Èd pou Etid
TJS, Women 13


TJS, Women 13:6–7. Konpare avèk Women 13:6–7

Moun ki onore otorite sivil yo rann onè yo pou Bondye a pi gran ak pi pafè.

6 Paske, se poutèt sa nou peye yo konsekrasyon nou yo tou; paske yo se minis Bondye, k ap kontinyèlman okipe yo de bagay sa a.

7 Men toudabò, bay tout moun sa w dwe yo, selon koutim nan, peye taks kote pou peye taks, peye enpo kote pou peye enpo, pou konsekrasyon w yo kapab fèt nan lakrent moun nou dwe krenn nan, epi nan onè moun nou dwe onore a.

Enprime