Èd pou Etid
TJS, Lik 21


TJS, Lik 21:24–26. Konpare avèk Lik 21:25–26

Jezi pale de kèk siy lè Li pral vini yo.

24 Kounyeya, se bagay sa yo li te pale yo konsènan destriksyon Jerizalèm. Epi apre sa, disip li yo te mande l, yo te di konsa, Mèt, pale nou konsènan vini w ap vini an?

25 Epi l te reponn yo, epi l te di konsa, Nan jenerasyon lè tan Janti yo pral akonpli a, pral gen siy nan solèy la, ak nan lalin nan, ak nan zetwal yo; epi sou tè a pral gen detrès pou nasyon yon avèk etònman, tankou lanmè a ak lam yo ki pral monte byen wo. Tè a tou pral twouble, ak dlo yo ki nan pwofondè lanmè a;

26 Kè lèzòm pral sote paske yo pral pè, epi paske yo t ap chèche bagay sa yo ki pral rive sou tè a. Paske pouvwa yo ki nan syèl la pral souke.

TJS, Lik 21:32. Konpare avèk Lik 21:32

Tout bagay pral akonpli lè tan Janti yo akonpli.

32 Toutbon, m di nou konsa, jenerasyon sa a, jenerasyon lè tan Janti yo fin akonpli a p ap pase jistan tout bagay fin akonpli.

Enprime