bondye ekri lwa a ankò sou tablèt an wòch Moyiz te prepare men li retire Prètriz Mèlkisedèk la ak òdonans li yo nan mitan pitit Izrayèl yo. Li ba yo lalwa kòmandman nan lachè yo olyesa. TJS, Detewonòm TJS, Detewonòm 10Sou premye tablèt yo Bondye revele alyans etènèl prètriz sen an. TJS, 1 Samyèl TJS, 1 Samyèl 16Move lespri ki vini sou Sayil la pa soti nan Senyè a. TJS, 2 Samyèl TJS, 2 Samyèl 12Bondye pa bliye peche grav David la. TJS, 1 Kwonik TJS, 1 Kwonik 21Bondye anpeche yon zanj detwi Jerizalèm. TJS, 2 Kwonik TJS, 2 Kwonik 18Senyè a pa mete yon lespri mantè nan bouch pwofèt yo. TJS, Sòm Kontni TJS, Sòm 11Nan dènye jou yo jis yo ap kouri al nan montay Senyè a. Lè Senyè a vini, l ap detwi mechan yo epi rachte jis yo. TJS, Sòm 14Salmis la wè verite a pèdi nan dènye jou yo epi l ap tann etablisman Siyon. TJS, Sòm 24Wa Laglwa a pral rachte pèp Li a lè L vini. TJS, Sòm 109Nou dwe priye pou advèsè nou yo. TJS, Ezayi Kontni TJS, Ezayi 29Mesaj ansyen pwofèt yo te preche nan Jerizalèm yo pral preche nan dènye jou yo nan Liv Mòmon an, ki te soti “nan tè a.” TJS, Ezayi 42Senyè a voye sèvitè L yo pou anseye moun ki chwazi pou yo pa wè ni tande laverite yo; moun ki koute epi ki obeyi yo ap vin pafè. TJS, Jeremi TJS, Jeremi 26Senyè a pa repanti, se lèzòm ki repanti. TJS, Amòs TJS, Amòs 7Senyè a pa repanti, se lèzòm ki repanti. TJS, Matye Kontni TJS, Matye 3Pwofèt yo te predi ke Bètleyèm se t ap kote Mesi a t ap pran nesans. TJS, Matye 4Se Lespri a ki te dirije Jezi, se pa t Satan. TJS, Matye 5Moun ki respekte kòmandman yo epi ki anseye lòt moun pou yo fè menm bagay la tou, y ap sove. TJS, Matye 6Senyè a pa mennen nou nan tantasyon. TJS, Matye 7Pa jije enjisteman. TJS, Matye 9Jezi rejte batèm Farizyen yo; li pa gen okenn valè paske yo pa aksepte Li. Li pwoklame ke se Limenm ki te bay lwa Moyiz la. TJS, Matye 11Jan Batis se Eli ki te gen pou l vini pou prepare chemen Sovè a. TJS, Matye 12Kèlkeswa moun ki pale kont Sentespri a, yo p ap jwenn padon. TJS, Matye 13Anvan fen mond lan (destriksyon mechan yo), mesaje yo voye sòti nan syèl la pral rasanble moun jis yo retire yo pami mechan yo. TJS, Matye 16Jezi eksplike kisa sa vle di pou yon moun “pran kwa li”: nye tout bagay ki pa sen ak tout konvwatiz mond lan epi respekte kòmandman L yo. TJS, Matye 17Jezi anseye konsènan de Eli—youn pou prepare ak yon lòt pou retabli. TJS, Matye 18Timoun piti pa bezwen repantans. TJS, Matye 19Timoun piti yo ap sove. TJS, Matye 21Lòm dwe repanti anvan l kapab kwè nan Kris la. TJS, Matye 23Limenm ki nan syèl la li se kreyatè nou. TJS, Matye 26Jezi kase pen Sentsèn nan epi Li beni li. Sentsèn nan se kòm souvni kò ak san Jezi. TJS, Matye 27Yo dekri lanmò Jida. TJS, Mak Kontni TJS, Mak 2Pitit Gason Lòm nan se Senyè Saba a paske se li k te fè jou Saba a. TJS, Mak 3Jezi ap padone tout pechè ki repanti eksepte moun ki blasfeme kont Sentespri a. TJS, Mak 7Jezi kondane moun ki rejte pwofèt yo epi ki pa obeyi lwa Moyiz la. TJS, Mak 8Moun ki dispoze pou mouri pou Jezi yo ap resevwa sali. TJS, Mak 9Janbatis sou Mòn Transfigirasyon an. TJS, Mak 12Bondye pa yon Bondye moun mouri yo, paske Li leve moun ki mouri yo soti nan tonb yo. TJS, Mak 14Jezi tabli sentsèn nan an souvni kò Li ak san Li. TJS, Mak 16De zanj salye fi yo nan tonb Sovè a. TJS, Lik Kontni TJS, Lik 1Zakari, papa Janbatis, ap fè travay prètriz la. TJS, Lik 2Doktè yo nan tanp lan ap koute Jezi epi y ap poze L kesyon. TJS, Lik 3Kris la ap vini jan yo pwofetize a pou pote sali bay Izrayèl ak Janti yo. Nan plenitid tan yo, L ap retounen ankò pou jije mond lan. TJS, Lik 6Jezi anseye li pi bon pou nou andire pèsekisyon pase pou nou goumen avèk yon ènmi. TJS, Lik 9Akeri richès mond lan pa vo lapèn pou yon moun pèdi nanm ni. TJS, Lik 11Totalite ekriti yo se kle konesans. TJS, Lik 12Jezi eksplike ke blasfèm kont Sentespri a p ap padone. TJS, Lik 14Moun ki konn Moyiz ak pwofèt yo kwè nan Jezi. TJS, Lik 16Lwa a ak pwofèt yo temwaye konsènan Jezi. Farizyen yo chèche detwi wayòm nan. Jezi entwodui parabòl nonm rich la ak Laza a. TJS, Lik 17Wayòm Bondye a deja vini. TJS, Lik 18Konfyans nan richès anpeche yon moun antre nan wayòm Bondye a. TJS, Lik 21Jezi pale de kèk siy lè Li pral vini yo. TJS, Lik 23Jezi mande padon pou sòlda Women ki te krisifye L yo. TJS, Lik 24Medam yo wè de zanj bò kavo Jezi a. TJS, Jan Kontni TJS, Jan 1Levanjil Jezikri a te preche depi nan kòmansman. Janbatis se Eli ki prepare chemen an pou Kris la, epi Jezikri se Eli ki retabli tout bagay epi ki fè sali a vini an. TJS, Jan 4Farizyen yo vle touye Jezi. Li fè kèk batèm, men disip Li yo fè plis. TJS, Jan 6Volonte Papa a se pou nou tout resevwa Jezi. Moun ki fè volonte Jezi yo ap leve nan rezirèksyon jis yo. TJS, Jan 13Jezi lave pye Apot yo pou akonpli lwa Juif yo. TJS, Jan 14Prens tenèb la oubyen Satan nan mond sa a. TJS, Travay Kontni TJS, Travay 9Moun ki avèk Pòl yo nan konvèsyon l lan wè limyè a, men, yo pa tande vwa Senyè a, ni wè Senyè a. TJS, Travay 22Kòmandan anchèf la delivre Pòl anba kòd li yo. TJS, Women Kontni TJS, Women 3Pòl anseye ke yon moun pa kapab fè mal nan objektif pou l reyalize bon bagay. TJS, Women 4Lòm kapab sèlman sove pa gras Jezikri, men pa atravè zèv ki anrapò ak obsèvans lwa Moyiz la. TJS, Women 7Se Kris la sèlman ki gen pouvwa pou chanje nanm lèzòm pou byen nètale. TJS, Women 8Moun ki suiv chemen kò fizik la, yo pa kapab fè Bondye plèzi. TJS, Women 13Moun ki onore otorite sivil yo rann onè yo pou Bondye a pi gran ak pi pafè. TJS, 1 Korentyen Kontni TJS, 1 Korentyen 7Pòl anseye ke maryaj se bagay dezirab. Men, moun ki aple kòm misyonè yo sèvi Bondye pi byen si yo rete selibatè pandan ministè yo a. TJS, 1 Korentyen 15Gen twa degre laglwa nan Rezirèksyon an. TJS, 2 Korentyen TJS, 2 Korentyen 5Pòl konseye Sen yo pou yo pa viv daprè kò fizik la. TJS, Galat TJS, Galat 3Moyiz se medyatè premye alyans lan, oubyen lalwa a. Jezikri se medyatè nouvo alyans lan. TJS, Efezyen TJS, Efezyen 4Kòlè enjis se peche. TJS, Kolosyen TJS, Kolosyen 2Kòmandman lèzòm yo gen dwa gen valè nan anseye bagay tankou disipline tèt nou, men yo pa ka onore Bondye ni sove lòm. TJS, 1 Tesalonisyen TJS, 1 Tesalonisyen 4Moun ki jis yo ki vivan lè Senyè a ap vini an pa pral gen avantaj sou mò ki jis yo. TJS, 2 Tesalonisyen TJS, 2 Tesalonisyen 2Satan pral lakoz yon chit oswa apostazi anvan Senyè a retounen. TJS, 1 Timote Kontni TJS, 1 Timote 2Kris la se Sèl Pitit Gason Literal la ak Medyatè a. TJS, 1 Timote 3Legliz la fonde sou prensip santral ki di Jezi te vini nan mòtalite a, li te anseye levanjil la, epi li te retounen al jwenn Papa li. Nòt: Chanjman tou piti yo fè nan vèsè sa yo mete aksan sou lefèt ke “pilye ak fondasyon laverite a” se Jezikri. TJS, 1 Timote 6Moun ki gen limyè imòtalite a (levanjil la) abite nan yo, yo kapab wè Jezi. TJS, Ebre Kontni TJS, Ebre 1Zanj yo se lespri ki nan ministè a. TJS, Ebre 4Moun ki fè kè yo di yo, yo p ap sove; moun ki repanti yo ap antre nan repo Senyè a. TJS, Ebre 6Prensip yo ki nan doktrin Kris la mennen nan pèfeksyon. TJS, Ebre 7Mèlkisedèk sete yon prèt daprè lòd Pitit Gason Bondye a. Tout moun ki resevwa prètriz sa a ka vin tankou Pitit Gason Bondye a. TJS, Ebre 11Lafwa se asirans bagay nou espere. TJS, Jak Kontni TJS, Jak 1Afliksyon, non pa tantasyon, ede pou sanktifye nou. TJS, Jak 2Manm yo pa dwe konsidere yon moun plis pase yon lòt. TJS, 1 Pyè Kontni TJS, 1 Pyè 3Kèk nan lespri ki nan prizon yo te enjis nan epòk Noye a. TJS, 1 Pyè 4Levanjil la preche pou moun ki mouri yo. TJS, 2 Pyè TJS, 2 Pyè 3Nan dènye jou yo, anpil moun pral nye Senyè Jezikri. Lè l vini, anpil kalamite natirèl pral rive. Si nou andire nan lajistis, n ap resevwa yon nouvo tè. TJS, 1 Jan Kontni TJS, 1 Jan 2Kris la se avoka nou devan Papa a si nou repanti. TJS, 1 Jan 3Nenpòt moun ki fèt nan Bondye, li pa kontinye nan peche. TJS, 1 Jan 4Se sèlman moun ki kwè nan Bondye ki kapab wè Li. TJS, Apokalips Kontni TJS, Apokalips 1Apot Jan resevwa pwofesi yo ki nan liv Apokalips la. Jezikri vizite li epi yon zanj vizite li. TJS, Apokalips 2Y ap chase mechan yo nan lanfè. TJS, Apokalips 5Bondye voye Douz sèvitè li sou tout tè a. TJS, Apokalips 12Jan eksplike senbòl fi a, timoun nan, ba fè a, dragon an, ak Michèl. Lagè ki te kòmanse nan syèl la ap kontinye sou tè a. Gade chanjman ki fèt nan lòd vèsè yo nan TJS la. TJS, Apokalips 19Bondye itilize pawòl Kris la pou frape nasyon yo.