Devosyon Nwèl
Douce nuit


Douce nuit

M vle rakonte w de istwa m te viv ki rete nan lespri m pandan dèzane e ki jiska jodia ap anseye m leson ke m bezwen.

Premye a te rive lè m te gen sizan. Direktè mizik nou an nan 5kyèm Pawas Hunter la sete Sè Bererly Whitley. Mwen reyalize kounyeya ke l te siman pa t menm gen 40 tan, men li te gen pitit ki te adolesan e ki te sanble yo te plen matirite ak sajès pou noumenm ki te nan Primè jinyò a. Li te amizan epi l te trete nou kòmsi nou sete mini adilt, e nou te renmen sa. Nou te admire l epi nou te eseye fè l plezi. Li te konn di nou ke nou te ka chante si fò ke paran nou te ka tande nou nan lòt sal la. Pa rele—men vrèman chante! Epi nou te konn chante ak tout kè nou. Li te anseye nou chan nan liv kantik adilt yo tou, paske l te di l te konnen nou te mizisyen ki te gen ase matirite pou n te kapab memorize mo difisil yo. Li te eksplike sa tout pawòl yo te vledi pou nou te ka konprann. Li te anseye nou tou ke chak chan gen yon mesaj espesyal jis pou noumenm epi, si nou pase ak pawòl yo, n ap jwenn mesaj li genyen pou lavi nou an.

Nwèl sa a, m te eseye aplike sa Sè Whitney te anseye nou an pandan m t ap aprann tout kouplè kantik ”Douce nuit” an. Kounyeya, mwen mande tradiktè yo ekskiz paske sa pral konplike. Lè m te yon tigason sizan, m te panse anpil sou pawòl ki nan twazyèm kouplè yo, men m pa t konprann virgil la. Olye m te chante: ”Pitit Bondye, limyè amou pur,”ki vledi Jezi sete ekspresyon limyè ki jayi soti nan amou pur, m te panse l te vle di ke Pitit Bondye a renmen limyè pur—li adore tout bagay ki fèt avèk limyè pur. Pandan m t ap panse tankou Sè Whitney, m te eseye figire kijan mwenmenm tou m te ka ”renmen limyè pur” menmjan ak Jezi.

Dezyèm istwa a te rive lè m te gen nevan. Tankou anpil timoun nan laj sa a, m t ap pran leson pyano. M pa t twò bon ladan, epi, petèt pou ankouraje m, evèk mwen te mande si m te ka jwe yon chan Nwèl nan reyinyon Sentsèn nan lavèy Nwèl. M te deside jwe ”Douce nuit.” Pwofesè pyano m nan te ede m prepare m. Paran m te koute m ap jwe l literalman 100 fwa sou pyano nwa k te nan sousòl nou an. Gen yon moun ki te mansyone ke petèt m ta ka memorize chan an epi pa itilize fèy mizik la, men m te sitèlman strese palefèt ke m t apral gen pou m jwe devan tout moun nan ke m pa t ka memorize mizik la. Olyesa, m te vini avèk yon plan. M t ap mache ak patisyon mizik la men, olye m te mete l sou pyano a, m t ap mete l sou janm mwen pito. Konsa m t ap ka gade men m ansanm ak mizik la, epi sa t ap parèt kòmsi m te memorize li. Plan sa a te byen mache pandan prèske 20 segond. M te mete mizik la sou jip tafta Nwèl mwen an epi m te kòmanse jwe, men, twal jip la sete yon twal tankou swa epi, nan mitan premye kouplè a, fèy mizik la te glise desann epi l te disparèt anba pyano a. M te pran. Pa t gen okenn fason pou m te rejwenn fèy mizik la, epi m pa t ka panse anyen. M te sere dan m epi m te eseye fè pi byen m te kapab. Sete yon dezas total.

Mwen te teribman jwè anpil move nòt, e m te ka wè moun yo nan asanble a k t ap sere dan yo. M te fè yon melimelo nan dezyèm kouplè a. M te kite twazyèm kouplè a epi m te kouri desann sou chè a avèk figi m tou wouj ap eseye pa kriye. Paran m te mande: ”Sa k pase w?” Ou konn chan an sitèlman byen.” M pa t ka tann pou m te kite legliz la. M pa t anvi wè okenn moun ni pale ak okenn moun; m te santi m imilye ak anbarase. Lè reyinyon an te fini, enstriktris Lekòldidimanch mwen an, Sè Alma Heaton, te vin kote m. M te eseye eskive li men li te pran men mwen. Olye l te di m kijan sa te bon, ke tout moun te konnen ki pa t vre, li te di m yon bagay m ap toujou sonje pou rès lavi mwen. Li te di: “Sharon, sa pa enpòtan fason w te jwe a. Tout moun te wè ki kantite efò w te mete ladan l, e nou renmen w ke w ka jwe pyano ou pa.“

Sa sete verite onèt la. Men sa pa t sitèlman mal jan m te panse a. Verite a sèke m te travay di, epi yo te renmen m menmsi m pa t ka jwe pyano. Mwen te fè yon ti souri epi li te ban m yon gwo akolad epi toudenkou tout bagay te anfòm.

Beverly Whitley ak Alma Heaton pa t fè anyen ekstraòdinè. Yo pa t ekri anyen nan jounal yo jou swa sa a. Okenn nan fanmi yo pa t konn istwa sa yo. Yo te senpleman anseye timoun piti yo kijan pou yo te chante ak kijan pou yo te aprann levanjil la. Kisa k ta ka pi senp pase sa? Men li pa t senp. Si w mande kisa sa sanble lè yon moun ”renmen limyè pur,” enben, sa sanble ak Beverly Whitley. Sa sanble ak Alma Heaton. Yo chak te rekonèt ”limyè pur” yon timoun ki t ap eseye otan l te kapab e yo te renmen l poutèt sa, menmsi sa pa t mache pafètman.

Se konsa Pè Selès nou an ye. Li wè nou, timoun piti l yo, k ap eseye. Efò nou pa toujou reyisi, men li konn konbyen nou travay di---pafwa nou manje dan nou epi nou plonje nan yon katastwòf---e li renmen nou pou sa. Pou tout mizik dezakòde, ki mal sonnen, ke nou pa ka rekonèt, li te voye Sèl Pitit Gason Literal li a, ki se amou pur. Jezikri ap repare tout move nòt epi l ap rachte tout move amoni si nou vire vè li epi nou mande l èd li. Gras ak nesans, Sakrifis Ekspyatwa, ak lanmò Jezikri, nou tout ka dòmi nan lapè selès.1

Ala m kontan pou sezon Nwèl sa a pou m chante chan ki gen yon mesaj espesyal Sovè mond lan pou moun ki gen kè plen doulè yo. Mwen pwomèt nou menm bagay Sè Whitley te pwomèt timoun Primè l yo. Si nou panse ak pawòl n ap chante yo sezon sa a, n ap jwenn yon mesaj divin ki la espesyalman pou nou e ki ap elve nou ak rekonfòte nou. Men youn mwen jwenn pou sezon Nwèl sa a. M t ap panse ak tout moun èd imanitè nou yo pa t ka atenn yo ak fason nasyon yo pafwa rann ni difidil pou nou lonje lamen bay frè ak sè n k ap soufri. Epi, maten an, nan Sosyete Sekou, m te pote atansyon a sa nou t ap chante a:

Beni tout pitit ou yo nan lanmou eman ou,

Epi prepare nou pou syèl la, pou n viv avèk ou ladan.2

Mwen temwaye de limyè pur Pitit Gason Bondye a; li se limyè lanmou pur la. Nan non Jezikri, Amèn.

Nòt

  1. “Douce nuit! Sainte nuit!,” Cantiques, no. 127.

  2. “Au loin, dans l´étable,” Cantiques, no. 126.

Enprime