Èd pou Etid
TJS, Matye 27


TJS, Matye 27:3–6. Konpare avèk Matye 27:3–5; Travay 1:18

Yo dekri lanmò Jida.

3 Apre sa, lè Jida, ki te trayi Jezi, te wè ke l te kondane, Jida te repanti, epi l te retounen trant pyès ajan yo bay prèt anchèf yo ak ansyen yo,

4 Lè li te di konsa, m te fè peche paske m te trayi san nonm ki inosan an.

5 Epi yo te di l konsa, Ki mele nou? Se bagay ki gade w; peche w yo sou tèt pa w.

6 Epi l te voye pyès lajan yo nan tanp la, epi li te derape epi l te ale, epi l te pann tèt li sou yon pyebwa. Epi l te tonbe dwat apik, trip li te gaye soti, epi l te mouri.

Enprime