Istwa Legliz la
Sen Ayisyen Aletranje


“Sen Ayisyen Aletranje,” Istwa Global: Ayiti (2019)

“Sen Ayisyen Aletranje,” Istwa Global: Ayiti

Sen Ayisyen Aletranje

Imaj
Pawas Ayisyen nan Florida

Manm Pawas Linton, pawas Kreyòl nan sid Florida, 2017.

Pandan dènye deseni yo, nan mitan twoub sivil ak difikilte ekonomik, anpil Sen Dènye Jou Ayisyen te kite Ayiti pou yo t al chèche opòtinite lòt kote. Nan kominote gwoup moun ki pale kreyòl nan Kanada, Repiblik Dominikèn, Gwadloup, ak Etazini, Sen Dènye Jou yo pataje levanjil la avèk konpratriyòt yo.

An 1995, yon bèlsè l te envite Dulia Odiès ki abite Boston pou l t al asiste legliz avèk yon ti gwoup Sen Ayisyen. Dulia raple l “Santiman m te genyen lè m te asiste reyinyon sentsèn nan pou lapremyèfwa a te diferan.” “M te santi yon bagay nan kè m, e m te santi m byen.” Yon ane apre, Odiès te batize. An 1998, yo te òganize gwoup la ki te grandi vin tounen yon branch, ki te vin tounen yon pawas apresa. Odies te obsève “Manm nan pawas Ayisyen yo anbrase w.” “Yo fè w santi w espesyal, epi w santi lanmou yo.”

Depi kreyasyon Branch Ayisyen Boston an, lòt inite te kreye Florida; Monreyal ak Laval nan Kebèk, Kanada; Santo Domingo, Repiblik Dominikèn; ak Basse-Terre ak Les Abymes nan Gwadloup. Sepandan, malgre distans yo de peyi yo, Sen Ayisyen sou tout tè a te rejwi lè yo te anonse yon tanp nan Pòtoprens. Odies di “Ou pa p ka imajine kijan nou te santi nou.” “Nou tout t ap kriye.” Tanp Pòtoprens, Ayiti a, te konsakre an 2019.

Enprime