Devosyon Nwèl
Nwèl—yon sezon pou renmen, epi pou Padone Yonn Lòt


Nwèl—Yon Sezon pou Renmen, pou Sèvi, epi pou Padone Yonn Lòt

Mwen renmen wè eksitasyon ak antisipasyon timoun yo pandan tout sezon Nwèl la! Mwen sonje pwòp antisipasyon pa m antanke yon timoun primè ki t ap grandi nan Ajantin. Yon ane, enstriktè Primè nou yo te mande nou pou te netwaye ansyen jwèt nou yo, lave cheve pope nou yo, epi repare rad yo pou nou te ka bay yo kòm kadopou kèk ti gason ak ti fi ki t ap oblije pase jou Nwèl la nan lopital.

Pandan semèn mwen t ap netwaye ansyen pope mwen yo, manman m te mande m kisa m t ap fè avèk yo. Mwen te eksplike sa enstriktè Primè nou yo te mande pou nou fè a, epi li te reponn : “Ou ta dwe bay timoun yo yonn nan bèl jwèt ou yo tou.”

Mwen te reponn ni : “ Poukisa pou m ta fè sa?”

Epi, li te di yon bagay ki te rete avèk mwen tout ane sa yo. Li te di: ‘Cris, sa reyèlman bon pou bay yon bagay nou vrèman renmen, yon bagay ki difisil pou nou bay paske nou renmen l anpil, yon bagay ki t ap yon sakrifis. Se sa kado Papa nou ki nan Syèl la te bay an te ye. Li te voye Pitit Gason Li a, Jezikri— pa nenpòt pitit gason. Li te voye Pitit Gason Byeneme pafè li a pou nou kapab retounen al viv avèk li ankò.’

Ane sa a, lòske mwen te bay yonn nan jwèt mte pi renmen yo, mwen te yon ti jan pi byen konprann kado Papa nou ki nan ki Syèl la pou nou an—Pitit Gason Byenneme Li a, Jezikri, ki te bay lavi l avè amou e ak tout kè l pou nou.

Chak ane, kòm yon pati nan selebrasyon Nwèl nou, papa m te konn li ekriti sou bèl resi Lik la:

“Epi sete konsa nan epòk sa a, Seza Ogis te bay lòd pou yo te fè yon resansman, pou yo te konte dènye moun ki te nan peyi a. …

“Tout moun t al fè pran non yo, nan vil kote fanmi yo te sòti a.

“Epi Joseph tou te soti nan peyi Galile, nan yon bouk yo rele Nazarèt, li t al nan Jide, nan vil David la, yo rele Betleyèm. …

“Pou l te ka fè yo pran non l ansanm ak non Mari, fiyanse li, ki te ansent.

“Epi sete konsa, pandan yo te la a, jou pou Mari te akouche a te rive.

“Epi li te fè premye tibebe li, yon ti gason, epi l te vlope l nan kouchèt, epi li te mete l kouche nan yon kay kote yo te bay bèt manje; paske pa t gen plas pou yo nan lotèl la.

“Epi nan menm zòn sa a, te gen bèje ki te rete nan jaden yo, ki t ap pase nuit la ap veye mouton yo.

“Epi, lè sa a, yon zanj Bondye te parèt devan yo, epi laglwa Bondye te klere tout kote yo te ye a: epi yo te pè anpil.

“Men zanj lan te di yo konsa: Pa pè; paske, gade, m ap anonse nou yon bon nouvèl ki pral fè kè tout pèp la kontan anpil.

“Paske, jodia, nan vil David la, nou gen yon Sovè ki fèk fèt, ki se Kris la, Senyè a.

“Epi, men siy ki va fè nou rekonèt li: na jwenn tibebe a vlope nan dra, kouche nan yon kay kote yo bay bèt manje.

“Menm lè a, yon foul lòt zanj nan syèl la vin jwenn zanj lan, epi yo t ap fè lwanj Bondye, yo t ap di:

“Lwanj pou Bondye anwo nan syèl la, kè poze sou tè a pou tout moun li renmen.”1

Frè m ak sè m yo, kòman nou kapab jwi menm lapè ak kè poze sa a jodia ?

Pandan m t ap medite sou kesyon sa a nan dènye semèn sa yo, avèk nan lespri m ke Nwèl se sezon pou nou bay la, twa aksyon—anfèt twa kado nou chak kapab bay—te vini nan lespri m. Natirèlman, nou menm, nou bay kado sa yo pandan tout ane a, men nan sezon Nwèl mèveye a, nou sonje kado Papa a konsènan Pitit Gason l lan, epi nou reflechi sou fason nou ta ka suiv egzanp yo pandan n ap ogmante kapasite endividyèl nou ak dezi pou nou bay la.

1. Nwèl se sezon pou bay lanmou.

Papa nou ki nan Syèl la ak Sovè nou an, Jezikri, se pi gran egzanp lanmou. Gen yon ekriti ki ansenye : “Paske Bondye si tèlman renmen lèzòm li bay sèl pitit Gason byeneme l la, pou ke, tout moun mete konfyans yo nan li p ap peri, men pou yo ka gen lavi ki p ap janm fini an.’’2

Sovè nou an te ansenye nou pou renmen tout moun pa legzanp. Li te ansenye nou tou pou nou renmen Bondye epi pou nou renmen pwochen nou menm jan nou renmen pwòp tèt nou.

Èldèè John A. Widtsoe te eksplike:

“Nou gen dwa pa konprann nati total ak esansyèl lanmou men, gen tès ki kapab fè nou rekonèt li.

‘’Lanmou toujou fonde sou laverite. … Mansonj ak desepsyon, oswa tout lòt vyolasyon lwa moral la, se prèv absans lanmou. Lanmou peri nan mitan mansonj. … Se konsa, … […] moun ki bay moun li renmen manti, oubyen ki di l nenpòt bagay ki kontrè ak laverite, li pa vrèman renmen l.

“Pi plis ankò, lanmou pa ofanse ni fè mal ni blese moun nou renmen an. …Kriyote se absans lanmou…menmjan mansonj se absans laverite a. . …

‘’Lanmou se fòs ki aji pozitivman. Li ede moun nou renmen an. . Si gen yon bezwen, lanmou eseye founi li. Si gen feblès, lanmou ranplase l avèk fòs. … Lanmou ki pa ede se yon fo lanmou ki pasaje.

“Malgre ke tès sa yo bon, gen youn ki pi bon toujou. Vrè lanmou se fè sakrifis pou yon moun nou renmen. … Sa se tès final la sa. Kris te bay tèt li, li te bay lavi l pou nou, , epi konsa li te pwoklame reyalite lanmou li pou frè l ak sè l yo nan mòtalite a.”3

Papa nou ki nan Syèl la envite noumenm, pitit Li yo, pou nou bay lanmou sa epi pou nou fè sakrifis pou li. Sovè a te di : “Bay epi n ap resevwa.”4 “ Nou te resevwa gratis, nou dwe bay gratis tou.”5

2. Nwèl se sezon pou rann sèvis.

Senyè ak Sovè nou an te pèsonèlman sèvi pèp li a, li te ede moun ki te oprime, li te bay moun ki dekouraje yo espwa, epi l te chèche sila ki te pèdi yo. Li te fè avèg wè, li te geri malad ak paralize pou yo te kapab mache, epi li te leve moun ki te mouri.

Nan sezon Nwèl, mwen panse ak misyonè yo—èldè yo, sè yo, misyonè granmoun yo, prezidan misyon toupatou nan monn lan—ki, antanke reprezantan Jezikri, volontèman bay tan yo ak sèvis yo pou tout limanite. Mwen panse ak tout frè ak sè ki pase anpil èdtan ap sèvi fidèlman nan apèl yo. Epitou nan moman sa a, mwen panse ak gason ak fi k ap sèvi nan militè yo pou asire sekirite nou. Mèsi pou sèvis nou!

Men, menm si nou p ap sèvi Senyè a oswa peyi nou nan sèvis aplentan, opòtinite pou sèvi yo pa gen limit. Pawòl ak aksyon janti ka soulaje fado epi mete lajwa nan kè! Papa nou ki nan Syèl la envite nou tout pou nou rann sèvis. Epi lè nou fè sa: “Wa a va reponn epi l ap di [nou]: sa m ap di nou la a, se vre wi; chak fwa nou te fè sa pou youn nan pi piti pami frè nou yo, se pou mwen nou te fè li.”6

3. Nwèl se yon sezon pou nou padone.

Padone lòt moun pote lapè ak lajwa nan lavi nou. President Heber J. Grant te ansenye: “Pa gen anyen ki rapwoche nou pi pre Lespri Bondye pase lè nou … janti, atansyone, charitab, plen pasyans, epi padone. Pa gen anyen ki pote plis lajwa pou nou pase dispoze pou nou padone pwochen nou ki ofanse nou yo, epi pa gen anyen ki pote plis kondanasyon pou nou pase andisi kè nou epi nouri santiman ostilite ak rankin pou moun ki bò kote nou.”7

Pou nou resevwa padon pou peche nou, nou bezwen padone lòt moun.

Padone lòt moun pèmèt nou simonte santiman kòlè, amètim, oswa revanj. Epi ki moun ki vle gen santiman sa yo pou Nwèl ? Padon kapab geri blesi espirityèl yo tou epi li pote lapè ak lanmou ke sèlman Bondye kapab bay.

Papa nou ki nan Syèl la vle pou nou repanti epi padone tout moun—enkli nou menm tou. Jan Èldè Jeffry R. Holland te di: “’Kèlkeswa jan ou ta panse l twò ta, kèlkeswa pil chans ou panse ke w rate, kèlkeswa pil erè ou santi ou te fè, oubyen talan ou panse w pa genyen, oubyen kèlkeswa lwen ou santi w deja ale lwen de lakay oubyen de fanmi ou oubyen de Bondye, mwen temwaye w ke ou pavwayaje depase limit amou diven an. Li pa posib pou ou desann piba pase kote limyè enfini sakrifis ekspyatwa Kris la kapab rive.”8

Frè m ak sè m yo, nan sezon Nwèl sa a, annou tout bay pi bon kado yo. Annou sakrifye pi bon jwèt nou yo ak kè rekonesan—non pa sa nou itilize deja yo. Epi, annou bay kado lanmou, kado sèvis ak sila ki bò kote nou yo, ak vrè kado padon an. Paske lè nou repanti, Sen Izrayèl la ap padone nou. Mwen temwanye ke l vivan.. Li se Wa dè wa, Prens Lapè, Sovè nou, Redanmtè nou, ak Zanmi nou. Nan non Jezikri, amèn.

Enprime