Èd pou Etid
TJS, Matye 9


TJS, Matye 9:18–21. Konpare avèk Matye 9:16–17

Jezi rejte batèm Farizyen yo; li pa gen okenn valè paske yo pa aksepte Li. Li pwoklame ke se Limenm ki te bay lwa Moyiz la.

18 Lè sa a Farizyen yo te di l konsa, poukisa w pa vle resevwa nou avèk batèm nou an, paske nou kenbe lalwa a toutantye?

19 Men Jezi te di yo konsa, nou pa kenbe lalwa a. Si nou te kenbe lalwa a, nou t ap resevwa m, paske se mwen menm ki te bay lalwa a.

20 M pa resevwa nou avèk batèm nou an, paske l pa itil nou anyen.

21 Paske lè sa a ki nouvo a vini, ansyen an toupre pou yo mete l sou kote.

Enprime