Èd pou Etid
TJS, Matye 13


TJS, Matye 13:39–44. Konpare avèk Matye 13:39–42; gade D&A 86:1–7 tou

Anvan fen mond lan (destriksyon mechan yo), mesaje yo voye sòti nan syèl la pral rasanble moun jis yo retire yo pami mechan yo.

39 Rekòt la se fen mond lan, oubyen destriksyon mechan yo.

40 Moun k ap ranmase rekòt la se zanj yo, oubyen mesaje yo voye sòti nan syèl la.

41 Se poutèt sa, menmjan yo rasanble move zèb yo epi boule yo nan dife a, se konsa sa pral ye nan fen mond sa a, obyen destriksyon mechan yo.

42 Paske nan jou sa a, anvan Pitit Lòm nan vini an, l ap voye zanj li yo ak mesaje sòti nan syèl la.

43 Epi y ap wete tout sa ki ofanse moun yo nan wayòm li an, ak tout moun k ap fè inikite yo; epi y ap chase yo voye yo ale pami mechan yo; epi kote sa a pral gen kriye ak manje dan.

44 Paske mond lan pral boule anba dife.