2009
Yon chans pou chanjman
Jiyè 2009


Yon chans pou chanjman

Mwen manm legliz la depi setan. Pandan tan sa a, mwen te toujou konnen ke sa a se sèl vrè Legliz Senyè Jezikri a, men te gen yon moman nan lavi m, mwen pa t twò aktif.

Pwoblèm nan te kòmanse lè fanmi nou te deplase ale nan yon lòt vil. Sa te pran nou kèk mwa pou n te lokalize chapèl kote nou te sipoze ale a ak kèk lòt semèn pou nou te kòmanse ale ladan. Mwen pa t twò kontan chanjman an, epi apre kèk semèn, mwen te sispann ale.

Yon jou mwen te resevwa vizit evèk mwen ki te sanzatann men byenveni. Li te envite m pou m retounen legliz jou Dimanch yo epi pou m te ale nan seminè. Mwen te deside aksepte envitasyon sa yo.

Kèk semèn apre m te kòmanse retounen legliz la, evèk la te prezante m pwogram Devwa anvè Bondye a. Li te eksplike kisa k te ladan, epi mwen te vin enterese kòmanse li.

Mwen te kòmanse ranpli epi akonpli objektif ki nan bwochi yo. Mwen te kòmanse reyalize ke pwogram Devwa anvè Bondye a t ap ede m chanje lavi mwen vin pi bon. Mwen te vin pi aktif nan legliz la epi m te renmen ale nan seminè. M ap eseye viv prensip legliz yo pi byen, e mwen renmen li ekriti yo ak Lyawona a.

Lè m te kòmanse pwogram Devwa anvè Bondye a, mwen te fikse bi tankou ale nan misyon ak ale nan lekòl segondè prive Sen Dènye Jou Benemérito de las Américas la, ansanm avèk anpil lòt objektif. Nan Otòn pase a, mwen te resevwa Pri Devwa anvè Bondye a ak Prètriz Melkisedèk la, epi mwen pral nan misyon talè konsa.

Mwen remèsye Papa nou ki nan Syèl la chak jou paske li te ban m chans pou m te chanje vin yon manm diy legliz li a. Mwen rekonesan pou pwogram yo ak dirijan legliz yo ki te ede m chanje a.

Enprime