Èd pou Etid
TJS, Matye 12


TJS, Matye 12:37–38. Konpare avèk Matye 12:43–44; gade TJS, Lik 12:9–12 tou

Kèlkeswa moun ki pale kont Sentespri a, yo p ap jwenn padon.

37 Epi kèk nan doktè lalwa yo avanse epi yo di li, Mèt, ekriti yo di, Tout peche ap jwenn padon; men oumenm ou di, kèlkeswa moun ki pale kont Sentespri a, yo p ap jwenn padon. Epi yo mande li, Kijan sa ka fè fèt?

38 Epi li di yo, Lè yon movèzespri soti sou yon moun, l al pwomennen toupatou nan savann yo, ap chèche yon kote pou l pran repo men li pa jwenn okenn kote; men lè yon moun pale kont Sentespri a, lè sa a li di, M ap tounen kalay mwen kote m te soti a; epi lè l vini, li jwenn ni vid, byen bale, byen ranje; paske bon lespri a kite l poukont li.

Enprime