Èd pou Etid
TJS, Women 4


TJS, Women 4:2–5. Konpare avèk Women 4:2–5

Lòm kapab sèlman sove pa gras Jezikri, men pa atravè zèv ki anrapò ak obsèvans lwa Moyiz la.

2 Paske si sete lwa zèv la ki te jistifye Abraram, li t ap gen rezon pou l glorifye tèt li; epi pou l pa glorifye Bondye.

3 Paske, kisa ekriti a di? Abraram te kwè nan Bondye, epi se poutèt sa yo te konsidere l tankou yon moun ki jis.

4 Moun ki jistifye pa lwa zèv la, li jwenn rekonpans li, non pa kòm yon gras, men kòm yon dèt yo peye l.

5 Men, moun ki pa chèche pou yo jistifye l pa lwa zèv la, men ki kwè nan moun ki pa jistifye sa ki pa sòti nan Bondye, lafwa l konte kòm yon bagay ki jis.

TJS, Women 4:16. Konpare avèk Women 4:16

Lafwa ak zèv, atravè lagras, nesesè pou sali.

16 Se poutèt sa, nou jistifye nan lafwa ak zèv, pa mwayen gras, alafen pwomès la kapab asire pou tout desandan yo; pa sèlman pou moun ki fè pati nan lalwa a, men pou moun ki fè pati menm lafwa Abraram nan tou, ki se papa nou tout.

Enprime