Èd pou Etid
TJS, Lik 14


TJS, Lik 14:35–37. Konpare avèk Lik 14:34

Moun ki konn Moyiz ak pwofèt yo kwè nan Jezi.

35 Apresa, kèk nan yo te vin jwenn ni, yo te di, Bon Mèt, nou gen Moyiz ak pwofèt yo, epi tout moun ki suiv ansèyman yo, èske yo p ap gen lavi?

36 Epi Jezi reponn, li di, Nou pa konn Moyiz, ni pwofèt yo; paske si nou te konnen yo, nou t ap kwè nan mwen; paske se nan bi sa a yo te ekri. Paske yo voye m pou nou ka gen lavi. Se poutèt sa, m ap konpare sa avèk sèl ki se yon bon bagay;

37 Men si sèl la pèdi gou li, ak kisa pou n fè l sale ankò?

Enprime