Èd pou Etid
TJS, Lik 3


TJS, Lik 3:4–11. Konpare avèk Lik 3:4–6

Kris la ap vini jan yo pwofetize a pou pote sali bay Izrayèl ak Janti yo. Nan plenitid tan yo, L ap retounen ankò pou jije mond lan.

4 Jan sa te ekri nan liv pwofèt Ezayi a; epi men pawòl yo ki di konsa, Vwa yon moun t ap rele nan dezè a, Prepare chemen Senyè a, epi fè santye li yo vin plat.

5 Paske reyèlman vre, li pral vini, jan sa te ekri nan liv pwofèt yo, pou retire peche mond lan, epi pou l pote sali bay nasyon payen yo, pou rasanble ansanm moun ki te pèdi yo, ki fè pati nan twoupo Izrayèl la;

6 Wi, sa ki te dispèse epi ki te aflije yo menm; epi tou pou prepare chemen an, epi pou rann predikasyon levanjil la posib pou Janti yo;

7 Epi pou l yon limyè pou tout moun ki chita nan tenèb yo, nan pati ki pi lwen sou tè a; pou reyalize rezirèksyon mò yo, epi pou monte anlè a, pou rete bò kote dwat Papa a,

8 Jouk akonplisman tan yo, epi lalwa a ak temwayaj la pral sele, epi li pral bay Papa a kle wayòm nan ankò;

9 Pou bay tout moun jistis; pou desann nan jijman sou tout moun, epi pou konvenk tout moun ki pa gen pyete yo konsènan zak enpyete ke yo te komèt yo; epi tout bagay sa yo pral fèt nan jou l ap vini an;

10 Paske se yon jou pouvwa; wi, chak vale pral ranpli, epi chak mòn ak kolin pral plati; sa ki kwochi pral vin dwat, epi chemen douk yo pral vin lis;

11 Epi tout kò fizik pral wè sali Bondye a.

TJS, Lik 3:19–20. Konpare avèk Lik 3:10–13

Yo pran swen pòv yo apati de abondans trezò a. Pibliken yo (kolektè taks yo) pa dwe pran plis pase lalwa egzije yo.

19 Paske w konnen byen, Teyofil, daprè jan Juif yo fè, epi selon koutim lwa yo a nan resevwa lajan pou mete nan trezò a, nan abondans yo te resevwa a, yo te mande yo pou bay pòv yo, chak grenn pòv, chak moun pòsyon pa li;

20 Epi, pibliken yo te fè daprè jan sa a tou, se poutèt sa Jan te di yo: pa pran plis pase sa yo mande nou an.

Enprime