Èd pou Etid
TJS, Mak 3


TJS, Mak 3:21–25. Konpare avèk Mak 3:28–30

Jezi ap padone tout pechè ki repanti eksepte moun ki blasfeme kont Sentespri a.

21 Epi apre sa, kèk moun te vin jwenn li, yo te akize l, yo te di, Poukisa w resevwa moun ki fè peche yo, etandone ou di w se Pitit Bondye.

22 Men li te reponn yo epi l te di, Anverite, m ap di nou, Tout peche lèzòm komèt, si yo repanti, yo va jwenn padon pou yo; paske mwen vini pou preche repantans pou pitit lèzòm yo.

23 Epi blasfèm yo, nan nenpòt ki fason yo te blasfeme, moun ki vin jwen mwen epi ki fè sa yo wè m fè yo, y ap jwenn padon pou yo.

24 Men, gen yon peche ki p ap janm jwenn padon. Moun ki blasfeme kont Sentespri a, yo p ap janm jwenn padon; men yo an danje pou yo chase yo sòti nan mond lan. Epi yo va eritye danasyon etènèl.

25 Epi se sa l te di yo, paske yo te di, Li gen yon movèzespri.

Enprime