Èd pou Etid
TJS, Lik 12


TJS, Lik 12:9–12. Konpare avèk Lik 12:9–10; gade TJS, Matye 12:37–38 ak D&A 132:26–27 tou

Jezi eksplike ke blasfèm kont Sentespri a p ap padone.

9 Men yon moun ki nye m devan lèzòm, y ap nye l tou devan zanj Bondye yo.

10 Kounyeya, disip li yo te konnen li di sa poutèt yo te pale mal konsènan li devan pèp la; paske yo te pè konfese l devan lèzòm.

11 Epi yo te rezone nan pami yo, yo te di konsa, Li konnen kè nou, epi li pale pou kondanasyon nou, epi nou p ap padone. Men, li te reponn yo, epi l te di yo konsa,

12 Nenpòt moun ki pale yon pawòl kont Pitit Gason lòm nan, epi ki repanti, l ap padone; men yon moun ki blasfeme kont Sentespri a, li p ap padone.

TJS, Lik 12:41–57. Konpare avèk Lik 12:37–48

Jezi anseye ke sèvitè L yo dwe toujou prè pou Vini Senyè a.

41 Paske reyèlman, l ap vini nan premye vèy nuit la, epi tou l ap vini nan dezyèm vèy nuit la, epi ankò l ap vini nan twazyèm vèy la.

42 Epi toutbon, m di nou konsa, li te deja vini jan sa te ekri konsènan li a; epi ankò lè l ap vini nan dezyèm vèy la, oubyen vini nan twazyèm vèy la, sèvitè li jwenn k ap veye lè l vini yo ap beni;

43 Paske Senyè a sèvitè sa yo pral abiye l limenm menm, epi l pral fè yo chita pou yo manje, li pral vini epi l pral sèvi yo.

44 Epi kounyeya, toutbon, m di nou bagay sa yo, pou nou kapab konnen bagay sa a, aparisyon Senyè a se tankou yon vòlè ki parèt nan nuit.

45 Epi se tankou yon nonm ki se mèt yon kay, si l pa siveye byen l yo, vòlè ap vini nan yon lè li pa konnen, pou pran byen l yo epi pou separe yo avèk parèy li yo.

46 Epi yo di nan pami yo konsa, mèt kay la te konnen ki lè vòlè a t ap vini, li ta siveye, epi l pa t ap kite yo kase kay la pou l pèdi byen l yo.

47 Epi l te di yo konsa, Toutbon, m di nou, nou dwe prepare tou; paske Pitit Gason lòm nan ap vini nan yon lè nou pa panse.

48 Apre sa Pyè te di l konsa, Senyè a, èske w ap pale parabòl sa a pou nou, oubyen pou tout moun?

49 Epi Senyè a te di konsa, m ap pale avèk moun Senyè a pral mete kòm dirijan yo sou kay li a, pou yo bay pitit li yo pòsyon pa yo nan manje a nan sezon apwopriye.

50 Epi yo te di konsa, enben, Kiyès ki sèvitè fidèl epi ki saj la?

51 Epi Senyè a te di yo konsa, Se sèvitè k ap veye a, pou l pataje pòsyon manje li a nan sezon apwopriye.

52 Sèvitè sa a beni lè Senyè a vini jwenn l ap fè travay li.

53 An verite m di nou konsa, l ap mete l dirije sou tout sa li genyen.

54 Men, move sèvitè se moun yo jwenn ki p ap veye a. Epi si yo jwenn li p ap veye, l ap di konsa nan kè l, Senyè m nan prantan pou l vini; epi l pral kòmanse bat lòt sèvitè yo ak sèvant yo, epi l ap manje ak bwè epi l ap sou.

55 Senyè sèvitè sa a vini nan yon jou li pa t atann, epi nan yon lè li pa konnen, epi l pral detwi l, epi l pral ba li pòsyon pa l avèk enkwayan yo.

56 Epi sèvitè sa a ki te konnen volonte Senyè l la, ki pa t prepare pou lè Senyè l la ap vini an, epi tou ki pa t fè volonte l, pral resevwa anpil kout fwèt.

57 Men yon moun ki pa t konnen volonte Senyè l la, epi ki te komèt aksyon ki merite kout fwèt, ap resevwa sèlman kèk kout fwèt. Paske yon moun Senyè a bay anpil, Senyè a ap reklame anpil nan men l; epi yon moun Senyè a te konfye anpil bagay, lèzòm pral reklame plis nan men l.

Enprime