Èd pou Etid
TJS, Lik 16


TJS, Lik 16:16–23. Konpare avèk Lik 16:16–18

Lwa a ak pwofèt yo temwaye konsènan Jezi. Farizyen yo chèche detwi wayòm nan. Jezi entwodui parabòl nonm rich la ak Laza a.

16 Epi yo te di l konsa, nou gen lalwa a ak pwofèt yo; men, kanta nonm sa nou p ap resevwa l kòm dirijan nou; paske li mete tèt li kòm yon jij sou tèt nou.

17 Epi Jezi te di yo konsa, lwa a ak pwofèt yo temwaye konsènan mwen; wi, tout pwofèt ki te ekri yo, menm jiska Jan, yo te predi jou sa yo.

18 Depi lè sa a, wayòm Bondye a te preche, epi chak moun k ap chèche laverite kouri antre ladan l.

19 Epi li pi fasil pou syèl la ak tè a ta pase tan pou yon ti pwen nan lalwa a pa ta akonpli.

20 Epi poukisa n ap anseye lalwa a, epi nou nye sa ki ekri a; epi nou kondane moun Papa a te voye pou akonpli lalwa a, pou nou tout ta kapab rachte a?

21 Ensanse! paske nou di konsa nan kè nou, Pa gen Bondye. Epi nou pèvèti chemen dwat la; epi wayòm syèl la soufri vyolans anba men nou; epi nou pèsekite moun ki enb yo; epi nan vyolans nou an, n ap chèche detwi wayòm nan; epi nou pran pitit wayòm yo avèk fòs. Malè nou, adiltè!

22 Men, yo te ensilte l ankò, paske yo te fache poutèt li te di yo se adiltè.

23 Men, li te kontinye, li te di konsa, Nenpòt moun ki chase madanm li, epi ki marye avèk yon lòt, li komèt adiltè; epi nenpòt moun ki marye avèk madanm mari a te chase a a, li komèt adiltè. Toutbon, m di nou konsa, m ap konpare nou avèk nonm rich la.

Enprime