“Ayiti: Apèsi,” Istwa Global: Ayiti (2019)
“Ayiti: Apèsi,” Istwa Global: Ayiti
Yon Brèf Istwa sou Legliz la an
Ayiti
Apèsi
An 1977, apre l te fin li yon bwochi ki te gen temwayaj Joseph Smith la ladan l, Alexandre Mourra te fè aranjman pou misyonè yo te anseye l epi li te batize nan Fort Lauderdale, Florida. Lè l te retounen Pòtoprens, li te preche levanjil la epi l te òganize reyinyon regliyèman nan Hatte-Marré. An Jiyè 1978, 22 konvèti Ayisyen te batize epi yon branch te òganize avèk Mourra kòm prezidan.
Levanjil la te gaye rapidman an Ayiti. An 1983, lè Èldè Thomas S. Monson nan Kolèj Douz Apot yo te konsakre Ayiti pou predikasyon levanjil la, yon distri avèk branch tout kote nan peyi a te òganize. Devan dezakò politik, enstabilite ekonomik, ak dezas natirèl, Sen Ayisyen yo te montre konstans yo ak fidelite yo. An 1991, lè yon koudeta te fòse misyonè etranje yo kite peyi a, Fritzner ak Gina Joseph, premye Ayisyen ki te prezide sou misyon Pòtoprens la, te dirije yon fòs misyonè ki te fèt avèk Ayisyen sèlman pandan yo te kontinye preche levanjil retabli a. Lè yon tanpèt twopikal te detwi Gonayiv an 2008 epi apre sa lè yon tranblemandtè te plati anpil vil nan tout peyi a, Sen Ayisyen yo te ede vwazen yo nan distribye asistans Legliz la te bay ak nan ede rebati. Sen Ayisyen yo te jwenn laverite nan deklarasyon Pòl la: “Menm jan nou soufri ak Kris la nan tout soufrans li yo, konsa tou, gremesi Kris la, nou resevwa yon gwo ankourajman” (2 Korentyen 1:5).
An 2015, Sen Ayisyen nan tout mond lan te rejwi lè yo te tande anons konstriksyon yon tanp nan Pòtoprens. Tanp Pòtoprens Ayiti a te konsakre an 2019.
Fè An Brèf
Non Ofisyèl: Repiblik dAyiti/République d’Haïti/Repiblik Ayiti
Kapital: Pòtoprens
Pi Gwo Vil: Pòtoprens
Lang: Fransè ak Kreyòl Ayisyen
Sipèfisi: 27.750 km2 (10.710 mi2)
Entèrejyon Legliz : Karayib
Misyon: 1 (Pòtoprens)
Kongregasyon: 46
Tanp: 1 (Pòtoprens)