Èd pou Etid
TJS, Mak 9


TJS, Mak 9:3. Konpare avèk Mak 9:4

Janbatis sou Mòn Transfigirasyon an.

3 Epi Eli ak Moyiz, oubyen ki vle di, Janbatis ak Moyiz te parèt devan yo; epi yo t ap pale avèk Jezi.

TJS, Mak 9:40–48. Konpare avèk Mak 9:43–48

Jezi fè konparezon ant koupe yon men oubyen yon pye ki ap ofanse avèk elimine asosyasyon ak moun ki ka fè nou egare sou chemen nou.

40 Se poutèt sa, si men ou ofanse w, koupe l; oubyen si frè w la ofanse w epi l pa konfese oubyen repanti, l ap retranche. Li pi bon pou w antre kote ki gen lavi a avèk yon sèl men pase pou ale nan lanfè avèk de men.

41 Paske li pi bon pou w antre kote ki gen lavi a san frè w la, pase pou ou menm ak frè w la nan lanfè; nan dife ki p ap janm etenn nan, kote vè ki nan kadav yo p ap mouri, epi dife a pa p etenn.

42 Epi ankò, si pye w ofanse w, koupe l; paske moun ki modèl wa, moun ki egzanp wa, si l vin tounen yon transgresè, l ap retranche.

43 Li pi bon pou w antre ak yon sel pye lavi kote ki gen, pase pou w gen de pye epi pou yo chase w al nan lanfè; nan dife ki p ap janm etenn nan.

44 Se poutèt sa, se pou chak moun kanpe oubyen tonbe, oubyen tonbe pou kont li, epi pa akoz yon lòt; oubyen pou l pa met konfyans l nan yon lòt.

45 Mande Papa mwen, epi nan menm moman an, w ap resevwa sa w mande a, si w mande avèk lafwa, si w kwè w ap resevwa l.

46 Epi si je w ki wè pou ou a, limenm ki la pou dirije epi pou montre w limyè a, vin tounen yon transgresè epi l ofanse w, rache l jete.

47 Li pi bon pou w ta antre nan wayòm Bondye a avèk yon sèl je, pase pou w ta gen de je epi pou w ta ale nan dife lanfè.

48 Paske li pi bon pou w ta sove pou tèt pa w, pase pou w ale nan lanfè avèk frè w la, kote vè ki nan kadav yo pa mouri, epi kote dife a pa p etenn.

Enprime