Devosyon Nwèl
Se pou tout kè fè plas pou li


Se pou tout moun prepare plas pou li

Sa gen yon semèn, yo te limen limyè Nwèl yo nan Temple Square, pou kontinye yon tradisyon 53 ane epi, pou anpil moun, pou make kòmansman sezon Nwèl la. Pou Nwèl, nou selebre nesans, lavi, ak limyè Jezikri, Pitit Literal Bondye a epi Sovè mond lan. Nou jwenn lespwa nan anons ki te akonpaye nesans li a: “Lwanj pou Bondye anwo nan syèl la, kè poze sou latè pou tout moun li renmen. 1 Mizik la, timoun ki eksite, kado pou bay ak resevwa, abdenwèl, dekorasyon, ak limyè yo, tout fè pati selebrasyon jwaye nou.

Lè nou panse a Nwèl, ki bèl souvni ki vin nan lespri nou? Pou mwenmenm, epòk sa a nan ane a toujou pote souvni selebrasyon Nwèl anfans mwen yo.

Mwen ankò sonje pil kado m te resevwa yo. Mwen sonje yon balon foutbòl ak yon balon baskètbòl, jwèt, ak rad. Pifò nan kado sa yo fini kounyeya e m bliye yo; rad yo fin ize epi yo vin twò piti. Men, sa m sonje pi plis nan Nwèl pase yo—souvni ki pi memorab ak pi chè pou mwen yo—se pa sa m te resevwa yo men se sa m te bay yo.

Kite m eksplike sa. Chak ane, jou Samdi anvan Nwèl la, jèn nan pawas mwen yo te konn rasanble nan legliz nou an. Nou te konn ranpli panye avèk zoranj, fig, ak bonbon ak gato pou n te pote bay vèv yo ki te abite nan zòn nou yo. Nou te konn al lakay yo, chante chan Nwèl, epi ba yo panye Nwèl yo. M ankò sonje souri plen rekonesans yo. Kèk nan yo sete premye oubyen dezyèm jenerasyon imigran ki te eksprime rekonesans yo nan yon Anglè plen aksan: Sè Swartz, Sè Zbinden, Sè Groll, ak Sè Kackler. M p ap janm bliye santiman plen chalè sa te pote nan kè mwen.

Lè Lesa avèk mwen te vin paran, nou te kòmanse yon tradisyon ki sete pote kado Nwèl bay yon fanmi nan bezwen. Nou te souvan resevwa non yon fanmi ke yon òganizasyon charite nan kominote a te konn voye, ansanm ak laj timoun yo. Nou te konn pase anpil tan ak efò pou n te ka jwenn bon kado pou n te ba yo a. Pitit gason nou an te sanble l te pran plezi nan bagay sa a obibyen nan resevwa pwòp kado pa l nan jou Nwèl la! Tradisyon sèvis familyal sa a te ede grave vrè espri Nwèl la nan kè nou.

Nan lavi pwofesyonèl mwen, m te travay nan konsepsyon, fabrikasyon, ak vann ekipman espò toupatou nan mond lan. Ekipman tankou tapi woulan, aparèy bisiklèt, ak machin espò yo prepare pou toudabò pou fòtifye kè moun. Anfèt, nan konpayi nou an, nou te konn travay anpil pou n te asire n ke moun ki t ap itilize ekipman sa yo te ka byen mezire kondisyon ak nivo aktivite kè yo pa mwayen aparèy pou te kontwole batman kè. Jodia, anpil nan nou gen teknoloji nan ponyèt nou pou kontwole kè nou ak ankouraje aktivite pou fòtifye kè nou.

E si te gen yon mwayen pou n mezire kondisyon kè nou nan yon pèspektiv spirityèl—yon monitè kè spirityèl, si nou ta vle? Kisa monitè kè spirityèl nou an t ap di? Ki nivo sante espirityèl kè nou? Sezon Nwèl la sanble l se yon tan ideyal pou nou chak byen evalye eta kè nou.

Paregzanp, ou gen dwa mande w: “Èske kè m prepare pou m resevwa Sovè a?“ Nan sezon Nwè&l, nou souvan chante: “Se pou chak kè prepare plas pou li.”2 Kijan nou ka prepare plas nan kè nou pou Kris la, espesyalman pandan bèl epòk trè okipe sa a?

Ekriti yo ranpli ak deskripsyon ki ka ede nou evalye kondisyon kè nou. Gen kèk vèsè ki gen mo tankou “pur,”3 “dou,”4 “enb,”5 “brize,”6 ak “kontri.”7 Mo sa yo, ak anpil lòt nan ekriti yo, ede nou konprann kè Sovè a. Pou n ka resevwa l nan kè nou, asireman kè nou dwe pur ak enb tankou kè li.

Pou repete pawòl Pòl yo, nou ka efòse nou pou n gen pawòl ak kalite Jezikri yo ekri tankou yon “epit … nan kè nou, pou tout moun ki ka konnen ak li: … epit Kris la … ki pa ekri ak lank, men avèk Lespri Bondye vivan an; non pa nan tab an wòch, men nan tab lachè kè nou.”8 Sa mande plis pase swete moun jwaye Nowèl ki soti nan bouch nou. Senyè a te avèti nou kont moun ki “apwoche pre mwen avèk bouch yo, men, kè yo lwen m.”9 Pandan Nwèl sa a epi pandan tout ane a, zak jantiyès ak bon zèv nou yo se pi bon prèv ki montre ke amou nou pou Sovè a ekri nan kè nou.

Lè m ap konsidere kondisyon kè pa mwen, mwen jwenn enspirasyon ak gwo egzanp pou m suiv nan kè sakrifis ak fòs moun ki te ede etabli Legliz Jezikri yo nan premye tan Retablisman an. M ta renmen pataje yon istwa Nwèl sou yon konvèti Sen Dènye Jou ki te soti Immingham, Angletè:Mary Wood Littleton.

Mary ak mari l, Paul, pa t janm panse ke yo t ap gen pou kite lakay yo an Anglet. Men yo te tande mesaj levanjil retabli a epi yo te akeri yon temwayaj konsnan verasite li. Yo te batize, epi, jisde mwa apre, Mary ak Paul, ansanm avèk pitit yo, te vwayaje al an Amerik pou yo te reyini avèk Sen yo. Yo te rive Nouyòk 20 Desanm 1844. Senk jou apre, yo te vwayaje sou charèt pou yo t al nan Novou, Ilinwa. Jis imajine—pandan yo t ap vwayaje nan tan frèdi a sou wout difisil e danjere yo, yo te selebre premye Nwèl yo nan Amerik la.

Malgre tout chanjman sa yo, Mary te kenbe nan kè l espwa ke yon jou, fanmi l t ap kapab selebre Nwèl jan yo te konn fè an Angletè a, avèk dekorasyon, Tonton Nwèl, ak chante Nwèl. Malerezman, dezyèm Nwèl yo nan Amerik yo, an 1845, pa t twò bon—yo te pase l nan yon charyo Paul te transfòme an kay pandan fanmi an t ap lite pou yo te etabli tèt yo nan Novou. Ankò, ak yon kè plen espwa, Mary te di: “Ane pwochèn, Nwèl la ap diferan.“

Ane apre a, an 1846, twazyèm Nwèl fanmi an nan Amerik yo, Mary ak pitit li yo te twouve yo nan Winter Quarters, ap prepare pou sa k ta pral yon vwayaj long ale nan lwès nan prentan an. Bandi yo te fè yo kouri kite Novou, epi Paul te anwole nan Batayon Mòmon pou l t al nan lwès—sou plizyè santèn kilomèt. Ankò, pa t gen okenn chante Nwèl ni Tonton Nwèl. Olyesa, te gen jèn ak lapriyè pou pitit gason yuitan Mari a ki te prèske mouri anba gwo malnitrisyon. Li te sisiv, men, 25 lòt moun te mouri nan Winter Quarters nan Nwèl sa a.

Sete jis nan katriyèm Nwèl li nan Amerik yo, apre l te fin rive nan Vale Salt Lake la, ke Mary ak fanmi l te finalman selebre Nwèl ansanm nan yon bon lapè. Menm lè sa a, se pa t kalite selebrasyon l te konn genyen an Angletè yo. Men, nan yon fason, sa te menm pi bon. Nan yon jou Saba selebrasyon Nwèl, jou apre Nwèl 1847 la, Sen yo te reyini pou yo te priye, pou yo te eksprime remèsiman yo, ak chante kantik louwanj pou Bondye pou delivrans yo nan Siyon an. Youn nan kantik sa yo sete yon entèpretasyon sensè kantik “Venez, venez, sans craindre le devoir,“ la yon kantik ki te ekri pandan pyonye yo te sou wout epi l te vin tounen yon chan lafwa pou premye Sen pyonye sa yo. Nan apre, “Venez, venez, sans craindre le devoir“ la te vin rete yon kantik favori, menm yon chante Nwèl, nan selebrasyon Nwèl pyonye yo.10

Mwen kwè pwoblèm Mary yo atravè ane yo te fè yon bagay pou te chanje kè li. Li sanble l te vin wè Nwèl pi klè, avèk nouvo tradisyon Nwèl ak yon chante nan kè li. Li te vrèman devlope yon kè sakfiriski te santre nan espwa l ak lanmou l pou Jezikri.

Sezon Nwèl la sanble l se yon tan apwopriye pou n reflechi sou kijan kè nou espirityèlman ansante, epi konsa, m ap fini avèk yon senp sigjesyon ki ka ede nou mezire ak fòtifye kè spirityèl nou: M envite nou chak pou nou chwazi pou n fè yon bagay ki, nan yon fason eksteryè, eksprime santiman alenteryè nou sou Sovè nou an, Jezikri, kòm kado n ap ba li ane sa a.

Tankou Mary Littleton, nou reyini aswè a kòm disip fidèl Jezikri pou n adore li. Annou koute byen, pandan koral la ap chante avèk “koral zanj yo“ nan yon bèl kantik akeyan k ap envite “tout fidèl yo“ pou yo “vini adore, Wa zanj yo ki fèt la.“ Kèlkeswa kote n ap viv nan mond lan, nou chak ka “vini, … ak lajwa triyonfan … nan Betleyèm”—menmsi se nan kè nou—pou n adore li ak onore li.11

Mwen rann temwayaj mwen konsènan Jezikri, Sovè mond lan. Se pou nou gen Lespri Kris la ekri nan kè nou pandan tout sezon fèt sa a ak nan ane k ap vini yo, se priyè mwen, nan non Jezikri, amèn.

Enprime