Èd pou Etid
TJS, Women 3


TJS, Women 3:5–8. Konpare avèk Women 3:5–8

Pòl anseye ke yon moun pa kapab fè mal nan objektif pou l reyalize bon bagay.

5 Men si nou rete nan eta enjis nou an epi nou rekonèt jistis Bondye, kijan pou nou ta oze di, Bondye enjis lè l pote vanjans li? (M ap pale antanke yon moun ki krenn Bondye,)

6 Se pa sa ditou; paske, enben, kijan Bondye pral fè pou l jije mond lan?

7 Paske si, atravè mansonj mwen an, verite Bondye a parèt pi klè, (jan Juif yo di a,) si sa sèvi pou glwa li; poukisa n ap jije m kòm yon pechè toujou? Epi nou pa resevwa m? Paske yo medizans sou nou;

8 Epi gen kèk moun ki afime ke nou konn di, (kondanasyon moun sa yo jis,) Annou fè mal pou byen ka sòti nan li. Men sa se pa verite.

Enprime