2009
Papye Joseph Smith yo: Maniskri liv revelasyon yo
Jiyè 2009


Papye Joseph Smithyo: Maniskri liv revelasyon yo

Maniskri liv revelasyon yo gen anpil nan kopi revelasyon nou konnen Joseph Smith te resevwa yo epi li bay apèsi sou pwosesis revelasyon an.

Imaj
Elder Marlin K. Jensen

Nan ane 1970 yo espesyalis Sen Dènye Jou yo te kòmanse rekonèt benefis ki te genyen nan rasanble ak fè dokiman konsènan lavi ak travay Joseph Smith yo disponib pou piblik la. Pwojè Papye Joseph Smith la se rezilta yon long travay dè dizèn ane. Espesyalis pwojè yo vle rasanble tout jounal, koresponsdans, diskou, revelasyon, istwa ekri, nòt, ak papye legal—tout bagay ekri ke Joseph Smith te pwodui oubyen dirije pou kreye.

Lè l fini, pwojè Papye Joseph Smith yo ap gen apeprè 30 volim ki gen plis pase 2.000 dokiman. Volim yo apral divize an sis seri baze sou degre enpòtans yo: dokiman, istwa, jounal, papye administratif, zafè legal ak biznis, ak revelasyon ak tradiksyon. Nan founi repwodiksyon (vèsyon tape) tout dokiman orijinal yo, Papye Joseph Smith yo apral bay savan yo ak lòt moun ki enterese yo tèks ki byen lizib pandan ke l ap redui bezwen pou manyen ak menm andomaje dokiman istorik frajil sa yo tou. Chak repwodiksyon pase pa yon pwosesis twa etap ki reponn ak prensip akademik yo pou asire ke tèks yo byen repwodui.

Etid sous istorik sa yo, patikilyèman nan premye fòm yo, bay etidyan k ap etidye sou Joseph Smith yo yon konpreyansyon anrichi sou lavi Pwofèt la ak devlopman Legliz retabli a. Papye Joseph Smith yo apral rann rechèch istorik detaye yo pi fasil tou. Dokiman yo loje nan anpil kote —enkli koleksyon ki kenbe pa Legliz la, inivèsite, sosyete istorik, ak pwopriyetè prive—apral pibliye epi disponib nan plizyè kote ak finalman sou Entènèt. Paske pwofè konplè sa a apral ofri yon gwo etandi sous prensipal, enkli anpil ke espesyalis yo pa t ap kapab jwenn otreman, Papye Joseph Smith yo pral elve nivo ak klète etid ka pral fèt apre konsènan Joseph Smith ak istwa Legliz la.

Revelasyon yo ak seri tradiksyon yo

Volim nan seri ki rele “Revelasyon ak Tradiksyon yo” pral repwodui premye maniskri revelasyon ak tradiksyon ekri Joseph Smith yo, ansanm avèk edisyon ofisyèl dokiman sa yo jan yo te pibliye pandan lavi l la. Piblikasyon sa yo gen premye edisyon Liv Mòmon an (1830); premye piblikasyon yon koleksyon revelasyon Joseph Smith, ki rele Yon Liv Kòmandman (1833; ak premye edisyon Doktrin ak Alyans yo (1835).

Youn nan priyorite Pwofèt la apre òganizasyon Legliz la an 1830 lan sete anrejistreman ak prezèvasyon revelasyon l yo. Malgre pat gen plis rejis konplè ki te parèt anvan 1832, Joseph Smith ak John Whitmer nan ete 1830 te kòmanse rasanble revelasyon Pwofèt la te resevwa rive nan moman sa yo. Rive nan omwen Mas 1831, John Whitmer te kòmanse kopye premye koleksyon maniskri revelasyon yo vin tounen sa l te rele “Liv Kòmandman ak Revelasyon an.” Liv maniskri sa a, ke editè Papye yo te rele Revelasyon Liv 1 an, gen bagay yo te kopye nan zòn Mas 1831 rive nan mitan 1835.

Lè yo te resevwa tach pandan konferans Novanm 1831 Legliz la te fè nan Ohio pou pibliye revelasyon yo te rasanble yo, John Whitmer and Oliver Cowdery te pote “Liv Kòmandman ak Revelasyon” an Misouri kote, ansanm avèk W. W. Phelps yo te prepare piblikasyon Yon Liv Kòmandman an (gade D&A 67). Rive nan kòmansman 1832, avèk premye liv maniskri revelasyon an nan Misouri, Joseph ak sekretè l yo te founi yon lòt liv kote yo te kopye revelasyon yo. Dezyèm liv sa a, ki koni kòm “Liv Revelasyon Kirtland” nan, klase kòm Revelasyon Liv 2 pa editè Papye yo. Li te kreye soti nan fen Fevriye oswa kòmansman Mas 1832 rive nan fen 1834. Premye volim nan Seri Revelasyon ak Tradiksyon an genyen de liv maniskri revelasyon sa yo.

Atravè etid plen swen, espesyalis Pwojè Papye Joseph Smith yo te detèmine ke “Liv Kòmandman ak Revelasyon” an te sèvi kòm sous prensipal pou piblikasyon Yon Liv Kòmandman 1833 a epi ni “Liv Kòmandman ak Revelasyon” an ni “Liv Revelasyon Kirtland” nan te vin baz pou premye edisyon Doktrin ak Alyans yo an 1835. Yo pa t itilize liv maniskri sa yo ankò apre piblikasyon Doktrin ak Alyans yo men yo te sere yo presyezman avèk lòt anal Legliz yo. Revelasyon apre yo te anrejistre nan liv rejis ak jounal Joseph Smith yo, osibyen nan papye evèk yo, Apot yo, ak lòt disip yo.

Apre piblikasyon Doktrin ak Alyans yo an 1835, yo te inyore de liv maniskri sa yo paske volim pibliye yo te disponib. Sepandan, espesyalis aktyèl yo te vin enterese anpil nan egzamine premye maniskri revelasyon Joseph Smith yo. Liv Revelasyon 2 a pa t aksesib jiskaske Legliz la te pibliye imaj maniskri orijinal yo kòm pati koleksyon DVD Koleksyon chwazi nan Achiv2002 l la.1 Epitou, se sèlman nan ane k sot pase yo ke espesyalis yo te kòmanse rekonèt valè Liv Revelasyon 1 an, ki te an posesyon Premye Prezidans lan.

Liv Revelasyon 1 an gen premye kopi koni sou anpil revelasyon epi, nan kèk ka, sèl kopi premye maniskri ki siviv yo. Li sete sous pou revelasyon k te pibliye nan premye nimewo jounal Legliz la The Evening and the Morning Star (Letwal maten ak aswè a). Kat paj ke yo te retire nan liv la yon lè yo aktyèlman an posesyon Community of Christ Library-Archives nan Independence, Missouri, epi yon an faz repwodiksyon avèk pèmisyon nan nanPapye Joseph Smith yo.

Liv Revelasyon 1an se prèske yon koleksyon konplè premye revelasyon yo, ki gen 64 nan 65 dokiman ki te pibliye an 1833 yo nan Yon Liv Kòmandman an2 osibyen ke 95 nan 103 seksyon k te pibliye an 1835 yo nan Doktrin ak Alyans yo. Se sèlman 10 atik nan liv maniskri a ki pa parèt ni nan Yon Liv Kòmandman an ni nan Doktrin ak Alyans 1835 la.

Preparasyon maniskri Liv Revelasyon an pou piblikasyon pandan epòk Joseph Smith la

Youn nan tach Joseph Smith nan repase maniskri yo anvan piblikasyon yo sete pou “korije fot oswa erè li te ka dekouvri pa mwayen Sentespri a.”3 Joseph te konnen apati eksperyans ke pwosesis imen ekri revelasyon yo, kopye yo vin tounen liv maniskri, epi apresa pase yo nan plizyè men an preparasyon pou piblikasyon an t ap inevitabman mennen anpil erè envolontè. Sa te mande chanjman pafwa pou klarifye tèm yo. Pafwa, revelasyon apre yo te konn ranplase oubyen fè mizajou sou revelasyon k te resevwa anvan yo, sa ki te konn nesesite edisyon dokiman pou modifye premye vèsyon yo. Anpil lòt chanjman te konn fèt tanzantan tou. Anpil nan yo, tankou divize tèks la an vèsè oubyen klarifye sans, pa t enplike gwo koreksyon.

Joseph te sanble l konsidere maniskri revelasyon yo kòm pi bon efò li pou kapte vwa Senyè a ki te konsanti pou kominike nan sa Joseph te rele “lang tòdye, defòme, gaye, ak enpafè” lèzòm.4 Prefas revele pou revelasyon pibliye yo sanble l eksprime prensip sa a tou: “Gade, m se Bondye epi m te di sa; kòmandman sa yo soti nan mwen, epi m te bay sèvitè m yo kòmandman sa yo nan feblès yo, dapre langaj pa yo” (D&A 1:24).

Joseph ak asosye l yo te resevwa tach pa desizyon konferans Legliz yo pou prepare revelasyon yo pou piblikasyon nan korije tèks yo. Analiz ki fèk sot fèt sou toulède liv revelasyon yo revele kijan ak kilè anpil nan chanjman yo te fèt. Pa egzanp, kèk chanjman te fèt anvan atik seleksyone yo te pibliye nan Misouri, pandan ke gen lòt ki te fèt an Ohio anvan piblikasyon Doktrin ak Alyans yo an 1835 la.

Youn nan egzanp ki pi komen enplike chanjman k te fèt pa Sidney Rigdon yo. Li te souvan chanje langaj ansyen nan revelasyon Bib Anglè a vin nan langaj modèn epòk nou an. Anpil nan chanjman sa yo te vin refòme nan apre. Li te korije gramè a epi chanje kèk langaj tou pou klarifye ak modifye pawòl yo ak sans yo.

Nan kèk ka, plis chanjman enpòtan te fèt lè yo t ap mete revelasyon yo ajou pou Doktrin ak Alyans 1835 la. Pa egzanp, seksyon 20 an ki te vini orijinalman an 1830, anvan anpil nan règleman lidèchip Legliz la jan nou konnen l jodi a te revele bay Joseph Smith. Rive 1835 Joseph te òganize anpil ofis ak kowòm pa revelasyon. Pou te enkli lòd eklezyastik ki te fèk revele sa a, yo te antre anpil chanjman tèks ak lòt bagay anplis nan seksyon 20 an. Pa egzanp, vèsè 65–67 nou genyen kounyeya sou òdone gason yo nan ofis Prètriz la, te revele apre piblikasyon 1833 a epi nan apre yo te ajoute li nan piblikasyon 1835 la.

Joseph Smith te repase anpil nan chanjman moun ki t ap travay avèk li yo te fè epi l te ajoute kèk ti modifikasyon avèk men pa li anvan Yon Liv Kòmandman an te pibliye an 1833 a. Li te fè lòt chanjman, enkli ajoute non pou moun ki mansyone nan revelasyon yo, jis anvan Doktrin ak Alyans yo te pibliye an 1835.

Nan zòn 1834–35 yo nan Kirtland, Ohio, yo te itilize Liv Revelasyon 2 a pou preparasyon Doktrin ak Alyans 1835 la, epi tout atik nan liv maniskri a, sof yuit ladan yo, te pibliye nan volim 1835 sa a. Yon lòtbò, se sèlman twa nan revelasyon ki kopye nan liv la ki te pibliye nan Yon Liv Kòmandman an an 1833. De nan revelasyon nan liv maniskri a te pibliye pou premyefwa nan Doktrin ak Alyans 1844 la.

Anpil chanjman edisyon atravè edisyon Doktrin ak Alyans 1981 an te mennen chanjman mo pafwa, men pi gwo chanjman yo te fèt sou direksyon Pwofèt Joseph pou edisyon 1835 la.

Infòmasyon Nèf

Nan edisyon liv maniskri sa yo, editè Papye yo te dekouvri infòmasyon nèf. Pa egzanp, espesyalis ki enterese nan istwa lavi Joseph Smith yo te toujou konte sou fason yo te konn date anpil nan premye revelasyon yo dapre mwa a sèlman. Liv Revelasyon 1 an bay dat espesifik anpil nan revelasyon sa yo. Epitou, brèf entwodiksyon istorik John Whitmer la pou anpil nan revelasyon yo bay kontèks istorik yo pou espesyalis yo tou.

Atravè bon jan analiz, espeyalis yo te vin kapab idantifye ekriti alamen yo pou pifò nan tras koreksyon yo nan paj maniskri yo. Lè Seri Revelasyon ak Tradiksyon an pibliye, imaj dokiman yo avèk transkripsyon yo pral rantre nan paj anfas yo a. Konsa, lektè yo apral kapab wè ekriti orijinal yo, tras koreksyon yo, ak menm estrikti dokiman yo men yo pa pral bezwen ekspè pou dechifre ekriti yo. Chanjman ki te fèt nan dokiman orijinal yo apral parèt an koulè nan repwodiksyon yo pou lektè yo kapab idantifye ekriti alamen moun ki te ekri sou chak paj yo.

Yon lòt devlopman enteresan nan travay sou Seri Revelasyon ak Tradiksyon an sete idantifikasyon yon revelasyon ki pa t pibliye anvan sa pou sekirize yon dwa otè pou Liv Mòmon an nan Kanada. Apre l te fin kite legliz la, David Whitmer te raple l ke revelasyon an te pwomèt siksè nan vant dwa otè a, men lè mesye ki te gen tach sa a te retounen, Joseph Smith ak lòt yo te desi pa sa k te parèt yon echèk pou yo. Istoryen yo te toujou konte sou deklarasyon David Whitmer, Hiram Page, ak William McLellin pandan dèzane men yo pa t gen tèks revelasyon an. Liv Revelasyon 1an apral bay li.

Malgre ke nou toujou pa konnen tout istwa a, patikilyèman pwòp opinyon Joseph Smith sou sitiyasyon an, nou konnen ke rele kominikasyon divin sa a yon “revelasyon ki echwe” pa jistifye. Direksyon Senyè a klèman di ke siksè nan vant dwa otè a depann sou diyite moun k ap chèche fè vant lan osibyen sou kapasite achtè potansyèl yo pou resevwa lespri a tou.5

Nouvo konpreyansyon Pwofèt la

Mizajou ak piblikasyon tèks revelasyon yo nan premye ane Legliz yo demontre pwosesis revelasyon kontini an rive nan Joseph Smith. Maniskri revelasyon yo revele kijan moun te lite pou asire yo ke ide ak doktrin Joseph te resevwa yo te ekri ak enprime byen klè—yon pwosesis ki riske entwodwi erè pou piblikasyon nenpòt dokiman. Nan kèk ka, lè yon nouvo revelasyon te chanje oubyen mete sa k te deja resevwa anvan an ajou, Pwofèt la te pibliye revelasyon ekri anvan an pou l reflete konpreyansyon tounèf la. Konsa, menmjan konesans doktrinal li te klarifye ak elaji a, se menmjan pou revelasyon ekri yo tou. Yo te karakterize pa nati chanjan konpreyansyon li sou zafè sijè sakre a. Pwofèt la pa t kwè ke revelasyon yo, yon fwa yo anrejistre, pa t kapab chanje pou plis revelasyon.

Prezèvasyon ak piblikasyon maniskri liv revelasyon sa yo founi yon resous enpòtan pou etidyan istwa Legliz yo. Pwojè sa a ap mennen yon pi gwo konpreyansyon sou fason revelasyon ekri nou yo te òganize ak pibliye, osibyen sou gwo apèsi nan lespri ak entansyon Joseph Smith. Yon etid sou liv revelasyon sa yo ap ogmante non sèlman konesans nou men temwayaj nou nan rekonèt plan revelasyon kontini Senyè a ki satisfè bezwen pou chanjman tout tan nan yon Legliz k ap grandi.

Nòt

  1. Richard E. Turley Jr., ed., Koleksyon chwazi nan Achiv Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo (DVD, 2002).

  2. Sèl revelasyon ki pibliye nan Yon Liv Kòmandman an ke nou pa jwenn nan Liv Revelasyon 1 an se Revelasyon , Me 1829–B, nan Yon Liv Kòmandman 11 la (gade D&A 12).

  3. Minit Liv 2 a (ke yo rele tou “Far West Record”), Nov. 8, 1831.

  4. Joseph Smith pou William W. Phelps, Nov. 27, 1832, in Personal Writings of Joseph Smith, comp. Dean C. Jessee, rev. ed. (2002), 287.

  5. Gade Liv Revelasyon1, 30–31.

Joseph Smith Jr. Resevwa revelasyon, pa Daniel Lewis

Foto liv maniskri koutwazi Pwojè Papye Joseph Smith la; foto Yon Liv Kòmandman an pa Eldon K. Linschoten; Joseph Smith Jr., pa Dan Weggeland, koutwazi Mize Istorik Legliz la

Youn nan priyorite Pwofèt la apre òganizasyon Legliz la an 1830 lan sete anrejistreman ak prezèvasyon revelasyon l yo.

Anba a: Liv Revelasyon 1an. Anwo adwat: Liv Revelasyon 2 a. Anba adwat: Premye edisyon Yon Liv Kòmandman an.

Joseph sanble l te konsidere maniskri revelasyon yo kòm pi bon efò li pou kaptire vwa Senyè a.

Ekriti Joseph smIth pa dan Weggeland, koutwazi mize istorik legliz la

John Whitmer

Sidney Rigdon

Joseph Smith

William W. Phelps

Enprime