Èd pou Etid
TJS, Matye 17


TJS, Matye 17:10–14. Konpare avèk Matye 17:11–13

Jezi anseye konsènan de Eli—youn pou prepare ak yon lòt pou retabli.

10 Epi Jezi te reponn, li te di yo konsa, toutbon, Eli t ap vini premyèman, pou l restore tout bagay, jan pwofèt yo te ekri a.

11 Epi ankò m di nou konsa, Eli te deja vini, konsènan limenm yo te ekri, Reyèlman m pral voye mesaje m nan, epi li pral prepare chemen an devan m; epi yo pa t konnen li, epi yo te fè l nenpòt sa yo te vle.

12 Se konsa tou Pitit Gason lòm nan pral soufri anba men yo.

13 Men, m di nou konsa, Kiyès ki Eli? Reyèlman se Eli m te voye pou prepare chemen an devan mwen.

14 Apre sa disip yo te konprann li te pale yo konsènan Janbatis, ak yon lòt ki te gen pou l vini pou restore tout bagay, jan pwofèt yo te ekri a.