Èd pou Etid
TJS, Jan 4


TJS, Jan 4:1–4. Konpare avèk Jan 4:1–2

Farizyen yo vle touye Jezi. Li fè kèk batèm, men disip Li yo fè plis.

1 Lè farizyen yo te tande Jezi te fè epi l te batize plis disip pase Jan,

2 Yo te chèche kèk mwayen avèk plis dilijans pou yo touye l; paske anpil moun te resevwa Jan kòm yon pwofèt, men yo pa t kwè nan Jezi.

3 Kounyeya Senyè a te konnen sa, malgre li pa t batize anpil tankou disip li;

4 Li te kite yo prefere youn pase lòt kòm yon egzanp.

TJS, Jan 4:26. Konpare avèk Jan 4:24

Bondye pwomèt vrè kwayan yo Lespri Li.

26 Paske se moun konsa Bondye pwomèt Lespri li a. Epi moun ki adore li, yo dwe adore l nan lespri ak nan verite.

Enprime