Istwa Legliz la
Limyè k ap Pèse


“Limyè k ap Pèse,” Istwa Global: Ayiti (2019)

“Limyè k ap Pèse,” Istwa Global: Ayiti

Limyè k ap Pèse

Sen an Ayiti yo te kontan epi yo te gen dlo lajwa nan je yo an Avril 2015 lè Prezidan Legliz la, Thomas S. Monson, te anonse konstriksyon yon tanp nan Pòtoprens. Pou Fritzner Joseph, ki t ap sèvi yon misyon an Ayiti ak madanm li, Gina, anons sa a te raple yo souvni de 1983. Nan ane sa a, li te monte sou tèt Mòn Boutilye a avèk Èldè Monson, ki lè sa a te manm Kolèj Douz Apot yo, lè Monson te konsakre Ayiti pou predikasyon levanjil la. Pandan yo t ap gade vil kapital la jis anvan yo te ofri priyè a, gen gwo nyaj ki te vini, ki te bouche vizyon yo. Monson te priye “Ke Lespri w briye sou [Ayiti], e beni manm legliz yo an patikilye.”

Joseph raple l: “Lè nou te louvri zye nou, nou te ka wè vil la.” Li te briyan ankò.”

Limyè ki te pèse nan mitan nyaj yo jou sa a a te vin tounen yon metafò pou Joseph pandan l t ap gade devlopman Legliz la an Ayiti. “Lavi m te kòmanse lè m te jwenn Legliz la,” li di pandan l t ap reflechi sou konvèsyon li an 1979. “Wayòm Bondye a te vin anpremye.” An 1981, li te vin premye Ayisyen ki te sèvi yon misyon aplentan epi yo te aple l pou l te sèvi nan Porto Rico. Kòm yon moun ki pale kreyòl ki t ap eseye aprann espanyòl nan men enstriktè l yo ki te pale anglè, Joseph te santi l dekouraje. Yon lèt Alexandre Mourra te voye ba li te fè l sonje ke, atravè lafwa li, Bondye t ap ka ansenye l lang nan.

Apre misyon li, Joseph te marye avèk Gina Michel epi yo te kòmanse yon fanmi. An 1988, li te pran yon travay pou sipèvize seminè ak enstiti an Ayiti. Li te grandman santi ke travay li a te siyifikatif. Nan yon peryòd kote pifò konvèti an Ayiti yo sete gason ak fi ki te gen laj inivèsite, Joseph te di, “Yo pral kreye fanmi ki solid, yon legliz solid, ak yon peyi solid.” An 1991, apre latwoublay politik te fòse misyonè etranje yo kite Ayiti, Joseph te vin prezidan Misyon Ayiti Pòtoprens la, kote tout misyonè l yo se te ansyen elèv enstiti li.

Pandan twa pwochen deseni yo, Joseph te gade Sen yo ki t ap sipòte youn lòt atravè pwoblèm ekonomik, pwoblèm politik, trajedi pèsonèl, ak dezas natirèl. “Nou travèse anpil jou fènwa ak pwoblèm nan peyi nou an. Joseph te reflechi, Men apresa, limyè a ap vini.” “Se sa k te pase lè [Prezidan Monson] te anonse tanp lan. O, ala yon benediksyon!”

Fritzner ak Gina, ki te vwayaje 2,300 km (1430) ale Washington D.C. an 1990, pou yo te vin premye koup Ayisyen ki te sele nan tanp sa a, rejwi pou chans yo genyen pou yo ede lòt moun prepare pou yo ale nan tanp. Joseph di “Avèk pwoblèm ki genyen pou prepare pou yon tanp, nou isit la pou nou travay di epi pou bay tout sa nou kapab.” An Septanm 2019, Fritzner ak Gina Joseph te vin premye prezidan ak matwòn Tanp Pòtoprens Ayiti a.