Yon kado Papa a: aksepte oubyen rejte
Ala bèl mizik la te bèl epi ala yon bèl mesaj Sè Eubank ba nou. Ala gras redanmtè sa a ekstraòdinè! Bon, Desanm rive. Lè a frèt epi nou gen yon ti nèj. Pou pifò moun, sa vle di Nwèl prèske rive. Men pou mwen, se pa sa Nwèl ye.
Pandan tout ane m yo sou tè sa a, jounen to te byen long plen chalè ki te endike apwòch Nwèl. Se paske Desanm se sezon ete nan Ostrali. Epi nan Afrik Lwès la, kote madanm mwen avèk mwen te viv pandan senk dènye ane yo, li toujou fè cho.
Konsa, Desanm tipikman pote jounen nan lanmè, sèfe, ak babekiou. Pou Nwèl, lakay nou gen odè mango ak son moun k ap ri. Men lespri Nwèl la se menm toupatou. Keseswa nan Sydney, Sal Lake oubyen Sierra Leone; keseswa nan Nuku’alofa, Newfoundland, oubyen Nigeria, nesans Sovè nou an enspire moun pou yo fè bon bagay.
Nan pifò kote, moun yo bay kado, youn vizite lòt, epi yo fè zak jantiyès pou selebre espri Nwèl la. Zanmi nou yo nan Samoa gen yon tradisyon nan jou apre Nwèl la ki se mete manje ak lòt bon bagay nan bwat epi voye yo bay fanmi ki nan plis bezwen yo, non sèlman nan pawas yo, man bay lòt moun nan kominote yo tou. Yo gen yon jaden de ekta legim tou, epi pifò nan sa l pwodui yo se pou yo voye bay moun ki nan bezwen.
Gen yon bon zanmi nou ki soti Senegal nan Lwès Afrik la ki te di m lakay li, nan vilaj natal li, nan Cote D’Ivoire, chak lavèy Nwèl, olye yo pote kado, moun nan vilaj yo pote tout konfli ki pa t rezoud devan lidè yo. Epi, lidè sa yo pase rès jounen an ap travay avèk fanmi yo pou rezoud konfli yo. Moun nan vilaj yo vle pou gen lapè ak amoni nan chak fwaye nan vilaj la pou Nwèl, paske y ap selebre nesans Kris la---ki te fèt pou bi sa a menm ki se pote lapè nan mond lan.
Nan kòmansman ane sa a, nou te rankontre yon jèn misyonè, Sè Jeanne Ingabire ki soti Rwanda, ki ap sèvi misyon l nan Liberya. Li te rakonte m istwa dechiran sou enpak jenosid nan Rwanda an 1994 la fè sou li. Papa l te soti nan tribi Hutu a, ki te rayi manm tribi Tutsi yo anpil. Men manman l te soti nan tribi Tutsi a. Pou l te ka sove lavi madanm ni ak lavi kat pitit fi yo te genyen yo, papa plen kouraj sa a t al kache fanmi l byen lwen epi l te retounen nan vilaj la poukont li. Madanm ni ak pitit fi l yo pa t janm te wè l ankò epi yo te lite anpil pou yo te siviv. Yo te finalman retounen nevan apre pou yo t al nan yon reyinyon rekonsilyasyon gouvènman an te òganize, kote yo te aprann ke yo te touye papa ak mari sa a lè l te retounen nan vilaj li a. Men, sa k enkwayab la, sèke manman Sè Ingabire ak pitit li yo te padone moun yo ki te touye mari ak papa sa a.
Pandan yon epòk kote Joseph Smith te gen dwa ranpli ak kòlè, paske yo te fèmen l nan Prizon Libète a pandan dè mwa pou Nwèl 1838 la malgre l te inosan, Senyè a te revele l seksyon 121 Doktrin ak Alyans yo. Nan revelasyon sa a, Senyè a ede Joseph simonte santiman fristrasyon ki te evidan yo nan kòmansman seksyon sa a epi l anseye Pwofèt la ke jantiyès, pasyans, bonte, dousè, ak lanmou enfayib se kalite kretyèn ki esansyèl pou yon moun disip.
Nwèl poute anpil souvni familyal presye pou mwen. Men, se pa tout souvni sa yo ki se bon souvni. Pandan m te yon jèn tigason, m sonje m te resevwa yon bèl ti machin koulè vèt papa m te ban mwen. Fanmi nou te pratikman pòv epi m te renmen kado sa a. Men, yon jou, nan yon moman kòlè pou yon bagay ki pa t menm enpòtan, m te voye timachin nan jete nan gwo touf raje ki te anlè kloti nou an. Imedyatman, m te regrèt, non pa paske m te voye jwèt la jete men paske m te santi sa te yon senbòl rejè pou ekspresyon lanmou papa m nan. M te chèche, epi chèche, men m pa t jwenn ni. Lè ivè te rive epi touf raje a te pèdi fèy li, m te chèche ankò, san siksè. M te santi m tris paske m te ofanse papa m. Sa toujou fè m mal.
Nou konnen, sa konparab avèk fason nou pafwa rejte amou Pè Selès nou an ak kado l ba nou yo, pi gwo kado a sete voye Pitit Gason l lan vin soufri ak ekspye pou nou. Ala yon trajedi si nou rejte sakrifis ekspyatwa l la oubyen alyans ak òdonans levanjil li yo!
Si sèlman nou te ka toujou plis tankou moun k ap travay pou montre amou pou lòt yo. Dènyèman, anpil moun te travay pou yo te ede moun ki abite Florid yo ak Caroline du Nord ak du Sud yo ki te sibi siklòn devastan oubyen yo te pote èd bay lòt moun ki te sibi menm kalite bagay sa yo atravè mond lan.
25 Desanm 1974, kapital Teritwa Nò Ostrali a te detwi. Nan premye èdtan yo nan jou Nwèl sa a, Siklòn Tracy te frape vil Darwin nan. Anpil moun te mouri, epi pifò nan popilasyon Darwin nan te rete san kay. Foto devastasyon k te fèt nan Florid dènyèman an reflete sa Darwin nan. Men espri Nwèl la te simonte dezespwa a. Moun nan tout Ostrali te vide don, epi anpil moun te kite tout bagay pou yo te vwayaje al Darwin pou yo te ede rebati li.
Sa gen kèk ane, lè pi gran pitit fi m nan te gen dezan, li te kase janm ni jis anvan Nwèl epi l te pase plizyè semèn lopital avèk janm ni nan aparèy. Sete yon Nwèl trè difisil. Yon fanmi nan pawas nou an ki pa t menm te gen anpil finansyèman t al vizite l jou Nwèl la. Chak nan timoun piti yo te pote kado yo te pi renmen an, ke yo te resevwa jou maten an menm, pou yo te bay pitit fi m nan kòm kado. Madanm mwen, Kay, avèk mwen te emosyone anpil pou jantiyès sensè timoun sa yo ak paran yo.
Sa se vrè espri Nwèl la—moun k ap ede lòt. Apretou, yon pati enpòtan nan eritaj Sovè a kite pou nou an sete sèvis li pou chak “grenn” moun. Sa se sètènman yon prensip manm Legliz li an Afrik yo anbrase ak aplike, epi se sa l mande nou isit la.
Prezidan M. Russell Ballard te di ke Ekspyasyon an se zak siprèm Sovè a k ap egzakteman fè sa pou ”chak” grenn nan nou an. Men pawòl Prezidan Ballard yo:
“Si nou vrèman te konprann Ekspyasyon an ak valè etènèl chak nanm, nou t ap chèche … tout … pitit Bondye yo ki egare yo. Nou t ap ede yo konn amou Kris la gen pou yo. Nou t ap fè tout sa n kapab pou ede prepare yo pou yo resevwa òdonans sali levanjil yo.
“Sètènman, si Ekspyasyon Kris la te gen premye plas nan lespri dirijan pawas ak branch yo, yo pa t ap janm neglije okenn nouvo manm ni okenn manm ki reyaktive. …
“… Iwoni an sèke malgre Ekspyasyon enfini ak etènèl, li aplike endividyèlman, yon moun alafwa…
“Frè m ak sè m yo, pa janm, jamè, souzestime konbyen yon grenn moun presye.1
Èske sa pa t ap bèl si nou ta suiv konsèy sa a ak konsèy pwofèt nou an, Prezidan Russell M. Nelson an---pou n viv de gran kòmandman yo nan yon fason ki pi elve ak pi sakre. Epi, si nou doute kapasite nou pou n fè yon enpak lè n ap fè sa a, annou reflechi sou pwovèb Afriken sa a: “Si w panse w twò piti pou w fè yon diferans, enben, ou pa janm pase yon nuit avèk yon moustik.“
Nou pa bezwen vwayaje al nan Tè Sent la pou n fè yon diferans oubyen pou n rapwoche n de Sovè nou an. Nwèl se yon epòk kote nou ka konsantre sou kado pèsonèl n ap bay Sovè a nan kontinyèlman renmen ak ede lòt moun. Lè sa a, li pa p twò lwen Betleyèm pou okenn nan nou. Sa depann de nou pou n fè Kris la fè pati lavi nou---pou n aksepte kado l ofri nou yo epi pou nou ba l kado kè nou. Mwen renmen li epi m temwaye konsènan lanmou enfayib li pou nou chak nan non Jezikri amèn.