Èd pou Etid
TJS, Matye 21


TJS, Matye 21:33. Konpare avèk Matye 21:32–33

Lòm dwe repanti anvan l kapab kwè nan Kris la.

33 Paske yon moun ki pa kwè Jan konsènan mwen, li pa kapab kwè m, eksepte si l repanti anvan.

TJS, Matye 21:47–56. Konpare avèk Matye 21:45–46

Jezi deklare Li se wòch prensipal la. Li ofri Juif yo levanjil la epi apre sa li ofri Janti yo li. Mechan yo pral detwi lè Jezi retounen.

47 Epi lè chèf prèt yo ak Farizyen yo te tande parabòl li yo, yo te kwè li e pale konsènan yo.

48 Epi yo te di nan pami yo, Èske nonm sa a panse li kapab detwi gran wayòm sa a pou kont li? Epi yo te fache kont li.

49 Men, lè yo te chèche mete men sou li, yo te pè miltitid moun yo, paske yo te aprann, bann moun yo te konsidere l kòm yon pwofèt.

50 Epi kounyeya, disip li yo te vin kote l, epi Jezi te di yo konsa, Èske nou etone pou pawòl an parabòl m te pale ak moun sa yo?

51 Toutbon, m di nou konsa, m se wòch la, mechan sa yo rejte m.

52 M se wòch ki pi enpòtan an. Juif sa yo pral tonbe sou mwen, epi yo pral kraze.

53 Epi, Senyè a pral pran wayòm Bondye a nan men yo, epi l pral mete l nan men yon nasyon ki pral pote fwi li yo; (ki vle di Janti yo.)

54 Se poutèt sa, sou nenpòt moun wòch sa a tonbe, l ap moulen l fè poud.

55 Epi lè Senyè jaden an vini, l ap detwi moun mizerab ki mechan sa yo, epi l ap anfème lòt fèmye jaden an, nan dènye jou yo menm, ki pral remèt li fwi yo nan sezon pa yo.

56 Epi lè sa a disip yo te konprann parabòl li te pale yo a, ki te fè konnen, Janti yo pral detwi tou, lè Senyè a desann soti nan syèl la pou l tabli rèy li nan jaden li a, ki se tè a ak abitan ki sou li yo.