Devosyon Nwèl
Kado Selès


Kado selès

Jèn tigason

Pa gen okenn tigason ki te konn tann Nwèl avèk plis enpasyans pase m. Mwen te renmen li! Epi paran m te chanpyon nan fè lakay nou tounen yon paradi ivè. Te gen dekorasyon, mizik, limyè, bon manje, e natirèlman kado yo. O, ala m te konn ap tann kado yo. Chak ane m te fidèlman fè yon lis bagay mwen te plis anvi yo.

Paske nou t ap viv nan yon fèm, chak Nwèl, nan maten, anvan nou te ouvri kado nou yo, nou te konn mete rad ki kenbe cho pou n te ka brave tanperati ivè a pou n t al pran swen bèt yo. Anyen pa t pi bon pase fini travay nou epi kouri antre lakay pou n patisipe nan bèl aktivite matine a.

Mwen te fèk kòmanse ap aprann sou mesye sa a, Jezikri, n ap selebre fèt Li a. Men sa te sanble yon gwo zafè. Sete fèt Li, men se noumen ki te jwenn tout kado yo. Ki timoun ki pa t renmen sa! Nwèl sete tout bagay ki bon.

Erezman, avèk letan, konpreyansyon m sou Sovè a te ogmante---Nesans li akfèt Li, lavi li ak mirak Li yo, pouvwa li ak sakrifis Li yo, Sakrifis ekspyatwa l la ak Rezireksyon L lan, men pi plis toujou, grandè li ak amou enkonpreyansib Li. Wi, Nwèl sete tout bagay ki te bon, men sete senpleman paske Jezikri sete tout bagay ki te bon. Oubyen pou m pi byen di, Jezikri sete tout bagay ki meveye!

Travay misyonè

Tankou anpil jèn moun, mwen pa t ka tann pou te m sèvi yon misyon, men premye Nwèl mwen lwen lakay sete yon chòk pou mwen. Nan mwa anvan m te gen 19 van yo, pratikman tout sa m te ka panse sete ale nan misyon. Mwen te pi jèn pase pifò nan kanmarad klas mwen ak zanmi m yo, epi anpil nan yo te deja gen 19 van epi yo te ale nan misyon, yo te kite m dèyè, Mwen te santi m te pare pou m te yon misyonè tou. Sèl sa k te anpeche mwen sete fèt nesans mwen.

Apre sa k te sanble yon etènite, fèt 19 van m nan te finalman rive epi m te rantre nan Sant Fòmasyon Misyonè. Nan kòmansman Desanm, m te twouve m nan avyon prale nan misyon mwen nan Santiago, Chili. Anfen, m te nan wout, e sa k te pi bon toujou, Nwèl la te prèske rive. Mwen te santi k m te pare pou pi bèl eksperyans sa a nan lavi mwen.

Men lè m te soti nan avyon an, m te reyalize byen vit ke bagay yo te trè diferan pase jan yo te ye lakay mwen nan Utah. Wi, Nwèl te prèske rive, men sete kòmsi nou te nan mitan ete. Kote nèj la? Kote manto ak bòt yo?

Mwen te byenvit totalman angaje m nan travay la. Mwen te toujou ap soufri anba chanjman lè a e pafwa m te konn tonbe dòmi pandan nou te konn ap anseye. Kilti a te diferan, lang nan sete yon mistè—li pa t sanble ditou avèk sa m te aprann nan Sant Fòmasyon Misyonè a—epi manje a menm pat gen parèy. Anpalan de manje a, konpanyon m avèk mwen te siman manje yon move bagay paske nou toulède te tonbe malad. Anplis de sa pandan premye nwit mwen nan Chili, yon tranblemanntè te pase.

Sete premye Nwèl mwen lwen lakay, e m te malad anpil. Mwen te kouche sou yon kabann nan yon peyi etranje, ap eseye konprann yon lang mwen difisilman ka konprann, ap viv avèk yon moun mwen te apèn konnen. Èske se sa travay misyonè a te ye? Poukisa m te prese konsa?

Men, malgre tout difikilte sa yo, mwen te kòmanse renmen pèp Chili a ak tout kè m. Yo te ekstraòdinè e sa te fasil pou renmen yo-—epianpil nan yo te sitèlman bezwen mesaj Sovè a. Nan mond reyèl la, kote moun dezespereman bezwen mesaj konsènan yon Sovè a, abdenwèl avèk ba plen kado pa t osi enpòtan ke jan yo te ye avan. Si Kris la te kite fwaye selès Li pou l te vini sou tè a pou l te soufri epi mouri pou nou tout, mwen te ka sètènman kite lakay mwen epi aksepte kèk ti enkonvenyan pou m te ka pataje mesaj mèveye Li a.

Nwèl sa a te ansenye m bèl lajwa ki genyen nan ede moun jwenn pi gwo kado Pè Selès la banou an, ki se gran plan bonè Li a—epi mwen te dekouvri ke bonè sete sèl bagay tout moun te plis anvi, non pa nan sezon Nwèl sèlman, men pou tout tan.

Jèn vèf ak maryaj

Kèk ane apre misyon mwen, mwen te rankontre yon lòt pwoblèm ankò. Mwen te deprime, fatige e m te santi m poukont mwen. Kèlke mwa anvan sa, madanm mwen, ke m te gen dezan maryaj sèlman avèk li, te mouri sanzatann nan yon aksidan, ki te kite m poukont mwen avèk ti pitit fi 7 mwa nou an.

Mwen te nan inivèsite lè sa a, ap etidye, travay epi lite pou m te aprann kijan pou m te vin yon paran selibatè. Nwèl t ap apwoche, epi pandan lòt moun t ap deplase pou retounen lakay yo pou yo t al jwenn fanmi yo pandan fèt yo, akoz angajman travay, mwen te oblije rete nan lekòl la. Mwen te santi m solitè e trè tris. Nwèl te vini epi l t ale, epi tan te kontinye pase

Prèske ennan apre, pandan Nwèl tapral rive ankò, mwen te toujou selibatè. Ekriti yo di li pa bon pou yon gason rete poukont li (gade Jenèz 2:18), e mwen te totalman dakò. M te bezwen yon konpay, epi pitit fi m nan te bezwen yon manman.

Mwen t ap panse: “Mwen gen dwa pa tèlman atiran, men ki fi ki pa ta renmen yon ti pitit fi byen reyèl pou Nwèl? Non pa jis yon poupe—men yon vrè tibebe?” E erezman, si moun nan te vle tibebe a, li t ap oblije pran m tou.

Mwen te gen je sou yon jèn ti dam nan klas biyoloji m nan, men sete prèske fen semès la e m te toujou potko jwenn kouraj pou m te pale avèk li. Syèl la dwe te avèk mwen paske yon jou, senpleman pa aza, nou te vin ap soti nan sal egzaman an an menm tan. Sete okazyon pa m. Mwen te kòmanse yon konvèsasyon avèk li. An apre, nan jou swa sa a, mwen te rele jèn dam nan, Nancy, epi m te envite l sòti. Nou te sòti plizyè fwa. Men, m te konnen Nwèl tapral rive, epi Nancy tapral lakay li. Kisa m ta dwe fè pou m te kenbe ti etensèl ki t ap devlope antre nou an vivan epi fè l grandi?

Mwen te fè yon plan. Avèk èd sè Nancy a ak mennaj li, mwen t ap siprann Nancy ansekrè avèk yon kado chak jou pandan 12 jou ki te rete anvan Nwèl yo.

Plan m nan te mache. Nancy te resevwa kado yo, men li pa t konnen ditou kiyès ki te voye yo. Sa te tounen yon mistè tout fanmi l t ap eseye rezoud. Sè Nancy a ak mennaj li a te pwomèt ke yo pap janm di si yo te nan plan an. Sete vrèman yon konbinezon sekrè---men sete pou bon rezon.

Men, yon jou swa, fanmi an te jwen yon pis. Pòt la te sonnen, fanmi an te kouri al nan pòt la, epi yo te gentan wè yon machin k ap kouri ale. Yo te pran nimewo plak la, epi nan demen, yo te rele biwo lisans lan pou yo te konn kiyès ki mèt machin nan. Yo te dekouvri ke machin nan sete pou yon moun nan fanmi mennaj sè a. Bagay la te devwale. Sè Nancy a ak mennaj li a te oblije admèt patisipasyon yo nan plan m nan. Andedan kè m, mwen te kontan dèske yo te dekouvri m. Nancy avèk mwen te gen posiblite pou n te pase jou Nwèl la ansanm epi konsa, nou te kontinye relasyon nou an.

E jan m te espere a, Nancy te anvi gen yon tibebe reyèl byen vivan pou Nwèl la. Li te renmen pitit fi m nan tankou sete pwòp pitit li. Epi, erezman, mwen te fè pati pake a. Nou te marye ete apre a. Sete youn nan pi bèl kado m te resevwa.

Mwen t ap fè eksperyans gran plan bonè Papa nou ki nan Syèl la. Mwen te genyen yon fanmi etènèl. Nou te sele ansanm poutoutan.Kado maryaj ak fanmi etènèl la se yon kado tout moun fidèl ap resevwa, oubyen nan lavi sa a oubyen nan lavi apre a. Ki pi gwo kado ki ta ka genyen pase sa?

Lè m reflechi sou epòk solitid ak chagren m te travèse yo, mwen te reyalize ke Jezikri te gen yon moman kote l te abandone epi sèl tou, epi Limenm, plis pase tout lòt moun, te konnen lapenn mwen. Menm nan moman pi gwo solitid mwen yo, mwen pa t janm santi l abandone m. Li te non sèlman Sovè mwen; men l te frè m ak pi bon zanmi m tou.

Jèn papa

Ti fanmi nou an te kòmanse grandi, epi, kèk ane apre, mwen te konfwonte avèk yon lòt gwo pwoblèm ankò. Pandan Nwèl t ap pwoche, Nancy avèk mwen youn te gade lòt epi nou te reyalize ke nou pat gen okenn kòb sere pou nou t achte kado pou jè timoun nou yo ane sa a.

Mwen te fèk fin diplome, epi nou te toujou ap fè efò pou nou etabli nou. Byenke m te gen yon bon travay, sa te vin klè ke pri lavi a te depase bidjè nou. Sèl bagay ki t ap mache byen pou nou sèke nou te peye dim konplè. Malgre pèsonn lòt moun pa t konn pwoblèm nou, Papa nou ki nan Syèl la ak Sovè a te konnen, e yo te kòmanse voye ti mirak Nwèl.

Yon jou pòt la te sonnen. Sete vwazen an. Li te di: “Nou t ap netwaye lakay nou epi nou tonbe sou jwèt sa yo timoun nou yo pa bezwen ankò. Nou t ap mande nou si pitit ou yo pa ta renmen yo.” Sètènman wi!

Yon lòt jou, pòt la te sonnen ankò. Fwa sa a sete kèk manm nan pawas nou an. Yo te kanpe devan pòt la avèk yon ti bisiklèt pou tifi. Yo te di: “Nou pa bezwen bisiklèt sa a ankò e nou panse a fanmi ou. Èske w panse pitit fi w la ta ka itilize li? Nou te kontan anpil!

Kèk semèn anvan sa, jèn ti pitit gason nou an te antre nan yon konkou pou kolorye nan yon boutik nan zòn nan. Nou te resevwa yon apèl telefònik yon jou ki te pote nouvèl trè eksitan ke se li k te genyen konkou a. Yo te ba li yon videyo sou yon fim timoun ki te trè popilè. Nou te etone anpil!

Tout ti mirak sa yo! Pitit nou yo t ap gen kèk kado Nwèl apre tou. Nou te peye dim nou, epi Pè Selès la ak Sovè a te louvri fenèt syèl yo epi devèse benediksyon yo—dwat desann nan chemine a.

Mwen te reflechi sou Kris la ki te fèt nan sikonstans trè enb la, malgre sa, gen moun ki te jwenn ni epi ki te ofri kado presye tou. Antanke yon papa terès, mwen te dezespereman anvi bay pitit mwen yo tout sa m te kapab.

Papa nou ki nan Syèl la santi l menmjan an tou. Men, lanmou pa l la tèlman pafè, Li vle bannou tout sa l genyen. Se yon kado nou pa kapab konprann.

Konklizyon

Frè m ak sè m yo, nou tout nan yon moman oubyen yon lòt konn santi oubyen ap santi nou abandone, malad, deprime, pòv oubyen lwen lakay nou. Erezman, nou gen yon Papa Etènèl ak yon Sovè ki konprann nou. Si nou al jwenn yo, Y ap pran men nou epi y ap ede nou travèse chak difikilte.

Epi frè m ak sè m yo, nan yon moman oubyen yon lòt, nou tout ap rankontre yon lòt moun ki sèl, ki malad, deprime, pòv oubyen lwen lakay li. Papa nou ak Sovè a kapab dirije nou pou nou ede lòt moun, e se ap yon privilèj pou nou fè sa.

Lè m te piti, mwen te panse Nwèl te vini sèlman yon jou nan ane a. Kounyeya, kòm adilt, mwen reyalize ke se Nwèl chak jou. Akoz konpasyon Papa eman nou an ki nan Syèl la ak Sovè byenneme nou an, Jezikri, nou resevwa yon pakèt kado selès san rete—chak jou. Kado selès ki twòp pou nou mansyone.

Rekonesans mwen pou Papa a ak Pitit Gason an tèlman gran e tèlman pwofon ke, tankou Ammon ansyen an, “Mwen pa kapab di ti pati ki pi piti [ke] m santi a” ( Alma 26:16).

Wi, se fèt nesans Jezikri nou selebre chak sezon Nwèl, men gras ak bonte Papa a ak Pitit Gason an, nou gen tout kado yo. Konsènan sa mwen temwaye, nan non Jezikri, amèn.

Enprime