Èd pou Etid
TJS, Lik 6


TJS, Lik 6:29–30. Konpare avèk Lik 6:29–30

Jezi anseye li pi bon pou nou andire pèsekisyon pase pou nou goumen avèk yon ènmi.

29 Epi, si yon moun ba nou yon souflèt sou yon bò figi, vire lòtbò a ba li tou; oubyen, otremandi, li pi bon pou nou vire lòtbò figi a, pase pou nou ta revòlte ankò. Epi, si yon moun pran levit nou, kite l pran chemiz nou tou.

30 Paske li pi bon pou nou kite ènmi nou an pran bagay sa yo pase pou nou goumen avèk li. Anverite, mwen di nou, Papa nou ki nan syèl la, ki wè nan sekrè, va jije mechan sa a.

Enprime