Devosyon Nwèl
Pataje ti myèt pen w yo


Pataje ti myèt pen w yo

Chè frè ak sè, chè zanmi, mwen pote banou salitasyon ak benediksyon pwofèt byenneme nou an, Prezidan Thomas S. Monson. Li rekonesan pou priyè ak lanmou nou yo nan moman Nwèl la e pou toutan.

Mwen toujou renmen peryòd sa a nan ane a. Devosyon Nwèl Premyè Prezidans lan tounen yon tradisyon tout moun renmen, enkli fanmi pa m. Nou pa ka tann pou nou inogire sezon Nwèl la avèk mizik siblim Okès Temple Square la ak enkonparab Kè Tabènak Mòmon an. Mesaj yo ak mizik la ede nan amoni sezon Nwèl la e raple nou siyifikasyon pwofon sa n ap selebre a ak poukisa nou selebre.

Nwèl an Almay

Depi nan anfans mwen, souwè Nwèl mwen yo te toujou enkli yon imaj ivè pafè. Pou mwenmenm sa te vle di yon tan ivè byen glase, yon syèl ble, ak yon gwo kouch nèj blan tou frèch. Olye de sa, meteo a toujou diferan de rèv ivè ideyal mwen yo, kote souvan l vin avèk syèl gri plen nyaj, nèj imid, oubyen menm lapli.

Malgresa, Lavèy Nwèl, manman m te toujou abiye nou avèk rad ivè byen cho epi papa m te toujou al mache avèk nou nan lari vil nou an.

Noumenm, timoun yo, nou te konn vrè rezon pwomnad chak ane sa a—Manman m te bezwen tan pou l te dekore abdenwèl la, pou l te mete kado yo anba li, epi prepare salon an pou nuit sakre a. Nou te konn eseye fè tout kalite mètdàm pou n te ka fè pwomnad sa a pi kout posib. Men papa m te toujou montre nou l te pi entelijan pase nou, li te toujou ajoute yon lòt ri anplis oubyen yon lòt zòn pou l te bay manman m tan l te bezwen an.

Nan epòk sa yo, lari Zwickau yo te konn fènwa anpil lèswa. Sete aprè Dezyèm Gè Mondyal la, epi limyè nan lari te ra. Se sèlman kèk grenn boutik ki te ouvè, epi kèk nan yo te sitiye akote kay bonm te tonbe sou yo, ki te toujou gen odè etranj lagè a.

Te gen yon pati nan pwomnad la nou tout te renmen—yon ti poz nan katedral nan sant vil Zwickau a kote nou te konn tande bèl chan Nwèl ak mizik òg majestye yo te toujou ap jwe nan lavèy Nwèl. Nan yon fason, mizik sa a te fè ti kal limyè vil nou yo parèt pi klere toudenkou—prèske tankou zetwal ki t ap briye—epi sa te ranpli ti kè nou yo avèk yon bèl espri lespwa.

Rive moman pou nou te retounen an, manman m te fini avèk preparasyon l yo, epi nou tout te konn file antre nan salon an youn pa youn pou n t al gade bèl abdenwèl ki te fèk sot dekore sa a.Sa te difisil pou n te jwenn pyebwa nan epòk sa yo, epi nou te konn pran sa nou te jwenn. Pafwa nou te oblije ajoute kèk branch pou n te ka fè l pi apwopriye pou okazyon an. Men nan je m kòm timoun, abdenwèl la te toujou pafètman bèl.

Mouvman limyè bouji yo te pote yon ekla misterye, prèske mayifik nan sal la. Ak kontantman, nou te konn gade kado yo anba pyebwa a ak espwa ke nou t ap jwenn kado nou te espere yo.

Kontantman sa a pou resevwa kado yo te prèske menm avèk plezi pou n te bay kado tou. Souvan sete noumenm ki te fè kado sa yo. Te gen yon ane lè m te piti, kado m te bay frè m nan sete yon foto pa l ke m te desine. Mwen te santi m fyè de bèl akonplisman m sa a. Epi li te ase janti epi koutwa pou l te di m kijan l te kontan pou kado a.

M ap toujou sonje bèl souvni anfans mwen sa yo nan Lès Almay nan.

Lanmou enfini

Yo selebre tradisyon Nwèl nan kilti ak nasyon nan mond sa a nan yon fason mèveye e san parèy. Yo chak bèl e remakab, malgre yo trè diferan.

Men yo tout gen yon santiman komen, yon espri komen ki sanble l toujou prezan lè n ap selebre nesans Kris la, Wa a, Konsolatè nou ak Soutyen nou, Konsolasyon Izrayèl la!

Gen anpil mo yon moun ta ka itilize pou dekri santiman sa a: lajwa, lespwa, byenveyan, kè kontan. Yo chak kapte yon pati nan sa nou rele “espri Nwèl la.”

Men pou mwen, gen yon sèl mo ki pi byen dekri santiman nou santi nan sezon Nwèl la. Mo sa a se amou.

Apre tout bagay, kado nou selebre pou Nwèl la se yon kado lanmou—don pitit Gason Bondye a. “Men ki jan Bondye fè nou wè jan li renmen nou. Li te voye sèl pitit li a sou latè pou l’ te ka ban nou lavi. Sa se renmen.”1

Pandan sezon sa a, kè moun adousi paske lanmou sa a touche yo. Nou santi yon sansiblite ki pouse nou lonje lamen bay lòt moun nan jantiyès ak konpasyon.

Nwèl enspire nou pou nou renmen pi byen.

Menm pandan m ap di sa a, mwen rekonèt ke mo lanmou an pa apwopriye. An Anglè, menmjan ak nan anpil lòt lang, “lanmou” ka vle di anpil bagay. Paregzanp, mwen ka di m “renmen” lapli, oubyen m “renmen”rad nèf ou a, oubyen m ka menm di m “renmen” sant yon bwat bal tenis ki fèk ouvè.

Men lanmou m ap pale la a se yon bagay ki pi pwofon toujou. Konsepsyon mòtèl nou de lanmou se yon ti grenn sab sou yon gwo plaj konpare avèk lanmou Bondye santi pou nou.

Lanmou l la se yon konpasyon enfini ki p ap janm sispann. Lanmou diven an ranpli letènite. Li devèse avèk gras etènèl. Li touche epi l edifye. Li beni. Li rachte.

Lanmou diven an travèse diferans nan pèsonalite, kilti, oubyen relijyon. Li refize kite diskriminasyon ak prejije kanpe ankwa pou anpeche l pote rekonfò, konpasyon ak konpreyansyon. Li konplètman depouye de britalite, diskriminasyon, ak awogans. Lanmou diven an pouse nou fè jan Sovè a te fè: “pote moun ki fèb yo sekou, leve men ki pandye yo, epi ranfòse jenou ki fèb yo.”2

Se kalite lanmou sa a n ap chèche. Li ta dwe karakteristik ki defini nou antanke moun ak antanke pèp.

Nou petèt pa kapab devlope yon lanmou diven total nan lavi sa a. Men si gen yon epòk nan ane a kote nou kapab rapwoche yon tikras de li pase nenpòt lòt, sa ta dwe epòk Nwèl la, kote kè nou ak panse nou tounen vè nesans manifestasyon vivan amou diven an, Sovè a, Jezikri.

Komisè vil la ak tigason an

Kite m pataje yon istwa pou m ilistre fason nou ka kite amou sa a travay nan lavi nou. Sa gen katrevensenkan, yon lavèy Nwèl, pandan epòk Gwo Depresyon an, yon komisè t ap enspekte wout Salt Lake City yo apre yon tanpèt ivè. Pandan l t ap kondi, li te remake yon tigason bòkote wout la, ki te kanpe nan gwo fredi a san manto, san gan, ni bòt. Komisè a te kanpe machin nan, epi l te envite tigason an monte nan chalè machin nan, epi l te mande l si l te kontan pou Nwèl la. Ti gason an te reponn: “Nou p ap gen Nwèl lakay nou. Papa m mouri sa gen twa mwa epi l kite manman m avèk mwenmenm ak yon ti frè ak yon ti sè.”

Komisè a te monte chofaj la nan machin nan epi l te di: “Pitit gason m, ban m non ou ak adrès ou. Gen yon moun k ap vin lakay ou—yo pap bliye w.”

Komisè vil la sete yon prezidan pye anba lavil Salt Lake. Li t ap travay avèk manm nan pye l yo pou yo te pote manje ak kado bay fanmi ki pa t kapab ofri tèt yo anyen. Tigason an p at yon manm Legliz la, men sa pa t konte pou komisè a. Jou swa sa a, limenm ak youn nan evèk nan pye l yo te asire yo ke fanmi tigason an te resevwa yon panye Nwèl byen ranpli.3

Rankont avèk tigason sa a te afekte prezidan pye sa a anpil. Li te rann li pi detèmine pase jamè anvan pou l te chèche epi soulaje soufrans nenpòt kote l te jwenn ni. Sa te menm tounen senbòl lavi li.

Non komisè vil la sete Harold Bingham Lee, epi 40 tan apre, li t ap vin 11zyèm Prezidan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.

Prezidan Lee te jwe yon wòl siyifikan nan devlopman gwo pwogram Legliz la pou soulaje soufrans moun ki nan detrès yo ak pou ede tout pitit Bondye yo vin pi otonòm.

Prèske nan fen lavi li, Prezidan Lee te di ke l te konprann moun ki t ap soufri e ki te bezwen sekou akoz pwòp povrete ak kòmansman enb pa li.4

Se pa konbyen ou genyen ki konte men se konbyen ou renmen

Mwen panse m konn kijan Prezidan Lee te santi l.

Fanmi m te viv nan sikonstans trè pòv pafwa tou. De fwa nan setan, nou te oblije kouri kite lakay nou kòm refijye. Nan Lwès Almay nou te viv nan yon grenye nou te lwe nan yon ansyen batiman yon fèm. Li te gen de ti chanm, epi nou tout te dòmi nan yon sèl chanm. Espas la te sitèlman piti ke m te oblije mache sou kote pou m te ka deplase nan mitan kabann yo.

Manman m te gen yon asyèt chofant ki te sèvi kòm fou. Epi, lè pou nou te deplase soti nan yon chanm al nan lòt la, nou te oblije travèse yon pakèt obstak tankou zouti pou fèm nan, kòfrefò, e menm vyann sale ki te pandye nan plafon an. Yon fwa, pandan m te malad epi m te oblije ret kouche tout jounen an, m te wè yon sourit ki t ap kouri sou planche a. Nou te konn oblije pote dlo monte nan chanm nou an, epi twalèt la te deyò kay la nan yon lakou ki pa t bare, toupre depo a. Jou Dimanch yo, nou te konn mache pandan plizyè èdtan pou n t al Legliz la nan Frankfurt epi retounen. Sete raman nou te kapab pran bis.

Mwen toujou sonje jou sa yo avèk yon kè brize epi lajwa. Paran m te fè sa yo te kapab pou yo te okipe nou, epi nou te konnen yo te renmen nou. Wi, moman sa yo sete moman gwo bezwen, men, M konsidere yo kòm bèl moman, paske m te ka santi lanmou nou youn te gen pou lòt, ak pou Senyè a, ak pou Legliz li a.

Pa gen okenn wont nan povrete. Sonje ke Sovè Mond lan te fèt nan yon etab epi li te kouche nan yon krèch “paske pat gen chanm pou [Li] nan otèl la.”5 Epi, yon ti tan apre, Limenm ak Mary ak Joseph te vin tounen refijye, yo te oblije kouri al an Ejip pou yo t al chèche pwoteksyon poutèt Hewòd, kriminèl la. Pandan ministè piblik Li a, Jezi te mache pami moun ki te pòv, ki te grangou ak malad. Jounen l yo te pase nan sèvi moun sa yo. Li te vini “pou anonse bon nouvèl la pou pòv yo.”6. Nan anpil fason, Li te youn nan yo, paske Limenm tou “li pa t gen okenn kote pou l te poze tèt li.”7

Li te fè lwanj pou pòv vèv la ki, nan pòvrete li, te lage de ti pyès kòb li yo nan bwat ofrann Juif la.8 Epi, youn nan dènye mesaj Li nan mòtalite a sete ke pwòp sali pa nou depann de fason nou trete lòt yo—espesyalman moun nou konsidere kòm “pi piti yo” —paske, Li di: “chak fwa nou te fè sa pou yonn nan [yo], se pou mwen nou te fè li.”9

Yon powèt Anglè nan 19 vyèm syèk la te ekri pawòl sa yo:

Nan mitan vègla ak lanèj,

Ti zwazo timid la vini;

Pa pitye pa repouse li,

Men pataje ti myèt pen w yo

 

Nou tout gen pou n sere, pèsonn pa twò pòv,

Lè grangou ivè a vini;

Pen a pa janm pou ou sèlman,

Enben, pataje ti myèt yo.

 

Byenvit livè ap tonbe sou lavi ou,

Jou jijman an ap rive:

Kont peche ou, pa dekrè diven

Y ap peze ti myèt ou te pataje sa yo.10

Kèlkeswa pozisyon nou nan lavi, nou chak se yon tizwazo timid—yon mandyan—devan Bondye. Nou depann sou gras divin ni. Se atravè sakrifis Jezikri, Sovè nou an, kòm pati gwo plan bonè a, ke nou gen espwa sali ak mizèrikòd. Kado diven sa a enspire nou pou nou kenbe kòmandman Bondye yo epi lonje lamen avèk konpasyon bay moun ki antoure nou. Menmsi tout sa nou genyen se yon ti myèt pen, nou pataje l ak kè kontan avèk moun ki nan bezwen emosyonèl epi espirityèl kòm yon ekspresyon rekonesans nou pou festen diven Bondye prepare pou nou an.

Beni lòt moun pou Nwèl la

Pandan sezon Nwèl mèveye sa a, se nòmal pou nou pran plezi nan limyè yo, mizik la, kado yo ak bagay klere yo. Tout sa fè pati rezon ki fè nou renmen peryòd sa a nan ane a.

Men annou pa janm bliye ke nou se disip k ap suiv Jezikri, Pitit Gason Bondye a. Pou nou vrèman onore vini Li nan mond lan, nou dwe fè menmjan avèk Li epi lonje lamenm nan konpasyon ak mizèrikòd bay pwochen nou. Nou kapab fè sa chak jou, nan pawòl e pa aksyon. Annou pran sa kòm tradisyon Nwèl nou, kèlkeswa kote nou ye—pou nou yon tijan pi janti, pi padonan, mwens pote jijman, pi rekonesan, e pou nou gen plis jenewozite nan pataje abondans nou avèk moun ki nan bezwen.

Se pou kontanplasyon nesans Jezi nan Betleèm nan enspire nou vini menmjan avèk Li. Se pou misyon ak egzanp Kris la fè kè nou ranpli ak lanmou diven pou Bondye ak pwofon konpasyon pou pwochen nou. Epi, se pou nou toujou pataje ti myèt pen nou avèk pi plis jenewozite ak lanmou san rete. Se priyè ak benediksyon mwen pou sezon Nwèl sa a epi pou toutan, nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. 1 Jan 4:9–10

  2. Doktryn ak Alyans 81:5.

  3. Gade Harold B. Lee, Ou Se Limyè Mond Lan (1974), 346–47.

  4. Gade Brent L. Goates, Harold B. Lee: Pwofet epi Vwayan (1985), chapit 32.

  5. Lik 2:7.

  6. Lik 4:18, Vèsyon Nòmal Anglè.

  7. Matye 8:20, Vèsyon Nòmal Anglè.

  8. Gade Mak 12:42–44 .

  9. Gade Matye 25:32–46 .

  10. Alfred Crowquill, “Epapitye Tikal Pen Ou Yo,” nan Robert Chambers, ed, Liv Jou Yo (1881), 2:752. Tout powèm nan li konsa:

    Nan mitan vègla ak lanèj,

    Tizwazo timid la vini;

    Pa pitye pa repouse li,

    Men pataje timyèt pen ou yo.

    Epi kite seri pòt ou louvri

    Pou nenpòt mout ki vini;

    Pi pòv yo ye, bayo plis akèy

    Epi pataje timyèt pen ou yo.

    Nou tout gen pou sere, pèsonn pa twò pòv,

    Lè grangou ivè a vini;

    Pen an pa janm pou ou sèlman

    Men pataje timyèt pen ou yo.

    Byenvit livè ap tonbe sou lavi ou,

    Jou Jijman ap vini:

    Kont peche ou yo, pa dekrè siprèm,

    Y ap peze ti myèt pen sa yo.

Enprime